Fanm yo dwe nan mitan tout plan pou rekonstwi peyi a
Nan dat 8 ak 9 mas 2010, plizyè santèn fanm patisipe sou fwontyè a ak nan Pòtoprens, nan divès rankont kote yo bay dizon yo sou sitiyasyon y ap viv toulejou ak pawòl ki gen arevwa ak rebati peyi a sou yon lòt baz. Yo pa dwe mete fanm yo sou kote nan plan pou rekonstwi peyi a, se pozisyon pi fò fanm ki te reyini an atelye, nan Laskawobas, Bèladè ak Tomasik 8 ak 9 mas 2010. Anplis tou, fanm sa yo k ap viv nan zòn fwontyè a mande pou desantralizasyon an tounen yon reyalite epi pou gen akonpayman sikolojik pou plizyè santèn fanmi ki deplase soti nan kapital la e ki vin refijye nan zòn Plato a.Nan Pòtoprens, nan lokal Gwoup k ap Apiye Rapatriye ak Refijye yo (GARR), ki chita nan katye Kris Wa, fanm ki soti nan kan ozalantou yo, te reflechi nan apremidi 8 mas la, sou kijan yo ka entegre pwopozisyon pa yo nan plan rekonstriksyon peyi a ak ki estrateji yo ta ka devlope pou yo pa rete deyò, swa nan travay k ap fèt yo, oswa nan bay dizon yo sou sa kap bon pou yo. « Pa gen okenn Ayiti k ap rekonstwi si fanm yo pa ladann », se fraz sa tout asistans la te deklare ansanm.« Kat la te mal bat nan pouvwa politik yo. Nan palman an pa gen anpil fanm epi sa k ap deside yo pa konsènen medam yo. Kat la te mal bat tou nan kesyon edikasyon, sante : fanm yo peye anpil kòb pou fè sezaryèn », se sa youn nan patisipant yo te deklare. Se anba gwo bravo fanm yo te akeyi divès pwopozisyon ki te fèt pou kwape move sitiyasyon fanm yo ap viv apre tranblemann tè 12 janvye a. “Gen anpil fanm ki pa gen kay pou yo rete. Gen anpil fanm ki gen pitit san papa nan men yo. Gen anpil fanm ki abitye prete lajan pou yo fè komès. Se pou ta gen yon kote ki prete fanm sa yo lajan pou yo reprann komès yo, menm si y ap remèt kòb la pa moso. Se pou yo ede fanm yo tou ki pa kapab peye Doktè lè yo pral fè pitit, fòk yo ta jwenn swen gratis. Epi tou, timoun ki pa ka al lekòl yo, se pou Leta ba yo bon jan edikasyon », se sa yon fanm te mande nan kad nouvo Ayiti k ap pale a .Anpil lòt medam ki te nan aktivite sa a nan GARR, mande pou fanm ak gason gen menm dwa : dwa pou yo jwenn travay nan anbochaj k ap fèt apre tranblemann tè a ; dwa pou y al lekòl ; pou yo pale sou sa k ap deside pou peyi a, ak lòt ankò.Nan temwayaj fanm yo te bay sou lavi chak jou yo nan kan kote y ap viv la, yo lonje dwèt sou divès pwoblèm ki gen arevwa ak vye mès sosyete a mete kay gason yo nan rapò yo ak fanm.Nan sans sa a, yon jèn fanm k ap viv nan kan Kid la, nan antre katye Kris Wa a, te deklare : « Lè m ap benyen, gen jèn gason ki vle gade kò m. epi y ap di yon bann betiz sou devan m ». Yon lòt patisipant mande pou medam yo gen twalèt pa yo apa nèt, lwen pa gason yo. Yon lòt pa, fanm yo denonse mesye yo k ap jwe radyo byen fò tout lannuit, sa ki anpeche yomenm ak pitit yo dòmi. Yo mande pou gen fòmasyon ki fèt pou jèn gason nan kan yo sou kijan pou yo konpòte yo.Anpil nan medam sa yo ki soti nan kan « Kid » ak nan kan « Mariyán » nan Kris Wa te pwofite moman sa pou yo fè echanj antre yo epi chante ansanm.
No Comments