Ã’ganizasyon k ap travay sou fwontyè a mande jistis pou fanm ki viktim vyolans yo
Sòti 21 pou rive 25 novanm 2008, Rezo Fwontalye Jano Siksè (RFJS) ak Gwoup k ap Apiye Rapatriye ak Refijye yo (GARR) òganize sou tout liy fwontyè a yon seri aktivite mobilizasyon ak sansibilizasyon tankou seyans refleksyon, pwojeksyon fim ak manifestasyon nan lari, nan kad selebrasyon dat 25 novanm nan ki se Jounen entènasyonal kont vyolans sou fanm. “ Nou boukeâ€, yon fim ki trete tèm vyolans konjigal la (vyolans mari fè sou madanm), “Fòk nou paleâ€, yon lòt fim ki pale de vyolans seksyèl nan travay, se de (2) pami kèk fim ki te pwojte yo. Ã’ganizasyon yo te pwofite fè sansibilizasyon sou trafik ak trèt fanm avèk lòt fim etranje. Manm ekip GARR la ak Komite Dwa Moun yo te anime yon deba apre chak fim pou analize ki kalte vyolans ki te pase nan fim yo, kòz ak konsekans yo, kisa ki dwe fèt lè ka sa yo prezante epi kijan pou kominote a fè solidarite pou ede moun k ap sibi vyolans yo. Nan Laskawobas, Komite Dwa Moun nan (KDML) òganize yon seyans refleksyon ak fanm ki viktim trèt ak trafik yo, fanm k ap fè komès sou fwontyè a ak fanm ki manm òganizasyon yo.Apre seyans refleksyon nan Laskawobas la, medam yo te pran lari ak pankat nan men, anpil eslogan, anpil chante nan yon manifestasyon kont vyolans sou fanm. Yo siyonnen tout vil la kote yo pase devan biwo piblik, patikilyèman devan komisarya polis ak tribinal depè a pou reklame jistis pou fanm ki viktim vyolans yo. Medam yo te pwofite li yon nòt pou laprès devan tribunal Laskawobas la kote yo mande otorite lajistis yo yon atansyon espesyal pou fanm ki nan mache yo ak sila yo ki viktim anba men boukonn ak kadejakè. Yo te pwofite mande jistis pou Christophe Rondeau, yon ansyen rapatriye ki te manm KDML e yo te jwenn mouri bò yon rivyè nan mwa Oktòb 2008 la.“Aba vyolans sou fanm…., jistis pou fanm viktim…, mare kadejakè…, sispann bay jistis pou lajan…†se kèk nan pawòl medam Laskawobas yo t ap klewonnen devan biwo leta yo. Komite Dwa Moun Laskawobas la te fini komemorasyon an nan aswè 25 novanm kote kèk otorite lajistis, lapolis, manm GARR, notab ak kèk moun nan popilasyon an te prezan pou reflechi sou travay komite a deja reyalize nan kominote a.N ap raple selebrasyon 25 novanm sa a te fèt tou nan kad senkyèm anivèsè komite Laskawobas la k ap travay nan fè pwomosyon ak defans dwa moun nan zòn fwontyè a, Ba Plato Santral. Komite sa a, menm jan ak tout lòt komite ki nan RFJS, ap travay nan akeyi rapatriye yo, nan pote kole nan pwogram reyensèsyon pou fanm ak timoun rapatriye, nan akonpaye viktim yo devan lajistis ak nan fè pledwaye bò kote otrite lokal yo pou mande plis atansyon nan zafè migrasyon ak fwontyè.
No Comments