POZISYON GARR SOU REZOLISYON KONSEY SEKIRITE NASYONZINI KONSENAN TRAFIK AK TRET MOUN AN AYITI, PATIKILYEMAN SOU ZON FWONTYE A
Nan atik 11 Rezolisyon 1840 Konsèy Sekirite Nasyonzini pran sou Ayiti nan dat 14 Oktòb 2008, li mande MINUSTAH pou l mete ansanm ak gouvènman ayisyen an pou l konbat tout kalite fòm trafik illegal k ap fèt sou fwontyè a, pami yo trafik moun. Li mande MINUSTAH tou pou L ranfòse kapasite Polis Nasyonal la nan zòn fwontyè a. Se depi lane pase, nan moman Konsèy Sekirite a t ap renouvle manda MINUSTAH, li te pran desizyon sa a pou ajoute nan manda l, siveyans fwontyè latè, anlè, ak lanmè peyi dAyiti. N ap raple nan menm ane 2007 la, Repiblik Dominikèn te deplwaye sou bò fwontyè pa li a, yon nouvo kò espesyal yo rele CESFRONT pou siveye fwontyè li ak Ayiti.Nan rapò li te fè sou sitiyasyon dwa moun nan fwontyè a pou lane 2007, GARR te deja atire atansyon tout moun sou kijan, ak desizyon sa a pou se Minustah ki siveye fwontyè a, Ayiti lage tèt li nèt nan men entènasyonal la ; li remèt nèt al kole youn nan pi gwo wòl yon Leta genyen ki se siveye fwontyè li ak lòt peyi.Pandan tout ane 2008 la, vijilans GARR fè sou fwontyè a pa pwòp mwayen pa li, atravè Rezo Fwontalye Jano Siksè oubyen lòt enstitisyon, li remake, malgre prezans Minustah sou fwontyè a ki gen manda pou siveye trafik moun, kontrebann ak zam, anyen pa chanje vre. Trafik moun ansanm ak tout kalite vyolasyon dwa moun kontinye pi rèd sou fwontyè a, e menm gen tandans ogmante. Minustah deplwaye nan pwen ofisyèl yo tankou Wanament, Bèladè, Ansapit, Malpas, alòske se pa nan zòn sa yo vre, trafik moun ap fèt. Pandan Minustah gen reskonsablite siveye fwontyè a, gen plizyè ayisyen ki pran bal, ki mouri anba men sivil tankou militè. Minustah pa brinding, li pa menm rapòte zak sa yo. Okontrè, Komite Dwa Moun yo k ap fè vijilans sou fwontyè a, vin gen plis difikilte depi Minustah la, pou fè travay yo. Yo jwenn anpil baryè pou ranmase enfòmasyon sou sijè ki sansib, jan sa te fèt nan dat Premye avril 2008, nan Ansapit, lè sòlda Minustah yo te anpeche Komite Dwa Moun Ansapit la pran foto yon ayisyen ki te resevwa bal, ni jwenn sètifika medikal la, alòske lontan se te yon bagay nòmal pou komite yo jwenn enfòmasyon sa yo.Pou noumenm nan GARR, Minustah pa p janm ka siveye fwontyè Ayiti a vre, pou jan fwontyè sa a fèt ak jan Minustah deplwaye a. Reskonsablite siveyans fwontyè a pou kontwole tout kalite trafik, pou anpeche komès vann moun, pou pwoteje peyi a, se yon reskonsablite Leta ayisyen pa ka abandone bay lòt peyi, ni enstitisyon entènasyonal.Se poutèt sa, GARR ap pwofite sikonstans la pou l renouvle pwopozisyon li te toujou fè Leta ayisyen pou l ka gen yon pi bon kontwòl sou fwontyè a, epi anpeche komès vann moun nan kontinye fèt :1. Ranfòse Sèvis Leta nan fwontyè a, sa vle di pou Leta gen plizyè enstitisyon k ap travay nan zòn sa a, e pa sèlman enstitisyon ki gen zam yo. Paregzanp, se pou gen sèvis piblik ki okipe zafè lasante, dlo potab, migrasyon, jesyon mache, ladwann, lajistis, prezan, lapolis ak lòt ankò. Trè souvan, se akòz mank sèvis sa yo ki fè moun yo itilize sèvis trafikan yo pou janbe lakay vwazen.2. Siyen akò ak Repiblik Dominiken pou gen regleman sou yon seri aktivite k ap fèt sou fwontyè a, tankou aktivite komès yo.3. Ankadre òganizasyon ki enplike dirèk dirèk nan echanj yo toulejou, tankou asosiyasyon machann, asosiyasyon chofè, kanbis, pechè, eksetera, yon fason pou konbat trafikan yo ki vle se yomenm ki fè lalwa sou fwontyè a.4. Ankouraje bon jan kolaborasyon ant sistèm lajistis an Ayiti ak sistèm lajistis an Repiblik Dominikèn, yon fason pou vyolasyon dwa moun ki fèt yo pa rete san pinisyon.Yon lòt fwa ankò, GARR ap raple zafè sekirite fwontyè a se yon pwoblèm ijan ki merite solisyon an ijans. Men sekirite fwontyè a pa ka rezoud ak zam sèlman, ni ak kèk tank Minustah mete nan kèk ti kwen. Sa mande pou Leta ayisyen gen yon vizyon klè sou sa li vle, sou relasyon li vle tabli ak peyi ki vwazen li yo, tankou Repiblik Dominikèn, nan yon kontèks mondyalizasyon. Olye pou remèt sekirite fwontyè a bay Minustah, GARR envite otorite peyi a pou yo travay men nan men ak otorite lokal yo tankou CASEC, Katel Majistra yo, jijdepè yo, ansanm ak òganizasyon kominotè yo, pou l ka kontwole trafik moun ak tout lòt kalite aktivite illegal k ap fèt sou plis pase 350 kilomèt fwontyè Ayiti genyen ak Repiblik Dominikèn.Pou GARR,
Colette LespinasseKòdonatris
No Comments