
Palman Ayisyen an ratifye Pak Entènasyonal sou Dwa Ekonomik, Sosyal ak Kiltirèl yo
Platfòm Oganizasyon Ayisyen Dwa Moun yo (POHDH) aprann avèk satisfaksyon vòt Asanble Nasyonal la sou dekrè lwa ki ratifye Pak Entènasyonal sou Dwa Ekonomik, Sosyal ak Kiltirèl yo (PIDESC an franse), jou madi 31 janvye 2012 la. POHDH ap raple Nasyonzini te vote epi adopte dokiman entènasyonal sa a depi lane 1966, nan Asanble Jeneral menm lè avèk Pak sou Dwa Sivil ak Politik yo (DCP an Franse).
Men divès Lejislati ki pase yo pa t janm ratifye gwo enstriman sa a ki garanti yon latriye dwa tankou : Dwa pou moun manje, Dwa pou moun Jwenn bon jan ledikasyon, Dwa pou moun jwenn bon kay pou yo rete an sekirite, Dwa pou moun travay, Dwa pou moun gen sekirite sosyal, Dwa pou moun jwen n bon Swen Sante ak fè prevansyon pou yo pa malad, Dwa moun genyen pou jwenn lwazi ak rekreyasyon, elatriye….
Nan sans sa, Platfòm Oganizasyon Ayisyen Dwa moun yo (POHDH) salye epi felisite manm Asanble Nasyonal la (Senatè ak Depitè yo) pou dokiman sa a yo ratifye a ki vin ranfòse kad legal sou Dwa Ekonomik, Sosyal ak Kiltirèl Pèp Ayisyen an. Platfòm nan ankouraje Palman Ayisyen an kontinye ratifye lòt konvansyon ak Pak ki konsène dwa moun nan peyi a tankou : Konvansyon kont move tretman (contre la Torture), estati Wòm (Statut de Rome) ki rekonèt konpetans Tribinal Penal Entènasyonal, Konvansyon Nasyonzini ki pwoteje Dwa Travayè Migran yo ak manm fanmi yo….. POHDH mande pouvwa Egzekitif la pibliye arete ki ratifye Pak sou Dwa Ekonomik, Sosyal ak Kiltirèl yo san pèdi tan nan jounal ofisyèl peyi a “Le Moniteur” jan lalwa di sa nan atik 144 konstitisyon 1987 la.
POHDH mande pou tout sitwayen ak sitwayèn yo nan peyi a kontinye rete mobilize pou fòse Leta Ayisyen pran dispozisyon administrativ pou tout moun kapab jwi dwa yo kòmsadwa san paspouki nan lespri Konstitisyon 1987 la ak tout konvansyon, akò yo Peyi Dayiti siyen ak ratifye.
Pòtoprens, 01 Fevriye 2012
Antonal MORTIME
Sekretè Egzekitif POHDH
No Comments