Le Réseau réclame une commission d’enquête binationale su les violences de Neyba et Guayubin
{Setyèm Asanble Jeneral Rezo Fwontalye Jano Siksè kondane masak sou Ayisyen nan Neyba ak Guayibin, nan Repiblik DominikènNòt pou laprès, 29 novanm 2008}Nan okazyon setyèm asanble jeneral sa a, nou menm Ayisyen ak Dominiken nan Rezo a, ki reyini nan Sant Jakzil, nan Tèrye Wouj, pou reflechi sou sitiyasyon Dwa Moun an jeneral, patikilyèman « Dwa Moun nan mache Fwontalye yo » ki se tèm santral asanble a, epi ankouraje bon jan relasyon ak solidarite nan mitan 2 pèp yo, nou kondane tout zak vyolans ki fèt sou Ayisyen nan Repiblik Dominikèn nan lane 2008 la, espesyalman masak nan Neyba, nan fen mwa oktòb 2008 la.Rezo a te konstate ak anpil doulè kijan nan Neyba (Sid Repiblik Dominikèn), plizyè Dominiken ak manchèt, zam, wòch touye pou pi piti 3 Ayisyen epi blese plis pase yon kenzèn lòt apre yo te fin akize, san okenn prèv, yon Ayisyen nan zak sasinay yon Dominiken ki rele Julio Cesar Perez, 35 lane. Apre zak sila, nou te sezi wè kouman otorite dominikèn yo voye tounen an Ayiti, nan sèlman 2 jou, plis pase 650 Ayisyen –Ayisyèn, ladan yo anviwon 200 timoun sou pretèks y ap pwoteje yo. Nan menm peryòd sa, Dominiken nan zòn Guayubin, nòdès Repiblik Dominikèn boule pou pi piti 45 kay Ayisyen-Ayisyèn apre yo te fin akize youn ladan yo nan zak sasinay yon Dominiken ki rele Alcibiades Jimenez, 80 lane.Nou menm, manm Rezo Fwontalye Jano Siksè mande 2 Leta yo pou monte yon bon jan komisyon binasyonal pou mennen yon ankèt serye sou zak sa yo epi bay rezilta ankèt sila. Fòk lajistis dominikèn kontinye arete epi pini tout moun ki koupab yo, repare moun ki viktim yo epi pran bon jan mezi pou zak sa yo pa repete ankò. Bò kote pa l, Leta ayisyen dwe pran sou responsablite l moun yo rapatriye yo, sitou sa ki pase anpil lane sou tè dominiken e ki kite tout afè yo dèyè; epi li dwe reprezante viktim yo nan tout etap devan lajistis dominikèn. Yon lòt kote, soti janvye pou rive òktòb 2008, militè ak sivil dominiken asasinen ppo piti 9 Ayisyen-Ayisyèn epi blese divès lòt. Otorite Repiblik Dominikèn yo rapatriye plis pase 20000 Ayisyen soti oktòb 2007 pou rive me 2008 san yo pa respekte Akò 1999 la ki di kijan rapatriman dwe fèt ni Lwa entènasyonal yo ki gen awè ak kesyon Dwa moun.Malgre zak rapatriman sa yo, vwayaj san papye yo toujou kontinye sou fwontyè a. Soti janvye pou rive oktòb 2008, Rezo a anrejistre nan zòn kote l ap fè vijilans yo 68730 moun ki travèse ale sou tèritwa dominiken, ladan yo 49703 gason, 16414 fanm ak 2613 timoun.N ap pwofite denonse feblès ak absans otorite ayisyen yo nan mache fwontalye yo kote machann yo, pi fô ladan yo se fanm, ap viv anpil tribilasyon tankou kout baton anba men militè dominiken, pil lajan y ap bay ladwann plis militè yo y ap peye pou yo pase ak machandiz yo. N ap mande otorite 2 Leta yo pou reflechi sou yon akò ki ka regle kôm sa dwa kesyon komès binasyonal la. Nan lokazyon setyèm asanble sa, n ap kontinye raple tout moun k ap viv sou fwontyè a, nan 2 peyi yo, misyon nou ki se fè pwomosyon pou pwoteksyon ak defans Dwa Moun ap kontinye epi ranfòse chak jou pi plis. Nan Rezo a n ap kontinye fè vijilans sou fwontyè a, akeyi rapatriye yo, akonpaye viktim vyolans devan lajistis epi fè pledwaye bò kote otorite lokal ak nasyonal yo. Georges Joseph Abraham Novas RosarioKòdonatè nasyonal Kòdonatè nasyonalRezo Fwontalye Jano Siksè Rezo Fwontalye Jano SiksèPou Ayiti Pou Repiblik Dominikèn {Séptima asamblea general de la Red Fronteriza Jano Sikse (RFJS) condena la masacre sobre los Haitianos en Neyba y GwayubÃn en República DominicanaNota de prensa de la RFJS, 29 de noviembre 2008}Con el motivo de la séptima asamblea general, nosotros, nosotras, Haitianos/ as y Dominicanos/ as miembros de