Mesaj yon gwoup òganizasyon ki mete ansanm ak GARR pou reklame refòm nan sistèm Eta sivil ayisyen an nan okazyon Jounen Nasyonal Timoun
Nan okazyon 14 jen 2009 la ki se Jounen Nasyonal Timoun, nou menm yon gwoup òganizasyon ki mete ansanm ak GARR pou reklame refòm nan sistèm Eta sivil ayisyen an, nou voye yon gwo salitasyon pou tout timoun peyi Dayiti kèlkilanswa kote yo ye: timoun lavil kou timoun nan mòn, timoun k ap viv anndan fanmi ki gen gwo mwayen tankou timoun k ap viv nan fanmi malere, timoun ki anndan kay kou timoun ki nan lari. Kòm òganizasyon k ap defann dwa moun, nou konstate gen plizyè nan dwa timoun yo ki pase anba pye, tankou dwa pou yo gen yon batistè kòmsadwa. Sou chak 100 timoun ki fèt, gen plis pase 30 ki pa janm gen yon batistè, ki se premye papye Leta ki di nan ki peyi yo soti, kilès yo ye, kilès ki papa yo, kilès ki manman yo e nan ki dat yo fèt. Lè Leta ki gen responsabilite pou anrejistre tout timoun depi yo fèt pa rive fè travay sa a, li mete yon kategori timoun deyò nan sosyete a. Sa ki lakòz, anndan pwòp peyi yo, yon gwoup timoun tounen sa yo rele « apatrid », sa vle di moun ki pa sitwayen okenn peyi. Timoun ki pi frape pa sitiyasyon sa se timoun ki nan kondisyon difÃsil tankou timoun restavèk yo ak timoun nan lari yo. Lalwa pa di kòman pou yo anrejistre timoun sa yo ki souvan pa konnen non paran yo, dat nesans yo ak kote yo fèt.Akote pwoblèm anrejistreman an, sistèm Eta sivil peyi Dayiti a kreye plizyè kategori timoun tankou: timoun lejitim, timoun natirèl, timoun adilteren, timoun ensestye, eksetera. Sa ki lakòz batistè anpil timoun chaje ak pawòl ki lage move etikèt sou yo. Sitiyasyon sa a pral gen pi devan gwo konsekans sou lavi timoun yo. Timoun sa yo ap sibi gwo imilyasyon nan sosyete a epi yo tout pa benefisye menm privilèj akòz diferans ki genyen nan batistè yo.Mete sou sa, Kòd sivil la pa bay okenn posibilite pou yon papa ki marye fè akdenesans yon timoun li fè ak yon lòt manman ki pa madan marye li. Li pa pèmèt nonplis manman timoun nan di ofisye deta sivil la kilès ki papa timoun sa a. Sa ki lakòz, nou jwenn nan sistèm nan, batistè yo rele « deklarasyon papa », « deklarasyon manman ». Nou jwenn tou yon bann timoun yo rele « timoun san papa », ki lage sou kont manman yo sèlman, paske papa yo pa vle okipe yo e manman sa yo pa gen nan men yo okenn papye pou fòse papa yo pran reskonsablite yo. Kòm konsekans ankò, anpil timoun pote siyati manman yo e nan kèk ka se yon moun nan fanmi manman yo ki pase pou papa yo. Tout sitiyasyon sa yo vyole dwa fondalnatal timoun yo, paske sa anpeche yo konnen kilès ki veritab paran yo; sa anpeche yo pote non paran yo, jwenn nan men yo pwoteksyon oswa jwi yon seri privilèj tankou paregzanp eritaj paran sa yo kite. Anplis tou, yo pa ka jwi yon seri dwa tankou ale lekòl pou jwenn fòmasyon, yon fason pou yo ka prepare avni yo e lè yo vin gen laj majè, pou yo vote nan eleksyon, vini kandida, elatriye. Nou menm òganizasyon ki mete ansanm pou revandike refòm nan sistèm Eta sivil ayisyen