Alienum phaedrum torquatos nec eu, vis detraxit periculis ex, nihil expetendis in mei. Mei an pericula euripidis, hinc partem.

Blog

GARR / Catégories en Français  / Nouvelles  / Organisations Partenaires  / ABA TOUT VYOLANS K AP FÈT SOU MOUN NAN PLIZYÈ KAN POU BAY TEREN KOTE YO TABLI TANT YO

ABA TOUT VYOLANS K AP FÈT SOU MOUN NAN PLIZYÈ KAN POU BAY TEREN KOTE YO TABLI TANT YO

Nou menm, reprezantan-reprezantant plis pase 50 kan nan Pòtoprens, Delma, Kafou, Petyonvil, Taba, Kwadèboukè, Tigwav, Grangwav, Laskawobas ki te reyini nan yon kolòk entènasyonal sou pwoblèm kay nan peyi Dayiti, sou inisyativ FRAKKA (Fòs Refleksyon ak Aksyon sou Koze kay an Ayiti) ansanm ak plizyè lòt patnè; Nou tout komite kan, òganizasyon, enstitisyon, sitwayen/sitwayèn angaje, kanmarad lòt peyi ki te patisipe nan kolòk sa a, nou denonse ak tout fòs nou pakèt zak vyolans k ap fèt nan jou sa yo nan yon bann kan, pou fòse moun yo kite kote y ap viv la, san yo pa konnen ki kote yo prale. Pandan 3 jou kòlòk la, nou te tande anpil temwayaj kote moun yo esplike ki kalte vyolans ak menas y ap sibi nan men mèt teren yo pou fòse yo kouri kite tant yo. Gen kote yo chire tant yo ak jilèt, yo mete dife ladan yo, gen lòt kote yo sèvi ak gwoup ame ki rale zam sou moun yo, gen lòt ankò kote yo kreye divizyon nan mitan moun yo pou yo pa gen tèt ansanm, yo kraze ti biznis yo, yo entèdi yo fè reyinyon, yo anpeche lòt òganizasyon vin travay avèk yo, eksetera. Tout move zak sa yo k ap fèt sou yon popilasyon ki toujou sou chòk apre li te fin viktim anba yon gwo tranbleman tè ki touye fanmi l, kraze tout ti sa li genyen, se yon KRIM, yon vyolasyon dwa moun, ki pa akseptab e ki dwe sispann. Nou menm ki siyen deklarasyon sa a, n ap fè sonje se pa pou bèl plezi moun yo al viv anba tant, youn sou lòt, sou teren ki plen fatra, dlo santi ki mete lavi yo an danje. Se te yon gwo katastwòf, yon tranbleman tè ki te pase nan peyi a 12 janvye 2010, ki te touye plis pase 300,000 moun epi kraze anpil kay, ki te mete yo deyò. Alòske reskonsab Leta yo poko janm di kisa y ap fè pou viktim sa yo kapab soti anba tant, plizyè nan yo gen tan deja pran pozisyon pou mèt teren yo. N ap fè sonje, dapre prensip imanitè yo, lè gen katastwòf natirèl yon kote, deplase entèn yo dwe benefisye pwoteksyon total kapital. Pou ankenn rezon, yo pa dwe mete yo deyò sou espas yo okipe. Okontrè, Leta dwe proteje deplase yo enpi prepare espas korèk pou relokalize yo nan ka kote moun ki di yo mèt tè yo ta vle pouse do moun sa yo mete yo deyò. Bò kote pa l, Pak entènasyonal sou Dwa Ekonomik, Sosyal ak Kiltirèl yo, egzije Leta pou l garanti tout moun ki sou kont li yon kote pou yo rete. Konstitisyon 1987 la, nan atik 22 di konsa, “Leta dwe garanti tout moun yon kote pou yo rete”. Fas ak tout vyolans sa yo k ap fèt nan kan yo pou fòse moun yo pati, nou mande: – Pou otorite ki gen mayèt la nan men yo pran tout dispozisyon pou kanpe prese prese mouvman degèpisman k ap fèt tribòbabò pou mete moun ki nan kan yo deyò, jan yon rezolisyon Lakou Entèamerikèn te mande yo sa. – Pou otorite yo arete epi trennen devan lajistis tout moun k ap fè zak vyolans sou popilasyon k ap viv nan kan yo. – Pou yo pran tout dispozisyon pou ede moun yo jwenn kay definitif pou yo rete dekwa pou yo kapab soti anba tant yo. Nou menm reprezantan divès kan ak òganizasyon ki te patisipe nan kolòk entènasyonal sou pwoblèm lojman an, nou pote tout solidarite nou bay moun nan kan ki anba menas yo. Nou di yo, yo pa poukont yo nan moman doulè sa a. Nou deside mobilize sou plan nasyonal ak entènasyonal kont espilsyon yo ak pou pouse Leta pran reskonsablite l pou l garanti dwa lojman nan peyi a pou tout moun. Men lis òganizasyon ak kan ki te reprezante nan kolòk la e ki siyen deklarasyon sa a : AVS, SAJ/VEYE YO, Chandèl, ACPRODDH, ARDFD/Tabarre Issa, ASCOEH, CSC, Fanm Devre, MODEP, FIDES-Haïti, CCCSC, CAVS-PA, Kan Imakile, KSF, Kan Laskawobas, Kan Acacia, UPPFA, OFEDSHA, BRI KOURI, OVISEC, GARR, SEPJASA, FRAKKA, AFAD, COGESIF, ASCOEH, FADEC, Kan Food for the poor, RNGDH, COB 5, LIDCCHA, CSPPB, Sant Pon Ayiti, SEPJASA, AVOVIS 12, Kan Fortunat Guéry, CRAD, MPFD, RAFEVINNHA, CSPB, JILAP, REFEH, MPDDP, Sèk Gramsci, COSSBAMI, KASIM, FOPISE, CVHEM/Jacmel, FADEC, AEI, ACHUF, Batay Ouvriye, POHDH, Camp Mesiane, CEFEF, UJDEC, Camp Toussaint Louverture, Camp Vallée de Bourdon, OVISEC/Canaan II, Other world, AJCH, MOUFHED, AFAD, Kan Juanpas/Lascahobas, MRCP, COOPHABITAT, FRAKKA, Batay Ouvriye(B.O), Komite Relèvman Divivye(KRD), PAPDA, GREAAL, OFEDA, FIDES, SOFA.
Pour authentification:Colette Lespinasse, GARRSanon Reyneld, FRAKKACamille Chalmers, PAPDAAntonal Mortimé, POHDH

No Comments

Post a Comment