
Moun Tomasik reklame pou taks ki ranmase sou fwontyè bò lakay yo
Sitiyasyon an pa t chanje mèkredi 2 me 2012 nan zòn Tomasik kote popilasyon an ap fè, depi 2 semèn, yon mouvman revandikasyon pou reklame reparasyon wout Ench/Tomasik la epi kouran. Pwotestatè yo te fouye wout la ak pikwa, koupe li plizyè kote, pou anpeche sikilasyon machin ak moto.
Dapre enfòmasyon GARR ranmase, depi 28 avril 2012, sikilasyon ant Ench ak Tomasik kanpe nèt. Chofè motosiklèt Tomasik ki eseye pran wout la te jwenn anpil difikilte, pafwa yo blije pase nan raje pou yo rive kote yo vle ale a. Gen kote yo kalonnen yo ak wòch. Sitiyasyon sa a te anpeche moun ki soti Ench ale nan mache Tomasik ki abitye fèt chak madi ak vandredi.
N ap fè sonje, 20 avril 2012, plizyè milye moun te deja fè yon gwo manifestasyon nan Tomasik pou mande kouran ak reparasyon wout la. Manifestan yo te fèmen biwo dwàn nan ak tout DGI. Yon ti tan apre, plizyè machin MINISTA ak machin IDMO te debake. IDMO yo tonbe simen baton sou manifestan yo. Plis moun nan popilasyon an vin leve kanpe, kouri dèyè IDMO yo. Dapre temwayaj GARR jwenn, MINISTA bò kote pa l, te kouri kite IDMO yo. Lè sa a, manifestan yo, ba kèk IDMO kou, yo pran zam yo, wete bal ki te ladan yo epi remèt yo zam yo vid.
Dapre sa manifestan yo deklare, se prèske chak jou aksidan ap fèt sou wout Ench/Tomasik la. Nan sa ki gen arevwa ak elekrisite, manifestan yo di, lèswa, komin nan plonje nan fè nwa e gen moun ki pwofite fè tout kalte move zak tankou kadejak sou jenn fi k ap pase. Alòske yo gen tout pwoblèm sa yo, Leta pa janm vire gade yo, men kòm li wè gen ti mouvman lajan k ap fèt sou fwontyè a, li gen tan vin enstale yon dwàn ak biwo DGI k ap ranmase resèt tout la jounen nan komin fwontyè sa a san popilasyon an pa jwenn anyen an retou.
Popilasyon Tomasik apre tout evenman sa yo, ap tann yon reprezantan Leta vin pale ak yo pou di aklè ki dat wout la ap ranje epi ki lè y ap mete kouran nan zòn nan pou yo. N ap fè remake delege depatmantal la te fè yon premye chita ak yo 25 avril 2012 pase a, men anyen poko soti.
No Comments