Aktivite ak Aks Travay GARR
GARR, depi 1991, tanmen yon latriye aksyon pou akeyi moun yo mete deyo an Repiblik Dominikèn, pote sekou bay moun ki gen pi gwo difikilte yo, patisipe nan reyensèsyon yo nan milye a, sansibilize opinyon piblik sou sitiyasyon imigran ayisyen yo ak fanmi yo, denonse trafik ak trèt moun ki ap fèt sou fwontyè Ayiti ak Repiblik Dominikèn epi plede anfavè respè dwa migran-migrant kit onivo nasyonal ak entènasyonal. Fas a sitiyasyon san dwa ki sou fwontyè a, GARR louvri chan daksyon li pou li pran an kont dives tip vyolasyon dwa moun k ap rive nan zon sa a. GARR apiye yon rezo komite dwa moun sou fwontyè a, se Rezo Fwontalye Jano Siksè (RFJS) k ap obsève sitiyasyon dwa moun epi pote asistans bay viktim yo.
Apre tranblemann tè ki sekwe Ayiti 12 janvye 2010, GARR devlope yon pwogram ijans ak reyabilitasyon moun deplase yo k ap viv nan kan ak nan fanmiy ki akeyi yo nan zon fwontyè Ayiti ak Repiblik Dominikèn. Nan pwogram sa a, li apiye l sou yon baz dwa moun epi li chita espesyalman sou dwa lojman ak prevansyon risk deplase entèn yo ekspoze (Risk vyolans seksyèl kont fanm ak tifi, risk maladi tankou VIH/Sida ak kolera, eksetera ). Nan kontèks sa a, GARR patisipe tou nan deba sou demach
Prensipal entèvansyon GARR fèt konsantre sou twa branch sa yo
Pledwaye :
- Enfomasyon-Kominikasyon atravè piblikasyon yon bilten chak mwa ak /oubyen nòt pou laprès, entèvansyon nan laprès, difizyon enfòmasyon sou sitwèb, oganizasyon jounen refleksyon, deba sou sijè ki konsènen migrasyon, fwontyè, dwa refijye ak deplase entèn yo.
- Etid sou trafik mendèv, sou fanm ayisyèn nan migrasyon an Repiblik Dominikèn, sou koz trafik ak trèt timoun ak fanm, sou migrasyon ak VIH Sida, sou kesyon Eta sivil an Ayiti ak yon gwo atansyon sou koze akdenesans
- Piblikasyon rapo anyel ak/oubyen rapo sikonstans sou sitiyasyon dwa migran-ant ayisyen yo
- Bati pwopozisyon ki mae ak kesyon ki konsènen dwa migran-migrant yo epi soumèt yo bay otorite yo (Pwopozisyon pou lite konte trafik ak trèt moun, pou bay chak Ayisyen /Ayisyèn yon akdenesans ak yon kat didantifikasyon nasyonal, pou prepare yon politik migrasyon, pou reyoganize konsila yo epi ofri pi bon sèvis bay imigran-ant ayisyen aletranje, pou jere migran-ant ayisyen an ki pran direksyon Repiblik Dominikèn) eksetera.
- Diskisyon ant Ayisyen ak Dominiken sou Migrasyon, Fwontyè, Dwa moun, eksetera
- Divès rankont an Ayiti, an Repiblik Dominikèn ak nan lot peyi sou imigran-ant ayisyen.
- Fè lobi bo kote otorite ayisyen pou enfliyanse yon seri politik ak desizyon :
- Entèvansyon bò kote enstans entènasyonal tankou Komisyon Entèamerikèn Dwa Moun anfavè imigran-ant ayisyen yo ;
- Denonsyasyon, pwotestasyon, manifestasyon kont abi sou imigran yo ak moun ki abitye frekante fwontyè a
Ranfòsman òganizasyonèl
- Fomasyon aktè sou yon ansanm dwa : Fòmasyon lajman laj yon rezo dwa moun sou fwontyè a sou dives aspè dwa moun, ladan yo obsèvasyon, kolèk enfòmasyon, preparasyon rapò, eksetera.
- Tabli onivo fwontyè a komite akèy rapatriye ak obsèvasyon dwa moun. Bay komite sa yo api pou yo mete tèt yo an rezo.
- Ranfosman patenarya ak oganizasyon dominikèn k ap travay ak migran-ant ayisyen yo epi tou ak oganizasyon ayisyen k ap fè pledwaye e k ap defann dwa moun.
- Fòmasyon deplase yo sou dwa yo ak risk yo ekspoze
- Fòmasyon sou bon jan kondisyon emigrasyon pou moun ki kandida pou pati ak kominote kote moun yo pati
- Fomasyon ak sansibilizasyon sou enpòtans dokiman idantite nan demach pou pati kite peyi a
- Api bay gwoup sou fwontyè a ki ekspoze a vyolasyon dwa yo ( ti komèsant yo paregzanp) pou òganize yo ak fòme tèt yo .
- Ranfòse alevini ant oganizasyon fanm yo ak divès aktè sou fwontyè a pou lite kont vyolans seksyèl epi ranfose lidèchip fanm yo
- Ranfosman GARR nan resous moun, fòmasyon pèsonèl la nan domèn dwa moun.
Asistans legal
- Akonpayman moun ki viktim yo devan otorite konsène yo
- Akonpayman administratif ak jidisyè pou moun k ap mande azil ak moun ki refijye nan peyi Dayiti
- Ranmase enfòmasyon sou ka vyolasyon yo epi fè suivi devan lajistis ak lòt enstans
- Vizit prizon sou fwontyè yo
- Suivi ka vyolasyon dwa gwoup migran-migrant yo devan tribinal entènasyonal yo
- Bay api pou rapatriye ak deplase yo jwenn oswa rejwenn dokiman idantite yo ( Akdenesans ak kat idantifikasyon nasyonal)
Akèy viktim, asistans imanitè, reyensèsyon/reyabilitasyon
- Tabli yon ti estrikti pou akèy nan 4 zon fwontyè a
- Asistans imanitè pou moun yo ekspilse yo ki nan plis difikilte (manje ak lojman pwovizwa pou yon nuit, swen sante, referans an direksyon lot sant sante espesyalize, akèy viktim vyòl).
- Founi mwayen egzistans pou deplase ak rapatriye
- Api pou konstwi lojman pou rapatriye ak refijye
- Api pou reyensèsyon fanm ak timoun ki viktim trafik ak trèt oswa deplase (Api eskolè, api siko-emosyonèl)
- Kan pou timoun rapatriye ak deplase
- Fomasyon pou jenn deplase ak rapatriye epi alfabetizasyon pou granmoun yo.
- Etc.
No Comments