Alienum phaedrum torquatos nec eu, vis detraxit periculis ex, nihil expetendis in mei. Mei an pericula euripidis, hinc partem.

Blog

GARR / Catégories en Français  / Nouvelles  / Actualités  / Droits de l'Homme  / Violences à Lascahobas: Le Comité local de Droits Humains rapporte un décès par balle suite aux tirs de la MINUSTAH

Violences à Lascahobas: Le Comité local de Droits Humains rapporte un décès par balle suite aux tirs de la MINUSTAH

Laskawobas, 10 out 2009RAPÃ’ KOMITE DWA MOUN LASKAWOBASSOU EVENMAN LASKAWOBAS YO
Jou ki te dimanch 2 out 2009 la nan aswè, popilasyon Laskawobas la te bloke vil la anba kòm anwo pou mande kouran. Lendi 3 out 2009 nan maten, sòlda misyon Nasyonzini, MINISTA, rantre Laskawobas, retire barikad yo san yo pa pale ak pèsonn. Apre yo fin ale, popilasyon an drese barikad yo ankò.Nan madi 4 out 2009, sòlda MINISTA yo retounen, yo kraze barikad yo ankò. Lè yo rive nan barikad ki anwo vil la, sou wout Bèladè a, popilasyon an voye wòch sou yo epi sòlda nasyonzini yo tonbe voye wòch tou. Pandan y ap retounen pou al nan baz yo nan Mibalè, yo tire anpil kout zam nan vil Laskawobas.Mèkredi 5 out 2009, popilasyon an vin pi move, yo drese barikad yo ak yon bèl wotè. Sòlda MINISTA yo parèt anbandisyon, yo kraze barikad ki nan rantre vil la epi ale nan dezyèm barikad ki anwo vil la. Sòlda yo ap tire, popilasyon an ap voye wòch. Jis rive nan sant vil la, sòlda MINISTA yo kontinye tire, popilasyon an kontinye voye wòch.Komite Dwa Moun Laskawobas konstate kòm bilan : 1 moun mouri, 5 lòt blese :Moun ki mouri a, se Ricardo Morette, 25 lane. Li mouri anba bal sòlda MINISTA sou gran ri Laskawobas.5 moun ki blese yo, se :1- John Steeve Chéry, 13 lane2- Jean Dorsainvil, 16 lane3- Anitha Charles, 22 lane4- Alexandre Anderson, 32 lane5- Emmanuel Jean-Robert, 37 lanePami blese yo, jèn fi 22 lane a, Anitha Charles pran 6 bal, e tigason 13 lane a, John Steve Chéry, pran yon bal nan testikil li.Laskawobas, 10 out 2009Louistan DormévilReprezantan Komite Dwa Moun LaskawobasKòdonatè zonal Ba PlatoRezo Fwontalye Jano SiksèPou Defans ak Pwomosyon Dwa MounPou otantifikasyonLisane AndréResponsabSeksyon Kominikasyon ak PledwayeGARR

No Comments

Post a Comment