Alienum phaedrum torquatos nec eu, vis detraxit periculis ex, nihil expetendis in mei. Mei an pericula euripidis, hinc partem.

Blog

Pwoyè

  • Christian AidPWOJÈ API POU REDUI VILNERABILITE MOUN AK KOMINOTE TRANBLEMANN TÈ A TE FRAPE SOU FWONTYÈ ANT AYITI AK REPIBLIK DOMINIKÈN. LASKAWOBAS, BÈLADÈ AK FONPARIZYEN

    Objektif : Pwojè a vize pou amelyore baz lavi moun tranblemann tè a te touche sou plan valè moun, sou plan ekonomik, sosyal ak anviwonnman.

    Pwojè sa a se suit yon premye pwojè nan zòn Ba Plato Santral kote gen kay ki te bati ak mwayen egzistans konsekan fanmi deplase yo te resevwa ansanm ak yon akonpayman atravè seyans fòmasyon pou ede yo reprann lavi toulejou. Dezyèm faz pwojè a, ap chita plis sou prevansyon risk detan travay pou rive nan solisyon konsekan pou rezoud pwoblèm lojman ak mwayen egzistans, ap rapousuiv.

    En savoir plus…

  • RFJSPOU YON KILTI DWA MOUN AK RAPÓ BON VWAZINAJ NAN LAPĖ SOU FWONTYĖ AYITI AK REPIBLIK DOMINIKĖN.PLIZYĖ KOMIN FWONTYĖ AYITI AK REPIBLIK DOMINIKĖN

    Objektif : Ogmante nan zòn fwontyè a kapasite Rezo Fwontalye Jano Siksè (RFJS), ak kapasite kèk gwoup vilnerab ak aktè lokal yo pou fè pwomosyon ak defans dwa moun epi jere konfli nan lapè.

    Pou chak gwoup sib yo, pwojè a prevwa yon seri aktivite. Men prensipal aktivite yo : Fòmasyon pou gwoup vilnerab yon fason pou yo konnen pi byen dwa yo ak devwa yo epi pou yo an mezi pou reklame yo ;
    Akonpayman gwoup yo nan jefò pou yo ranmase enfomasyon sou abi, denonse yo devan otorite yo, monte baz pou reprezantasyon rezo a, epi fè pledwaye.
    Sansibilize otorite yo ak sosyete sivil la sou vyolasyon dwa moun atravè distribisyon materyèl sansibilizasyon, difizyon pwogram ak espòt nan radyo, atelye sansibilizasyon sou yon bann sijè.
    Reyalize aktivite mobilizasyon, kominikasyon ak pledwaye bo kote otorite yo.
    Fòme, akonpaye epi ekipe kòdinasyon zonal RFJS yon mannyè pou estrikti sa a pi granmoun nan fonksyonman l epi nan kapasite l pou fè pwomosyon ak defans dwa moun.

    En savoir plus…

  • ICCOPWOTEKSYON AK REYABILITASYON MOUN DEPLASE NAN PÒTOPRENS. ZÒN METWOPOLITĖN PÒTOPRENS AK FONPARIZYEN.

    OBJEKTIF : Fè pwomosyon respè dwa moun ki deplase akoz tranblemann tè a, ak pwomosyon pou reyabilitasyon yo

    Yon ranmase sou prensipal aktivite yo
    Aktivite sansibilizasyon deplase yo atravè brase lide, konferans, konkou sou dwa lojman, demach rekonstriksyon, eksetera.
    Akonpayman pou fòme koperativ lojman ak pledwaye pou fè aksepte pwopozisyon yo
    Aktivite mobilizasyon pou fè konnen pwoblèm yo epi revandike pou dwa yo
    Fomasyon pwofesyonèl, alfabetizasyon pou jenn yo.
    Aktivite sikososyal atravè jwèt ak espò pou timoun nan kan yo.
    Distribisyon repa cho pou timoun yo.

    En savoir plus…

  • ACNURDOKIMAN ETA SIVIL POU MIGRAN AYISYEN YO NAN REPIBLIK DOMINIKĖN
  • ZÒN METWOPOLITĖN PÒTOPRENS KOTE GEN PRENSIPAL ENSTITISYON LETA SANTRAL KI RESPONSAB DOSYE ETA SIVIL LA

    OBJEKTIF : Kontribye nan jefò pou respè dwa imigran ayisyen nan Repiblik Dominikèn ak rediksyon risk apatridi pou desandan yo.

    Yon ranmase sou prensipal aktivite yo:
    Sansibilize aktè kle enstitisyon an Ayiti ki konsène nan prepare akdenesans epi valorize kontribisyon yo nan chache solisyon nan pwoblèm papye migran ayisyen nan Repiblik Dominikèn atravè rankont , konferans deba, echanj dokiman.
    Demach nan diferan enstitisyon pou chache dokiman, pwodui demann jijman, legalizasyon, eksetera.
    Rankont echanj ak MUDHA ansanm ak UNHCR (RD) sou demach la
    Echanj ak lòt enstitisyon, pwodiksyon ak piblikasyon dokiman sou pwoblèm nan ak sou eksperyans lan.

    En savoir plus…

  • UNHCRDOKIMAN ETA SIVIL POU DEPLASE TRANBLEMANN TĖ A.PÒTOPRENS, LASKAWOBAS, BELADĖ, FONBAYA

    Objektif: Kontribye nan respè dwa anrejistreman nan peyi Dayiti, nan ogmante kantite moun ki posede epi konsève akdenesans yo.

    Yon rezime prensipal aktivite yo:
    Konsèy ak akonpayman paran tibebe ki fenk fèt yo, ki nan kategori pwojè a vize, nan demach pou jwenn epi / oswa rejwenn akdenesans yo.
    Idantifikasyon, demach ak akonpayman moun deplase ki vilnerab anpil pou yo jwenn epi/oswa rejwenn akdenesans yo
    Rankont ant GARR, HCR ak enstitisyon piblik ki konsène yo pou fikse ki mòd kolaborasyon ki konsène demach yo ak depans sa mande, ak yon angajman otorite yo pou respekte yon kalandriye.
    Aktivite pou sansibilize popilasyon an sou enpòtans konsève dokiman.
    Achte epi distribye bay moun deplase nan kan yo, ak nan kominote ki te frape sou fwontyè a, ti katab an plastik pou konsève papye enpòtan.
    Prepare epi distribiye depliyan sou demach pou suiv pou anrejistre timoun ki fenk fèt yo epi pou konsève papye enpòtan.

    En savoir plus…

No Comments

Post a Comment