Alienum phaedrum torquatos nec eu, vis detraxit periculis ex, nihil expetendis in mei. Mei an pericula euripidis, hinc partem.

Blog

GARR / Kontni nan Kreyol  / Tit  / Aktyalite  / Dwa Moun  / Repiblik Dominikèn sou ban akize devan Lakou Entèramerikèn Dwa moun pou masak Gwayoubin nan

Repiblik Dominikèn sou ban akize devan Lakou Entèramerikèn Dwa moun pou masak Gwayoubin nan

Delegasyon sa a te rive nan pi gwo Tribinal pou zòn Amerik la depi lendi 18 jen, dat ki fè, jou pou jou, douz lane depi masak sa a te fèt.

Dram sa a te rive, 18 jen 2000, lè yon gwoup san papye ayisyen t ap travèse fwontyè a abò yon kamyon. Yon  eskwad militè dominiken rapousuiv kamyon an epi tonbe tire sou yo. Nan pousuit la, kamyon an chavire. 7 moun pèdi lavi yo anba bal, 6 Ayisyen ak yon Dominiken, 30 lòt Ayisyen-èn blese.

Apre masak la, Leta dominiken te jete moun ki te sòti vivan yo nan prizon. Malgre yo te blese, li pat ba yo aksè ak sèvis medikal komsadwa. Finalman li te mete yo deyò sou teritwa dominiken an san yon desizyon lajistis.

Jen 2010-jen 2012, sa fè 12 lane depi oganizasyon k ap defann viktim yo kenbe dosye a, fè li mache jis li rive jounen jodi a nan etap sa kote Leta dominiken gen pou reponn devan jij Lakou Entèamerikèn Dwa Moun yo sou gwo zak vyolasyon dwa moun sa a ki te fèt nan Gwayoubin sou migran ayisyen yo. Gwayoubin, se yon lokalite ki chita nan zòn Nò Repiblik Dominikèn, a yon distans 50 kilomèt fwontyè a.

 

 

No Comments

Post a Comment