Alienum phaedrum torquatos nec eu, vis detraxit periculis ex, nihil expetendis in mei. Mei an pericula euripidis, hinc partem.

Blog

GARR / Kontni nan Kreyol  / Tit  / Aktyalite  / Dwa Moun  / Dosye Ericq Pierre : Yon legzanp sou nesesite pou Leta ayisyen pran reskonsablite l nan zafè Eta Sivil peyi a

Dosye Ericq Pierre : Yon legzanp sou nesesite pou Leta ayisyen pran reskonsablite l nan zafè Eta Sivil peyi a

Pandan peyi a rantre nan yon demach politik pou plase yon nouvo Premye minis alatèt yon gouvènman tou nèf, youn nan pwen ki sou tab la, se koze papye ki dwe tabli nasyonalite ak orijin li klè kou dlo kòk, depi sou grangrann li. Dapre enfòmasyon k ap sikile nan laprès, Achiv Nasyonal pa jwenn non granpapa ak non grangrann premye minis deziye a nan okenn rejis ki soti nan Jeremi kote yo di li te fèt. GARR, nan sikonstans la, vle atire atansyon tout moun sou sitiyasyon sistèm eta sivil peyi a ki pa bon ditou ak sou nesesite pou reskonsab peyi yo fè refòm ki nesesè nan sistèm sa a, sèl fason pou kalite enfòmasyon sa yo kapab rive jwenn, san grate tèt, lè yo bezwen yo. Dapre 2 etid GARR ansanm ak lòt òganizasyon k ap travay sou kesyon eta sivil la te reyalize, youn an 2007, lòt la an 2004, sistèm eta sivil nan peyi Dayiti a ap mal mache. Sa ki bay sitwayen ak sitwayèn yo anpil pwoblèm lè yo bezwen regle yon koze, tankou fè paspò si y ap pati. Gen yon bann moun nan peyi a, Leta ayisyen pa janm pran okenn dispozisyon pou anrejistre okenn kote epi ba yo yon batistè. Anpil nan sa ki gen batistè, se yon moso papye ki nan men yo, men ki pa anrejistre nan okenn achiv, sa vle di se moun ou pa p janm jwenn dosye yo lè ou bezwen. Akòz Sèvis Sipèvizyon Ministè Lajistis la k ap mal mache, ki san mwayen, ofisye Deta sivil yo fè sa yo pi pito, yo ekri sa yo vle nan akdenesans yo, apre sa, se anpil lajan pou moun yo peye avoka pou fè jijman pou korije yon erè. Alèkile, biwo eta sivil nan anpil kote, fonksyone kòm yon biznis prive. Leta pa prevwa nan bidjè li okenn mwayen pou yo. Se ofisye yo ki blije degaje yo, jan yo konnen, pou peye lokal, peye asistan, achte materyèl tankou papye tenbre ak rejis. Gen plizyè akdenesans ki pote menm nimewo a, paske se fotokopi ofisye deta Sivil yo ap fè ; li pa fasil pou Ministè Lajistis ba yo papye ak rejis pou yo anrejistre enfòmasyon sou timoun paran yo vin deklare. Gen kote dife pase, dlo pase, dechoukay pase, rejis yo pèdi, e pa gen yon doub nan grèf Tribinal Premyè Enstans ak achiv nasyonal, paske dispozisyon pa t janm pran pou sa. Leta pa pran okenn mezi nonplis pou refè achiv zòn sa yo, ni pou rebay moun nan zòn sa yo papye yo. Se anba gwo demach kèk òganizasyon rive ede enpe moun ki te viktim katastwòf rejwenn kèk papye e yo blije depanse anpil lajan pou sa. An Repiblik Dominikèn menm, akòz batistè oswa kat didantite ayisyen yo anpil fwa pa genyen, gen yon bann demach ki pa ka fèt pou yo, tankou ede yo jwenn pansyon yo, enskri pitit yo lekòl, defann yo nan tribinal eksetera. Lè nou gade kalite papye Konstitisyon 1987 la mande yon moun ki pral okipe yon seri fonksyon, sa sipoze Ayiti gen yon achiv eta sivil ki byen òganize, ki byen konsève ; sa sipoze Leta ayisyen pran dispozisyon pou tout timoun ki fèt gen yon batistè ki byen prepare, san fot, ki anrejistre yon kote e ki byen konsève. Si se pa sa, se demajogi, se ankouraje raketè k ap ponn fo papye tribòbabò, se ankouraje esklizyon tou, paske gen yon seri moun, akòz papye Leta pa t janm ba yo oswa pa t bay gran paran yo, ki pa p janm ka jwi yon seri dwa sivil ak politik. Yon lòt pa, GARR ap mande èske atik 11 Konstitisyon an, ki oblije yo remonte a omwen 3 jenerasyon pou aksepte yon kategori ayisyen jwi yon seri dwa sivil ak politik, tankou dwa pou ranpli gwo fonksyon nan Leta, se pa yon vyolasyon dwa moun ? Nòmalman, dapre prensip dwa moun yo, jwisans dwa yo lye direkteman a moun nan, paske li se moun, e non paske li soti nan tèl fanmi, nan tèl peyi, nan tèl jenerasyon oswa nan tèl gwoup sosyal. Nan tout istwa peyi Dayiti, se Konstitisyon 1987 la sèlman ki vini ak zafè ayisyen dorijin nan, se yon bagay GARR kwè ki ta merite korije paske li pa koresponn ak prensip inivèsèl dwa moun ki nan divès Konvansyon entènasyonal Ayiti ratifye yo. Pandan GARR pa ni pou Pyè ni pou Jak, nan koze etidye pyès Premye minis deziye a, li kwè mòd sitiyasyon sa yo se yon okazyon pou dirijan Leta yo, Ekzekitif kou Palman, reflechi sou reskonsablite yo genyen pou pran koze ETA SIVIL PEYI A pi oserye. Li mande yo mete kesyon Refòm Eta Sivil la kòm youn nan priyorite Leta a, vote prese prese lwa òganik LONI an pou tout moun ka konnen aklè si se òganis sa a k ap okipe alèkile zafè papye eta sivil ak papye idantite yo. Mete bon mwayen pou Biwo Eta Sivil yo fonksyone tankou yon veritab sèvis piblik pou tout moun nan popilasyon an, epi travay pou retire tout dispozisyon nan lwa yo e menm nan Konstitisyon an ki pa danse kole ak prensip dwa moun. (photo google.ht)

No Comments

Post a Comment