Alienum phaedrum torquatos nec eu, vis detraxit periculis ex, nihil expetendis in mei. Mei an pericula euripidis, hinc partem.

Blog

GARR / Kontni nan Kreyol  / Enfòmasyon jeneral  / Misyon, Vizyon ak Objektif

Misyon, Vizyon ak Objektif

Misyon GARR

Misyon GARR se fè pwomosyon pou respè ak defans dwa migran-ant yo. Li konsantre jefò li yo sou Rapatriye, Refijye, ak moun ki abitye frekante fwontyè Ayiti ak Repiblik Dominikèn epi depi tranblemann tè 12 janvye 2010 la an Ayiti, li konsantre jefò li tou sou deplase entèn yo.

Vizyon GARR

GARR rete kwè migrasyon an se yon fenomèn sosyal, mondyal ki gen kote pozitif ak negatif, kit pou peyi kote migran yo soti, kit pou peyi kote yo rive a. Respè dwa migran yo ka kontribye nan rapwoche pèp yo, nan tabli plis jistis sosyal ak solidarite anndan sosyete a.

Objektif jeneral GARR

Se fè pwomosyon ak defans dwa migran ak migrant yo nan lide pou tabli relasyon ki pi jis e ki pi solidè nan mitan pèp yo.

Objektif espesifik

  1. Devlope aktivite pledwaye nan lide pou fè chanje politik, pratik ak lwa ki defavorab pou migran yo, pou fè adopte desizyon ki ka amelyore kondisyon lavi epi fè pwomosyon bon rapo nan mitan pèp yo, espesyalman ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn ;
  2. Ankouraje inisyativ lokal pou oganize yon akèy ki pi diy pou rapatriye, refijye ak lot migran yo, epi tou asistans imanitè ak legal pou viktim vyolasyon dwa moun.
  3. Fasilite reyensèsyon ak reyabilitasyon rapatriye, refijye ak deplase yo nan peyi Dayiti.

No Comments

Post a Comment