Platfòm revandikasyon oganizasyon Fonvèrèt mande Gouvènman Ayisyen an pran dispozisyon pou moun nan zòn sa a jwenn ledikasyon
Nan yon konferans pou laprès reprezantan 23 òganizasyon nan Fonvèrèt bay jodi 18 oktòb 2007 la nan Pòtoprens, yo te analize pwoblèm edikasyon ak anviwonman popilasyon nan komin Fonvèrèt ap konfronte. Mamn oganizasyon sa yo ki mete yo ansanm nan yon platfòm ki rele Platfèm Revandikasyon Oganizasyon Fonvèrèt, te fè resoti lyen ki genyen ant mank ledikasyon ak degradasyon anviwonman. Yo te tou pwofite mande leta ayisyen pou mete lekol primè, lise ak pwogram alfabetizasyon prese prese nan Fonvèrèt, yon manyè pou rezoud yon seri pwoblèm popilasyon sa a ap viv chak jou. Nou pwopoze ou li tout tèks la anba a. {{Platfòm Revandikasyon Oganizasyon nan FonvèrètKonferans pou laprèsTém: PWOBLEM EDIKASYON NAN FONVERET AK KONSEKANS SA GENYEN SOU ANVIWONMAN AN}}Potoprens, jedi 18 Oktòb 2007{{Objektif konferans pou laprès la.}}Objektif konferans pou laprès sa a, se rive eksplike jan pwoblèm edikasyon an ye nan Fonvèrèt, sitou depi plis pase 3 lane apre gwo inondasyon 23 me 2004 la, konsekans li sou anvironman an nan kominote a epi prezante kèk pwopozisyon pou responsab leta yo rezoud pwoblèm nan.{{Prezantasyon Platfòm 23.}}Platfòm Revandikasyon Oganizasyon Fonvèrèt se yon regwoupman 23 oganizasyon peyizan nan komin Fonveret ki abitye reyini ak Komite Dwa moun nan bouk Fonvèrèt, Tèfwad ak Boukan Chat, nan lide pou aji sou reyalite malouk ki genyen nan komin nan. Se yon platform ki vize mennen aktivite pledwaye bò kote responsab leta yo nan sousi pou popilasyon Fonvèrèt la rive jwenn yon lavi miyò.{{Ki Pozisyon Fonrèrèt nan Jeyografi Ayiti?}}Fonvèrèt se yon komin sou zòn fwontyè a ki nan awondisman kwadèboukè, nan depatman Lwès. Li mezire 249.50 kilomèt kare, anviwon 7 fwa pi gran pase komin Pòtoprens. Li sitiye a yon distans 52 km de Pòtoprens. Gen plis pase 40,000 moun k ap viv ladan li. Depi 1980, Fonvèrèt leve nan ran komin, men se yon sèl seksyon kominal li genyen. Komin Fonvèrèt gen ladan 60 abitasyon.{{Kijan pwoblèm edikasyon an poze ? konsekans li sou popilasyon Fonvèrèt la?}}Jan konstitisyon 1987 la di li nan atik 32.1 “Se pou leta mete lekòl gratis pou tout moun’’ Sa vle di se yon dwa tout moun genyen pou yo jwenn bonjan ledikasyon, se yon obligasyon leta genyen pou pèmèt tout timoun ale lekòl. Pawòl nan atik sa a rejwenn atik 26.1 ak 26.2 Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun ki di: ‘’ Se dwa tout moun pou y al lekòl. Lekòl leta fèt pou gratis sitou lekòl elemantè ak lekòl fondamantal… Edikasyon an fèt pou pèmèt devlopman pèsonalite moun epi ranfòse respè dwa moun ak libète endispansab yo’’.Non Fonvèrèt, okenn nan pawòl sa yo pa respekte. Malgre lajè komin nan genyen, malgre tout bitasyon sa yo ak tout moun sa yo k ap viv nan komin nan, Fonvèrèt gen sèlman 3 lekòl nasyonal( youn nan bouk la, youn nan Forèdèpen, youn nan Oryani) ak yon sèl lise ki chita nan bouk la. Lekòl sa yo pa sifi pou resevwa tout timoun ki bezwen ale lekòl. Pou jan komin nan gran, yo twò lwen parapò a kote pi fò lokalite yo chita.Fasa reyalite sa a, kèk paran eseye voye timoun yo nan kèk lekòl prive ki pi fò chita nan bouk la. Men lekòl sa yo, non sèlman yo peye chè, men tou se pa tout ki bay bonjan ledikasyon. Paregzanp yon paran konn peye soti 2,500 pou rive 3,000 goud nan yon lekòl prive. Nan lekòl nasyonal yo kote leta fikse pri ane lekòl la a 100 goud, paran yo konn peye jiska 500 goud pou yon elèv, san konte lòt frè direksyon lekòl yo reklame tanzantan. An mwayèn, paran yo gen 5 timoun pou voye lekòl. Na imajine nou mezanmi ki kantite mago lajan sa mande pou yon paran jwenn pou voye timoun yo lekòl, san konte frè manje. N ap fè sonje, inondasyon 2004 yo te pote ale tout sa anpil nan paran yo te genyen. Jounen jodi a yo nan gwo difikilte pou voye timoun yo lekòl. Gen anpil nan lekòl prive yo, menm lè yo louvri pòt yo nan mwa sektanm, depi yo rive nan mwa mas, lè paran yo pa ka peye, yo vin pa ka fonksyone paske