GARR mande Leta ayisyen pran mezi pou garanti dwa moun migran ak migrant ayisyen yo
Nan okazyon Jounen Entènasyonal Migran, GARR ankouraje responsab Leta yo pran dispozisyon ki ale nan sans respè dwa moun Ayisyen/Ayisyèn ki aletranje, tankou dwa lavi, dwa idantite, ak dwa pou yo jwi byen yo fè.Pandan lane 2009 la, gen plizyè dizèn Ayisyen ki disparèt nan lanmè, san konte sa ki viktim nan trafik moun k ap fèt sou fwontyè a. An Repiblik Dominikèn, se yon trantèn ka sasinay Ayisyen/Ayisyèn ki rapòte nan laprès, san konte sa nou pa konnen.Pi fò nan moun sa yo t ap kouri pou chomaj ak lamizè. GARR, nan suivi ka li te gen posiblite fè, konstate, Leta rete nan wout lè pou li akonpaye fanmi viktim yo. Nan sans sa a, GARR mande gouvènman ayisyen an, pou li fè inite espesyal dwa moun ministè afè etranjè te anonse lap mete nan konsila yo, tounen yon reyalite ; kote ya pran ka moun ki bezwen konkou ijan. Anplis tou, se pou Leta mete travay nan zòn kote plis moun gen tandans pati.GARR, nan kad kanpay Pledwaye l ap mennen pou tout pitit peyi a gen akdenesans ak kat didantite, GARR vle siyale masuife Ayisyen/Ayisyèn aletranje ap monte, lè yo bezwen yon papye nan peyi Dayiti pou ranpli fòmalite nan peyi kote y ap viv la. Lè papye yo pa vini, moun sa yo konn pèdi tout avantaj pou yo rete nan peyi sa a, e yo konn rive viktim depòtasyon, espesyalman nan teritwa franse yo.GARR mande Leta ayisyen kreye yon sèvis espesyal nan Achiv Nasyonal pou akonpaye Ayisyen/Ayisyèn sa yo, yon fason pou yon senp ekstrè achiv pa fè yo pèdi benefis kouray yo nan peyi etranje. Se yon fason tou pou Leta ayisyen montre li vle respekte yon dwa fondalnatal dwa moun, dwa pou idantifye.Yon lòt pa, nan chif Komite dwa moun Rezo Fwontalye Jano Siksè ranmase, soti mwa janvye pou rive novanm 2009, se 11 mil 936 moun otorite dominiken yo lage sou fwontyè a, ladan yo 487 fanm, 181 timoun. Se okazyon pou nou fè sonje, 2009 la fè 10 lane depi Gouvènman Preval te siyen yon akò 8 pwen sou rapatriman ak gouvènman Fernandez la. Gen yon pwen nan akò sa a, ki egzije otorite dominiken yo pou bay moun y ap rapatriye a posiblite pou yo pran byen yo. Sa pa respekte, e moun sa a ki kite tout afè l dèyè, konn blije lage kò l nan mandyansite nan vil fwontyè a, pandan y ap fè piyay nan byen li kite an Repiblik Dominikèn.GARR mande pou 2 Leta yo mete anndan komisyon miks la, yon seksyon espesyal pou suiv aplikasyon pwotokòl la, e kote moun ki viktim vyolasyon pwotokòl la, ka pote plent lè yo pa kite l pran salè li ni byen li kite dèyè.GARR rekonèt jefò Leta ayisyen fè nan lane 2009 la, lè Palman ayisyen an ratifye Konvansyon Nasyonzini sou trafik ak trèt moun. Se yon demann GARR te fè plizyè fwa, nan okazyon Jounen Entènasyonal Migran yo. Li tou pwofite mande Leta ratifye Konvansyon sou Pwoteksyon Dwa Travayè Migran, ki se yon zouti anplis, anfavè dwa migran yo.Pou fini, nan okazyon Jounen Entènasyonal Migran, GARR voye yon bèl salitasyon bay 3 milyon Ayisyen/Ayisyèn ki aletranje. Nou di yo ankouraje ! Pa gade sèlman kote nou rive kòm peyi, men se ki wout nou te pran pou nou rive la a e ki bon chemen n ap pran pou n rive pi devan. An nou fè sa nan tèt ansanm, nan solidarite chak jou Ayisyen/Ayisyèn anndan kou deyò peyi a !
Pou Platfòm GARRSerge LamothePrezidan Konsèy Administrasyon
No Comments