Prezantasyon GARR
07/05/2012
Gwoup k ap Apiye Rapatriye ak Refijye (GARR) se yon platfòm asosyasyon ak ONG k ap travay sou kesyon migrasyon. Detan li pa ekate lòt zòn kote gen migran-migrant ayisyen, GARR konsantre jefò li sou Repiblik Dominikèn kote gen yon bon valè ayisyen-ayisyèn ap viv nan yon sitiyasyon ki makawon anpil.
Depi tranblemann tè ki te frape Ayiti 12 janvye 2010, GARR ap travay tou ak deplase entèn yo ki nan yon seri kan e nan fanmi ki akeyi yo nan Potoprens ak nan zòn fwontyè a.
No Comments