Yon ranmase sou sitiyasyon vyolans sou fanm nan zòn fwontyè a
Zòn fwontyè a, gen anpil zak vyolans tout kalte k ap fèt ladan. Gen vyolans ki fèt sou ti peyizan yo lè yo janbe lòt bò fwontyè al travay sou tè dominiken; gen vyolans ki fèt sou elvè yo, lè rezo vòlò pote ale ti bèt yo genyen pou yo viv ; gen vyolans ki fèt sou komèsan ak komèsant yo nan fason yo kase ponyèt yo, fòse yo peye fo taks oswa plis taks pase sa lalwa mande pou peye nan ladwann ak nan mache yo, eksetera. Men nan fwontyè a, gen anpil vyolans ki fèt sou fanm yo tou paske yo se fanm. Vyolans sa yo fèt sou tout fòm: gen vyolans fizik, kadejak, presyon ak abi tout kalte sou fanm yo paske yo se fanm. Nan lokazyon 25 novanm nan, ki se jounen entènasyonal kont vyolans sou fanm, GARR ap bay kèk enfòmasyon sou kijan vyolans espesyal sa a sou fanm yo ap evolye sou fwontyè ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn.{{{Vyolans sou fanm ak tifi ki gen tout laj}}}Moun ki fè vyolans sa yo se swa ayisyen k ap viv an Ayiti, swa dominiken k ap viv sou bò Dominikani, swa boukonn ki fin negosye ak medam yo, pran lajan nan men yo pou fè yo travèse fwontyè a, epi annapre ki vyole yo. Anpil fwa, boukonn sa yo konn pwomèt medam yo travay epi se vann y al vann yo nan kafe an Repibkik Dominikèn pou fè pwostitisyon. N ap siyale yon fòm espesyal vyolans sou fanm k ap pran jarèt alèkile nan Ansapit yo rele SAPATANN. Kisa sapatann nan ye? Se menm zafè kòk blende ki te alamòd yon lè nan Pòtoprens, ki rive kounye a sou zòn fwontyè a. Gen yon seri mesye ki monte peni yo ak yon elastik double yo mare ak plizyè ne epi yo vin atake medam yo pou fè kadejak sou yo ak peni sa a. Depi medam yo tande pawòl sa a, kè yo sou biskèt. Zafè sapatann sa a soulve kòlè divès òganizasyon fanm, notab ak òganizasyon dwa moun nan Ansapit.Anpil nan moun ki viktim vyolans seksyèl yo se tifi minè. Soti janvye pou rive Oktòb 2009, GARR ak Komite Dwa Moun nan Sidès, Lwès ak Plato Santral ranmase enfòmasyon sou 22 ka vyolans seksyèl ki te fèt sou fanm nan zòn kote yo travay. Men chif sa a, se yon ti kras, pami latriye zak k ap fèt toulejou. Pou depatman Lwès ak Sidès sou 6 ka vyòl, gen 4 ki te fèt sou timoun ki gen ant 7 pou rive 17 lane. Gen youn nan timoun yo ki te gen 14 lane, apre yo fin vyole li, yo touye l epi yo foure yon wòch nan bouboun li. Pami medam ki te viktim vyolans yo, gen 2 ki mouri: toulède se mari yo ki te komèt zak la sou yo. Gen youn, apre mesye a fin touye l, li koupe moso nan dèyè l. Nan pi fò ka yo, agresè yo chape poul yo janbe an Repiblik Dominiken apre yo fin komèt zak la. Pami tout 22 ka GARR ak Komite dwa moun yo te travay sou yo, se yon sèl ki nan prizon. Gen yon ka kote paran yo antann yo ak agresè a, yo pran 5 mil goud nan men li kòm swadizan reparasyon pou kadejak li te komèt sou pitit yo. {{{Kisa ki sitire vyolans sou fanm yo nan fwontyè a?