Divès òganizasyon mande Leta ayisyen respekte dwa lojman popilasyon an
Nan okazyon Jounen Mondyal lojman ki selebre chak premye lendi mwa oktòb, POHDH, GARR ak PAPDA pibliye yon seri rezolisyon pou mande Leta ayisyen respekte dwa lojman popilasyon an.Rezolisyon sa yo se rezilta 2 jounen atelye ki te òganize 1e ak 2 oktòb 2010 ak patisipasyon reprezantan asosyasyon deplase nan divès kan nan zòn Pòtoprens ak nan komin Laskawobas, sou fwontyè a.Men rezolisyon ki te pran nan sikonstans sa a: 1. Se pou Leta ayisyen asire wòl abit li genyen nan kad konfli ki mete bab pou bab gwo pwopriyetè yo ak plizyè milye viktim tranbleman tè 12 janvye 2010 la;2. Se pou Leta garanti yon pwojè lojman sosyal san mete pèsonn sou kote;3. Se pou Leta bati kay yo nan yon anviwònman kote sèvis baz yo egziste tankou: dlo, lasante, ledikasyon, elektrisite, mache piblik, transpò, elatriye;4. Se pou kay yo bati nan respè diyite moun;5. Se pou chimen desantralizasyon ak dekonsantrasyon ki trase nan Konstitisyon 1987 la tounen yon reyalite epi se pou Leta prepare yon ekip nan chak komin pou veye sou dosye konstriksyon yo;6. Se pou Leta ranfòse kapasite enstitisyon piblik k ap travay nan domèn lojman tankou Biwo Piblik pou Pwodiksyon Lojman Sosyal ki gen ti non jwèt li EPPLS;7. Se pou Leta bay fòmasyon pou divès moun k ap travay nan kesyon bati kay nan peyi a;8. Se pou Leta ayisyen ratifye Pak Entènasyonal Dwa Ekonomik, Sosyal ak Kiltirèl yo (PIDESC).Se depi aprè tranbleman tè 12 janvye 2010 la, enstitisyon tankou POHDH, GARR, PAPDA ak divès lòt mete sou pye yon dinamik refleksyon sou dwa lojman nan peyi Dayiti. Gen plizyè aktivite ki deja òganize nan lide pou sansibilize moun k ap viv nan peyi a, espesyalman moun nan kan yo, sou pwoblèm kay. Divès òganizasyon nan Repiblik Dominikèn deside fè solidarite pou pote kole nan mouvman sa. Konsa, nan atelye 1e ak 2 oktòb la, 2 sitwayen dominiken, Pedro Franco ak Santos Mota, reprezantan yon koperativ lojman ki rele“Coophabitat†te pataje ak patisipan yo eksperyans yo nan kesyon koperativ lojman.
No Comments