Rezolisyon fowòm binasyonal sou kòz trèt ak trafik Moun an Ayiti
Soti 20 pou rive 22 Dawout 2008, plis pase 300 moun te patisipe nan Ministè Lakilti nan Pòtoprens, nan fowòm binasyonal sou kòz trèt ak trafik moun an Ayiti, GARR te òganize an kolaborasyon ak plizyè enstitisyon patnè, pami yo Rezo Fwontalye Jano Siksè (RFJS), Solidarite Fwontalyè (SF) ak ACTED. Pandan 3 jou sa yo, patisipan ak patisipant yo ki te soti nan plizyè sektè ak òganizasyon an Ayiti ak an Repiblik Dominikèn, te brase lide sou rezon ki fè, jouk jounen jodi a, vwayaj rakèt ak komès moun, kontinye ap layite kò yo pi rèd nan peyi a, yon pratik ki sanble tèt koupe ak lesklavaj, zansèt ayisyen yo te lite pou kaba.GARR ak patnè li yo te chwazi fè fowòm sa a nan peryòd ki fè sonje premye soulèvman jeneral esklav Sendomeng yo te fè, nan lannuit 22 pou rive 23 dawout 1791 kote yo te frape pye yo byen fò pou di NON AK KOMES VANN MOUN, NON AK PRATIK KI KONSIDERE MOUN TANKOU BÈT; WI POU RESPÈ DIYITE MOUN; WI POU RESPÈ DWA MOUN GENYEN POU VIV TANKOU MOUN. Brase lide ki te fèt pandan 3 jou sa yo, te pèmèt nou konstate Dwa Ekonomik, Sosyal, ak Kiltirèl (sa yo rele DESK yo), esklav yo t ap reklame a, pa janm rive respekte nan peyi d Ayiti pou pi fò moun nan popilasyon an. Se sa ki lakòz jounen jodi a, grangou, chomaj, ensekirite ap taye banda nan peyi a. Peyizan yo pa gen tè ak bon jan ankadreman, Jèn yo pa ka jwenn travay, anpil timoun pa ale lekòl, anpil fanm lage poukont yo ak timoun papa pa okipe nan yon peyi ki pa gen okenn sistèm sekirite sosyal. Menm si sitiyasyon an malouk, refleksyon ki te fèt pandan 3 jou sa yo, fè wè nou pa bezwen dezespere. Gen moun toujou nan peyi a, gen richès ki ka pèmèt nou viv nan diyite, si nou byen sèvi ak yo. Sa nou bezwen, kòm pèp, se plis sansiblite pou sa ki pi pòv yo, se plis solidarite antre nou, plis responsablite nan men Leta.Nan sans sa a, patisipan ak patisipant yo te rive konprann si pèp ayisyen an travay ak menm detèminasyon ki te fè esklav Sendomeng yo kraze baryè Lesklavaj ak kolonyalis la, l ap rive kwape lamizè k ap donnen trafik ak trèt moun, l ap kapab fini ak sistèm restavèk la, l ap kaba mouvman kidnaping nan k ap fè moun tounen esklav ankò. Si pèp ayisyen an gen menm detèminasyon ak esklav Sendomeng yo ki te leve kanpe nan nuit 22 pou louvri 23 Dawout 1791, peyi a ap rive bay tout pèp la manje, voye timoun yo lekòl, bay jenn yo konfyans, pa kite yo tonbe nan pyèj boukonn, nan pyèj trafikan tout plim, tout plimaj.Poutèt sa, patisipan ak patisipant ki te nan fowòm nan fè yon seri rekòmandasyon bay Leta ak Sosyete Sivil la pou 4 gwoup nan popilasyon an, yo estime ki plis vilnerab yo, sa vle di ki plis ka tonbe nan zatrap trafikan yo, akòz move kondisyon lavi yo. Gwoup sa yo, se : – Timoun ki soti nan fanmi ki pi pòv yo, timoun ki nan lari yo, timoun ki soti nan milye riral yo, sitou nan zòn fwontyè yo ak timoun andikape yo;- Fanm ki reskonsab fanmi yo poukont yo, san èd leta, san èd papa yo, fanm k ap viv nan katye popilè nan ensekirite tout kalte, fanm k ap fè madan sara nan zòn fwontyè a ;- Jèn ki nan kouch sosyal defavorize yo ki rive nan laj pou y al travay, men ki toujou sou kont paran yo ;- Peyizan ki pa gen tè ditou ak peyizan ki gen yon ti mouchwa tè sèlman ki pa bay rannman ase pou reponn ak bezwen fanmi yoMen rekòmandasyon fowòm nan fè pou divès gwoup sa yo :{{Gouvènman an dwe:}}- Adopte yon politik pou ede fanm ki lage poukont yo ak pitit papa pa okipe soti nan lamizè. Politik sa a dwe pran an konsiderasyon kesyon manje, lekòl, lojman, swen sante pou fanmi sa yo;- Pran mezi pou ankouraje papa yo pran responsablite yo parapò ak timoun yo fè;- Mete travay pou pèmèt jèn yo, fanm kou gason, rete nan peyi a;- Siyen yon akò avèk Repiblik Dominikèn, sou kondisyon pou komès fèt sou fwontyè ant 2 peyi yo, yon fason pou fanm madan sara k ap fè komès nan zòn sa a sispann sibi abi;- Adopte bon jan politik k ap ede jenn ak andikape yo entegre yo pi byen nan sosyete a;- Repanse inivèsite leta a, mete lekòl, sant pwofesyonèl nan tout peyi a, pou bezwen ledikasyon pa oblije jenn yo pati aletranje, nan nenpòt ki kondisyon;- Pran dispozisyon pou pèmèt peyizan ki gen kòm sèl metye travay tè, kapab jwenn tè ak mwayen pou travay tè a, yon fason pou yo ka reponn ak bezwen de baz fanmi yo;- Kreye kondisyon pou ayisyen vwayaje legal, san yo pa bezwen fè papye oswa chache viza nan rakèt.{{Palman Ayisyen an dwe :}}- Ratifye Konvansyon kont krim entènasyonal òganize ak 2 pwotokòl ki mache ak li yo;- Vote yon lwa sou trèt ak trafik, paske 2 fenomèn sa yo mache ansanm;
NAN NON TOUT ZANSÈT YO KI TE LEVE KANPE, SA FÈ 217 LANE POU DIYITE AK RESPÈ DWA YO, NOU REKLAME PI BON KONDISYON LAVI POU MAS MOUN KI PI DEFAVORIZE YO, YON FASON POU NOU PA TOUNEN NAN OKENN FOM TRÈT AK TRAFIK MOUN SOU TÈ DAYITI.Men kèk pami òganizasyon ki te patisipe nan fowòm sa a:- Reprezantan Platfòm Gwoup k ap Apiye Rapatriye ak Refijye yo (GARR), – Reprezantan 22 komite Dwa Moun ki sou tout liy fwontyè pa bò Ayiti nan Rezo Fwontalye Jano Siksè, – Reprezantan Solidarite Fwontalyè nan Wanament,- Reprezantan Ajans Koperasyon Teknik pou Devlopman (ACTED), – Reprezantan plizyè òganizasyon debaz, ONG, enstitisyon nasyonal ak entènasyonal k ap travay an Ayiti,- Delegasyon ki te soti nan 7 òganizasyon dominikèn, – Pèsonalite nan sosyete sivil la, nan gouvènman an ak nan pati politik yoPòtoprens, 28 Dawout 2008.
No Comments