Alienum phaedrum torquatos nec eu, vis detraxit periculis ex, nihil expetendis in mei. Mei an pericula euripidis, hinc partem.

Blog

GARR / Kontni nan Kreyol  / Tit  / Aktyalite  / Dwa Moun  / Yon ventèn ayisyen mouri nan lanmè Bahamas : GARR mande otorite yo pran dosye trafik moun nan oserye

Yon ventèn ayisyen mouri nan lanmè Bahamas : GARR mande otorite yo pran dosye trafik moun nan oserye

GARR aprann ak anpil doulè nouvèl lanmò Ayisyen ki peri nan lannuit dimanch pou rive lendi 21 avril 2008 la, nan zòn lanmè Bahamas, kote yo deja konte yon ventèn kadav.Gen 3 moun abò bato a ki sove, 2 Ayisyen ak yon natifnatal peyi Ondiras. Otorite nan Bahamas ap entèwoje moun sa yo, pou konnen pi byen nan ki kondisyon lòt pasaje yo pèdi lavi yo. Mèkredi 23 avril la, «se demach idantifye kadav yo ak fanmi yo k ap fèt » dapre deklarasyon yon responsab nan Anbasad Ayiti nan Bahamas, GARR te kontakte, e ki di se yon moman ki difisil anpil pou fanmi ayisyen sou zile a.Yon lòt pa, yon sous GARR ka fè konfyans deklare, gen gwo dout sou kondisyon moun sa yo mouri, paske gen plizyè pwen ki pa klè, tankou bato a yo pa jwenn. Èske se jete yo ta jete moun sa yo nan lanmè ? Kilès ki te alatèt vwayaj sa a ? Konbyen lajan boukonn te pran nan men moun yo ? Dram sa a vin ajoute ak yon bann lòt ki rive nan lanmè Karayib la, espesyalman nan mwa me 2007, toupre Zil Tik ak Kaykòs ki anba lobedyans peyi Grann Bretay. San konte sa ki disparèt, yo te ranmase plis pase 60 kadav ayisyen, ladan yo, yon trantèn fanm, apre bato ki t ap transpòte yo a te koule nan yon kondisyon sispèk. Malgre gouvènman Alexis a, te anonse yon komisyon ankèt, li pa janm pibliye rezilta a bay popilasyon an. Byen okontrè, li te pito ranmase ak 2 bra, ankèt otorite peyi Grann Bretay te soti sou ka a, pou blanchi gadkòt Ziltik ak Kaykòs yo nan tout akizasyon moun ki te chape yo, te fè sou yo. GARR ap mande otorite yo pa rete sèlman sou dosye politik tankou chanje premye minis, men se pou yo louvri je yo byen gran sou gwo mouvman trafik moun k ap fèt pasipala, kote san pitit peyi a ap koule pandan yon ti ponyen trafikan ap rich sou tèt yon bann jenn gason, jenn fanm ki pèdi lespwa nan peyi a. Sèlman pou 3 premye mwa nan lane 2008 la, boukonn travèse plis pase 12 mil Ayisyen sou fwontyè a, dapre chif ki soti nan Rezo fwontalye Jano Siksè pou defans ak pwomosyon dwa moun. Lanmò ventèn ayisyen sa yo nan Bahamas dwe sèvi kòm yon dènye siyal pou gouvènman an atake rasin pwoblèm nan, ki se rezoud grangou, chomaj, ak lamizè k ap gaye chak jou pi plis anndan peyi a. Li enpòtan pou nouvo gouvènman an wete nan tiwa dokiman politik jesyon migrasyon mendèv la, yon gwoup òganizasyon ansanm ak reprezantan Leta te bati depi lane 2006. Dokiman sa a montre kouman Leta ayisyen ka fè akò ak lòt peyi nan zòn nan pou pèmèt Ayisyen-Ayisyèn al travay nan pi bon kondisyon, san yo pa bezwen riske vi yo sou fwontyè oswa sou lanmè jan sa sot rive nan zòn Bahamas.GARR salye epi voye kondoleyans bay fanmi viktim yo pandan l ap di yo, pa janm dekouraje mete tèt yo ansanm pou reklame respè dwa yo.

No Comments

Post a Comment