yo pa ka peye pwofesè, konsa, yo tou kraze. Nan Lakòl prive yo, depi paran yo pa peye, responsab yo voye timoun yo tounen lakay yo. Yon senp vizit nan Fonvèrèt ap pèmèt nou konstate anpil timoun k ap kouri nan galèt la ki pa ka ale lekòl.Daprè dokiman kat Povrete peyi dAyiti, vèsyon 2004, Fonvèrèt se youn nan komin ki pi defavorize nan zafè edikasyon ni sou pwen enfrastrikti eskolè ni sou sa ki konsène aksè timoun yo aledikasyonNan Fonvèrèt, pa gen sant pwofesyonèl pou pèmèt jèn yo aprann yon metye, pa gen bibliyotèk; lekòl yo pa gen materyèl travay (Ban, chèz, tablo, biwo ak materyèl didaktik). Anpil nan pwofesè yo pa nome, yo pa touche, yo pa resikle. Tout sa fè nou gen anpil dout sou kalite ansèyman timoun yo ap resevwa. Lòt pwoblèm n ap souliye ankò, lekòl nasyonal yo pa menm anmezi pou yo resevwa kantite timoun ki ta dwe ale lekòl nan komin nan. Yon sal klas konn genyen plis pase 80 timoun ladan li, chif ki depase tout nòm pedagijik ki se youn nan bon kondisyon pou yon timoun aprann byen lekòl.Fòk nou di tou distans ki genyen ant kote 3 lekòl nasyonal sa yo plase se youn nan eleman tou ki defavorize anpil timoun pou yo ta jwenn chans pou antre nan lekòl sa yo. Paregzanp, yon timoun konn ap mache 3zèd tan pou rive nan yon sal klas, yon bagay ki gen gwo konsekans sou randman timoun nan. San konte pwoblèm lapli ki konn oblije timoun nan rete lakay li, akòz lekòl la twò lwen, paske li pa p gen tan rive lakay li san lapli pa tranpe li.Youn nan kategori ki plis viktim nan pwoblèm aksè aledikasyon an se ti fi yo, e nou jwenn plizyè bagay ki lakòz pwoblèm sa a.Akòz paran yo pa gen mwayen, si yo fè efò pou voye youn nan timoun yo lekòl, yo plis voye tigason yo. Reyalite sa a gen rapò ak yon bann vye lide ki fè paran yo konnen li pa enpòtan pou voye tifi lekòl, sa fè tifi yo te toujou viktim. Yon lòt gwo pwoblèm nou konstate, anpil nan paran yo konn pè voye tifi yo lekòl akòz lekòl yo twò lwen. Paske se nan wout la jenn gason konn pwofite fè kadejak sou tifi yo. Se sa ki fè, nan sousi pou paran yo pwoteje pitit fi yo, yo konn gen tandans kenbe tifi yo lakay, pa voye yo lekòl.Anplis desa, anpil nan tifi ki rive viktim kadejak konn tonbe ansent,; lè sa a responsab lekòl yo ak moun nan kominote a konsidere se yon kategori moun ki pa gen plas yo nan yon sal klas. Konsa, tifi sa yo tou pèdi chans pou ale lekòl oubyen kontinye klas yo si yo te deja lekòl. Gen delè pwoblèm nan gen rapò ak vye kwayans lontan ki fè paran yo kwe li pa nesese pou voye tifi lekol. Bagay sa fose tifi yo rete lakay, swa pou fè gadò pitit nan kay, swa pou al nan jaden oubyen fè manje pou lòt timoun ki ale lekol.Sa lakòz tifi ak tigason pa gen menm chans nan zafè ledikasyon. Anplis desa ou preske pa jwenn medam yo reprezante nan anpil espas kote gwo desizyon ap pran nan mitan òganizasyon yo oubyen nan kominote a. Nan sans sa a platfòrm nan kwè, nan yon sistèm demokratik, edikasyon an se yon bagay esansyèl e tout moun dwe gen menm chans pou yo al lekòl, kit se tifi kit se ti gason; paske se sèl kondisyon nou ka jwenn yon patisipasyon sosyal egal ego ant fanm ak gason nan mete kanpe yon bon sosyete ekilibre. {{Konsekans pwoblèm aksè aledikasyon an nan komin nan.}}Youn nan pi gwo konsekans pwoblèm aksè aledikasyon an sou kominote a, se degredasyon anviwonman an. Lè lekol yo voye timoun yo retounen pou lajan lekòl, anpil nan yo pa retounen, yo tou pèdi ane a. Daprè enfòmasyon nou te jwenn nan men yon dirijan yon ti lekòl legliz, sou 100 timoun ki rive jwenn chans pou ale lekòl, 45 ladan yo pa boukle ane a. Gen ladan yo ki tou travèse nan peyi Dominikani, kote yo konn viktim tout kalite trèt ak trafik. Lè yo pa janbe fwontyè a, paran yo kenbe yo nan fè chabon nan forè a. Konsa, jenn timoun yo, espesyalman tigason yo tonbe patisipe aktivman nan detwi Forèdèpen. Pwoblèm presyon pou jwenn lajan pou voye timoun lekòl, se youn nan rezon ki fè jounen jodi a prèske pa rete forè ankò.
Pòtoprens, 18 Oktob 2007.
Platfòm Revandikasyon Oganizasyon nan Fonvèrèt
No Comments