Istwa GARR
07/05/2012
GARR te kreye nan mwa dawout 1991, lè prezidan dominiken nan epòk la, te deside chase nan peyi a tout moun li te sispèk kòm ayisyen. Ant mwa jen ak septanm 1991, li pouse do plis pase 75 mil moun. Fas a ijans sa a, gen yon dizèn ONG ayisyen ak etranje te deside ini jefò yo pou pote yon kontribisyon nan jere sitiyasyon sa a. Depi lè sa a, rapatriman yo pa janm kanpe.
Apre li fin egzekite plizyè pwogram ijans ak reyensèsyon, GARR te devlope estrateji tou nèf pou chache bon jan solisyon nan pwoblèm rapatriye ak refijye ayisyen ki soti an Repiblik Dominikèn epi fasilite yon pi bon konpreansyon nan sitiyasyon migran ayisyen nan kèk peyi.
No Comments