}}}Youn nan rezon ki fè vyolans sou fanm yo ak tifi yo ap kontinye konsa nan zòn fwontyè a se zafè enpinite a. Agresè yo pa jwenn pinisyon pou zak yo komèt yo paske:- Gen paran ki poko pran konsyans sou kesyon dwa timoun yo ak sou ravaj yon kadejak ka fè sou yon timoun. Etan done yo wè lajistis pa p mache, anpil fwa yo pito aksepte yon dedomajman nan men kadejakè a, pase pou yo kite ka a ap trennen devan tribinal;- Jij ak otorite lokal yo ki ta sipoze fè respekte lalwa, antre nan konplisite ak kadejakè yo. Anpil fwa, antant pou dedomajman yo fèt devan otorite lajistis yo ki konn jwenn pa yo nan lajan an. – Jij yo trè souvan pa konnen tèks lwa yo sou zafè kadejak, espesyalman dekrè 2005 la ki ranfòse pinisyon pou kadejakè yo. Gen jij ki konnen lwa yo, men ki pa aplike yo. Yo pito fè fo jijman nan ka vyolans sou fanm ak vyòl oswa sèvi ak pwòp regleman pa yo. – Genyen moun tou ki pè lajistis, ki pito reziye yo, lè yon bagay rive yo, san konte tout konplikasyon koze lajistis la genyen ladann.- Nan ka vyolans sou tifi yo, lè paran yo deziste, òganizasyon dwa moun k ap travay sou ka yo pa ka mennen yo devan lajistis paske lalwa nan peyi Dayiti pa pèmèt yo fè sa,- Gen anpil zòn ki pa gen pyès prezans lapolis. Lè konsa, bandi yo fè sa yo vle epi apre sa yo chape poul yo ale an Repiblik Dominikèn.Anplis tou, nan pi fò lokalite nan zòn fwontyè a, pa gen sant sante. Lè ou resi jwenn youn, pa gen okenn medikaman ki disponib ladan l pou bay moun ki viktim kadejak yo yon fason pou anpeche yo devlope yon seri maladi tankou sida, enfeksyon nan vajen, sifilis eksetera. Nan kèk kote ki gen sant sante, souvan pa menm gen materyèl premye swen ladan yo, alewè pou pake ijans nan ka vyolans, san kote move sitiyasyon wout ak mwayen transpò pou moun yo rive nan sant sante sa yo. Konsa, lè fanm yo fin sibi yon vyòl, yo pa fasil jwenn yon kote yo ka ale pou resevwa swen yo merite. {{{Kisa GARR ak Rezo Fwontalye Jano Siksè(RFJS) deside fè?}}}Fasa a reyalite malouk sa a fanm ak tifi ap viv sou zòn fwontyè a, GARR ak 15 komite dwa moun ki manm Rezo Jano Siksè yo deside kontinye travay pi rèd pou konbat zafè vyolans sou fanm ak tifi yo sou fwontyè a. Nan sans sa a, òganizasyon sa yo pran angajman pou :- kontinye epi ranfòse aktivite sansibilizasyon yo deja koumanse nan zòn fwontyè a sou koze vyolans la, espesyalman vyolans sou fanm yo, ak tout aktè ki konsène tankou : jèn fi ak jenn gason, granmoun yo, otorite lokal yo, notab yo, lidè relijye yo (pastè ak pè, ougan, manbo), òganizasyon kominotè yo, elatriye. – Ranfòse kolaborasyon ak tout lòt enstitisyon k ap travay nan domèn nan, yon fason pou anpeche sitiyasyon sa a kontinye devlope nan zòn fwontyè a, ak pou viktim yo konnen kisa yo dwe fè prese prese lè malè sa a rive yo.- Kontinye aktivite pledwaye ki koumanse fèt deja pou fòse otorite Lajistis yo mete prezans lapolis nan fwontyè a ak pou otorite Sante Piblik yo mete medikaman ijans nan tout sant sante ki nan zòn fwontyè a, dekwa pou moun ki viktim yo ka jwenn yo.- Pote kole ak lòt òganizasyon fanm nan tout zòn fwontyè a pou agresè yo jije kòmsadwa, pou gen legzanp ki trase pou desitire zak sa yo.
GARR, 24 novanm 2009
No Comments