an, pandan n ap ankourajje gwo jefò ki koumanse fèt pou redrese sistèm nan, tankou nan mete kanpe Ofis Nasyonal Idantikasyon (ONI), nou kwè fason sistèm Eta sivil la trete timoun yo pa mache daplon ak respè diyite moun. Sa pa ka kontinye konsa. Gen non w anrejistre yon kote depi ou fèt, se yon dwa fondamantal nou jwenn nan plizyè Konvansyon Entènasyonal Leta ayisyen ratifye tankou Konvansyon Sou Dwa Timoun yo. Leta ayisyen ki gen obligasyon pou l anrejistre tout timoun nan peyi a depi lè yo fèt, dwe fè jefò pou l garanti tout pitit peyi a, fi kou gason, dwa pou yo gen yon batistè ki anrejistre non yo yon kote kòmsadwa. Se nan sans sa a, nan okazyon Jounen nasyonal timoun yo, Kolektif òganizasyon k ap batay pou refòm sistèm Eta Sivil la mande Leta Ayisyen:1. Pran dispozisyon pou anrejistre kòrèkteman e menm jan, tout timoun ki fenk fèt nan peyi a nan yon delè ki pa depase yon lane, kèlkilanswa kote timoun sa yo fèt, kèlkilanswa nan kondisyon yo fèt la ;2. Pran dispozisyon pou anrejistre san okenn tras diskriminasyon, avèk non papa ak manman yo sou batistè yo, tout timoun ki fèt, pou zafè timoun san papa a fini.3. Pran dispozisyon pou tout timoun ki nan lari yo, timoun yo rele restavèk yo, timoun k ap viv nan sant dakèy yo eksetera, e ki pa gen okenn enfòmasyon sou paran yo, ni dat ak kote yo fèt, rive gen yon batistè;4. Mete nan tout seksyon kominal yo biwo Eta sivil ak moun konpetan k ap fè yo fonksyone, yon fason pou paran timoun ki fèt nan zòn sa yo ka jwenn yon kote pou fè batistè yo kòmsadwa, san pwoblèm ;5. Pran mezi espesyal, kredib, senp k ap pèmèt yo anrejistre tout timoun ki nan laj minè sòti 25 mwa pou rive 18 lane ;N ap pwofite pou mande palman an pou l :1. Vote lwa pou pèmèt Ofis Nasyonal Idantifikasyon(ONI) bay tout popilasyon an bon jan sèvis Eta sivil epi bay tout timoun yon batistè ak yon nimewo k ap idantifye yo depi yo fenk fèt ;2. Pase men nan Kòd sivil la, yon fason pou retire ladan l tout atik ki ankouraje pawòl prejije nan batistè timoun yo.Nan okazyon Jounen Nasyonal Timoun yo, Kolektif la lanse yon apèl bay tout moun nan peyi a, espesyalman bay dirijan yo, pou yo kreye kondisyon pou pèmèt timoun nan peyi Dayiti viv tankou tout lòt timoun sou latè. Nou mande tout moun pou yo rekonèt enpòtans timoun pandan y ap pran desizyon pou respekte dwa yo, tankou dwa yo genyen pou gen yon idantite, yon papa, yon manman epi viv nan afeksyon yo. Ann konstwi yon gwo solidarite antre nou, pou n fini ak zafè mete timoun sou kote a. Tout timoun se timoun, tout timoun se moun. Kidonk tout timoun dwe anndan, tout timoun dwe gen menm dwa kèlkilanswa kote l fèt, kèlkilanswa nan kondisyon l te fèt. Moun ki siyen tèks sa a :
Pou GARR Lisane André, Responsab Seksyon Kominikasyon Pledwaye
Ã’ganizasyon ki nan kanpay Pledwaye pou yon refòm nan sistèm Eta Sivil la:1. MOUFHED2. JILAP3. POHDH4. ICPJL5. CAD6. CRAD7. Fondation Maurice Sixto 8. Fondation Zanmi timoun9. Centre d’accueil Foyer d’Amour10. Konbit Fanm Sid11. OBCJ12. ITECA13. CPFO14. FORS
No Comments