Alienum phaedrum torquatos nec eu, vis detraxit periculis ex, nihil expetendis in mei. Mei an pericula euripidis, hinc partem.

Blog

GARR / Kontni nan Kreyol  / Tit  / Aktyalite  / GARR, SJM-Ayiti ak RFJS ap atire atansyon tout moun sou gwo risk ki genyen pou Dominikani pimpe tounen pa pil pa pakèt migran ayisyen ki pa gen dokiman

GARR, SJM-Ayiti ak RFJS ap atire atansyon tout moun sou gwo risk ki genyen pou Dominikani pimpe tounen pa pil pa pakèt migran ayisyen ki pa gen dokiman

Pou piblikasyon san pèdi tan  

Li posib pou otorite dominiken yo pimpe tounen plizyè milye migran ayisyen ki nan sitiyasyon kote yo pa gen dokiman pou ret nan peyi a nan kòmansman ane ki ap vini an, lè delè 3 mwa yo te ba yo pou mete tout papye yo an règ la fini.

Pòtoprens, nan jou ki 28 oktòb 2021 an.- Apre plizyè desizyon Dominikani pran pou sere boulon moun nan sa ki gen pou wè ak migrasyon, nou menm, Gwoup k ap Apiye Rapatriye ak Refijye yo (GARR), Sèvis Jezuit pou Migran yo (SJM-Ayiti) ak Rezo Fwontalye Jano Siksè (RFJS), 3 òganizasyon k ap travay pou defann ak fè respekte dwa migran yo, vle atire atansyon Leta Ayisyen, laprès ak opinyon piblik la, sou sò k ap tann plizyè milye travayè migran ayisyen ki pa gen dokiman. Dapre mezi ki pran yo, y ap pimpe tounen nan peyi yo tout etranje ki pa gen dokiman ; si yo pa ta pimpe yo tounen, y ap tonbe nan chomay menm kote a paske yo p ap gen posiblite pou travay akòz yo entèdi antrepriz ki Dominikani yo ba yo travay si yo pa vle tonbe anba sanksyon.

Yon lòt bò, chak mwa desanm, plizyè milye travayè migran ki al travay Dominikani lè gen rekòt antre nan peyi d Ayiti pou pase fèt finisman ane a ak fanmi yo. Yo tounen ale nan kòmansman mwa janvye. Nou menm òganizasyon k ap defann dwa moun, nou gen gwo kè kase pou otorite dominikèn yo pa pwofite okazyon sa a pou yo bloke migran sa yo nan anpeche yo antre sou bout tè pa yo a, jan yo te fè sa a nan lane 2013. Sa ki t ap kreye yon lòt kriz migrasyon ak imanitè nan fwontyè a.

Devan pwoblèm sa a ki kapab rive a, nou mande Leta ayisyen pou li jwenn prese prese yon solisyon nan tèt kole ak Leta dominiken nan lide pou ede migran ayisyen yo regle tout papye yo. Si sitiyasyon migrasyon moun sa yo pa rezoud nan dèle 3 mwa yo ba yo a, yo p ap ka travay e yo riske pimpe yo tounen Ayiti.

Nou ap pwofite makònen vwa nou ansanm ak vwa Anbasad Ayiti ki Dominikani an pou mande pou respekte Pwotokòl tou 2 peyi yo te siyen sou mannyè pou rapatriman yo fèt. Nou ap mande otorite dominikèn yo pou respekte dwa rapatriye yo epi trete yo ak diyite. Nou ap mande yo tou pou yo pran mezi ki konkrè pou migran yo kapab gen posiblite pou yo pran zafè pèsonèl yo lè y ap rapatriye yo. Nou ap egzije tou pou yo sispann sezi dokiman pèsonèl moun yo oswa chire yo, sof si dokiman sa yo te fèt dèyè do lalwa.

Nan moman kounya, Ayiti ap travèse yon kriz migrasyon ki grav. Nan yon mwa sèlman, soti 19 sektanm rive 19 oktòb 2021, peyi a resevwa anviwon 11 mil migran Etazini ak lòt peyi tankou Meksik, Kiba, Bayamas ak zile “Turks and Caicos” pimpe tounen. Ekspilsyon sa yo fèt ak vyolasyon Dwa Moun nan yon kontèks sosyal, ekonomik ak politik ki frajil anpil. Pèp ayisyen an ap viv nan lapèrèz lajounen kou lannuit akòz ensekirite a ki pa sispann taye banda, kidnapin agòch adwat, gwoup gang ak zam k ap pouse kou djondjon nan zòn Pòtoprens ak lòt vil yo, ak enkapasite Lapolis pou fè fas kare ak sa, elatriye.

Nou vle fè sonje tou pati Sid peyi a te sibi, pa twò lontan, yon gwo tranblemann tè. Plizyè milye kay te kraze e fanmi yo pèdi plizyè santèn zannimo, ki se youn nan pi gwo mwayen kominote ki ap viv an pwovens yo antre ti kòb. Pifò moun ki viktim yo poko jwenn èd jiska prezan epi yo toujou ap viv anba tant nan kondisyon ki difisil anpil.

Sitiyasyon sa yo tris anpil epi sa bay pou reflechi. Se sa ki pouse nou ekri kominike sa a ansanm pou atire atansyon tout moun sou lòt rapatriman pa pil pa pakèt ki ta kapab genyen gwo konsekans sosyal ak imanitè sou peyi a. Paske pou kounya, Leta ayisyen pa an mezi pou li satisfè kòmsadwa bezwen ijan moun yo pimpe tounen oswa rapatriye yo.

                                                                        – FEN –             

Moun ki siyen Kominike sa a

Pou GARR               : Mesye Angenor BRUTUS, Kòdonatè

Pou SJM-Ayiti          : Reveran Pè Levelt MICHAUD, SJ, Direktè

Pou RFJS                : Madam Manise ÉLIE, Kòdonatris

No Comments

Post a Comment