la Red Jano Sikse, reunidos el 29 de noviembre del año 2008 en el centro Jaksil- Terrier Rouge para reflexionar sobre las situaciones de los derechos humanos en general y particularmente los derechos humanos en los mercados fronterizos. Nuestra meta es buscar a fortalecer la buena relación y solidaridad entre los dos pueblos.En primer lugar, por este medio, condenamos todos los actos de violencia que han hecho sobre los Haitianos en República Dominicana durante el año 2008, especÃficamente “la masacre de Neyba†en el mes de octubre 2008.La red fronteriza observa con muchÃsimo dolor la manera en que se produjo varios actos de violencia en Neyba (Sur República Dominicana) con machete, piedras, palos e inclusive armas de fuego. Asà mataron a tres haitianos y mas de 15 fueron heridos después de acusarlos de asesinar al Dominicano Julio Cesar Pérez de 35 años de edad, sin tener ninguna prueba. Luego, las autoridades dominicanas se aprovecharon de esta circunstancia para expulsar 650 haitianos/as de los cuales 200 fueron niños con el pretexto de querer darles protección.Al mismo tiempo, en la zona GuayubÃn (Noreste de República Dominicana) un grupo de dominicanos quemaron al mas 45 casas de inmigrantes haitianos, as después de acusarlos de asesinar a otro dominicano, AlcibÃades Jiménez de 80 años.Nosotros, as los miembros de la Red Fronteriza Jano Sikse pedimos a los dos Estados que saquen una comisión de investigación binacional para hacer luz sobre este asunto y que el resultado se haga público. Pedimos también que los responsables de la justicia dominicana sigan arrestando y castigando a los culpables, reparando a las victimas y que tomen medidas adecuadas para que eso no se vuelva a repetir. Por su parte, el estado haitiano debe asumir su responsabilidad al acoger los repatriados sobre todo aquellos que han pasado mucho tiempo y dejado todo que tenÃan en República Dominicana.En esta séptima asamblea, queremos recordar algunos hechos relevantes ocurridos durante el año: -Del mes de enero al mes octubre 2008, más de 9 haitianos fueron asesinados ya sea de los civiles o de los militares dominicanos. Muchos otros fueron heridos. – Del mes de octubre al mayo 2008 las autoridades dominicanas repatriaron a más 20 000 haitianos sin ningún respeto a las normas del acuerdo del año 1999 que establece la manera como se debe repatriar un emigrante y también sin ningún respeto a las convenciones internacionales que tratan sobre los derechos humanos.Hay que notar también, a pesar de las expulsiones masivas, el tráfico irregular sigue en la frontera. De enero a octubre 2008, la red Jano Sikse ha registrado un total 68730 personas que migraron en República Dominicana de manera irregular. Entre ellos, 49 703 hombres, 16 414 mujeres, 2613 niños, as.Denunciamos la debilidad y la ausencia de las autoridades haitianas en los mercados fronterizos donde los/las comerciantes (mayorÃa mujeres) son victimas de abusos de los militares, corrupción de las autoridades aduanales y violación de los derechos de las personas. Pedimos a las autoridades de los dos paÃses que lleguen a un acuerdo para regularizar el comercio y mejorar las relaciones entre los dos pueblos.Para terminar, tenemos recordar a todos aquellos/ as que viven alrededor de la frontera, que la misión de la Red Jano Sikse es promover y defender los derechos humanos y vamos a seguirla y fortalecerla diariamente. Vamos a seguir vigilando sobre la frontera, acoger a los repatriados, as acompañar a las victimas de violencia ante la justicia y tener incidencia ante las autoridades al nivel local, nacional, binacional e internacional.
Abraham Novas Rosario Georges Joseph Coordinador nacional Coordinador nacional RFJS República Dominicana RFJS Haiti
No Comments