Alienum phaedrum torquatos nec eu, vis detraxit periculis ex, nihil expetendis in mei. Mei an pericula euripidis, hinc partem.

Blog

GARR / Kontni nan Kreyol  / Tit  / Aktyalite  / Dwa Moun  / GARR mande otorite Leta yo pran dispozisyon pou akonpaye moun ki pèdi papye yo pandan tranblemann tè 12 janvye 2010 la

GARR mande otorite Leta yo pran dispozisyon pou akonpaye moun ki pèdi papye yo pandan tranblemann tè 12 janvye 2010 la

Avèk katastwòf 12 janvye 2010 la, kote plis pase 100 mil kay kraze, 250 mil moun pèdi lavi yo, pou pi piti, pwoblèm papye didantite ki te deja yon gwo kastèt chinwa pou divès kouch nan popilasyon ayisyèn nan vin ogmante. Otorite Leta yo dwe pran dispozisyon pou tabli bonjan mezi pou akonpaye sitwayen/sitwayèn k ap refè dokiman yo pèdi nan moman dram nan.Anpil Ayisyen-Ayisyèn ki te deja gen dokiman didantite tankou batistè, paspò, kat idantifikasyon nasyonal elatriye pèdi yo anba dekonm. Kounye a, yo vin nan gwo difikilte pou fè divès tranzaksyon, tankou resevwa lajan fanmi yo ki nan peyi lòtbò dlo voye pou yo, fè retrè sou lajan yo genyen labank, rekipere lajan labank fanmi yo ki mouri, ak lòt tranzaksyon ankò ki mande papye.Kanta timoun yo, sitiyasyon yo vin pi mangonmen. Daprè yon rapò òganizasyon dwa moun RNDDH fè soti nan kòmansman mwa mas 2010 la sou sitiyasyon peyi Dayiti apre tranblemanntè 12 janvye a, gen pou piti 450 mil timoun ki nan kan yo. Anpil nan timoun sa yo ki pèdi manman ak papa yo, lage san okenn dokiman didantite ki pou di kilès yo ye, kilès ki te manman yo e kilès ki te papa yo. N ap fè sonje, pandan plizyè jou apre tranblemann tè a, se nan kamyon yo t ap lage kadav Ayisyen, fanm kou gason, pou al jete san otorite yo pa t pran okenn mezi pou idantifye yo. GARR salye desizyon Achiv Nasyonal pou te kenbe kontak ak popilasyon an, epi rekòmanse bay sèvis ekstrè achiv nan dat 15 mas 2010 la. Men l ap mande ak ki mwayen sitwayen/sitwayèn yo pral peye sèvis sa lè nou sonje nan ki sitiyasyon difisil yo ye jounen jodi a kote anpil ladan yo pèdi travay yo san konte nouvo obligasyon ki anfas yo tankou moun blese ak andikape ki sou kont yo. Nan sans sa, GARR ap mande otorite yo pou yo ta pran yon desizyon espesyal k ap fasilite moun ki bezwen sèvis ekstrè achiv la jwenn li san yo pa bezwen peye lajan pou sa annatandan sitiyasyon an amelyore.Menmjan tou, GARR konstate jefo Responsab Ministè lajistis peyi Dayiti yo fè pou mete popilasyon an okouran demach ki dwe fèt pou li ka jwenn sètifika desè moun ki mouri oswa disparèt nan tranblemanntè 12 janvye a. Li enpòtan pou otorite yo pran bonjan mezi pou sitwayen/sitwayèn yo ka jwenn sèvis sa san tèt chaje, san yo pa tonbe anba grif raketè ni peye lajan yo pa posede pou sa, lè nou sonje popilasyon an pèdi tout sa l te genyen, kay, travay, ti komès nan mitan tranblemann tè a. GARR ap pwofite okazyon an pou salye dispozisyon sektè prive a, tankou bank yo, te pran, espesyalman UNIBANK, pou fasilite sitwayen-sitwayèn ki pèdi dokiman didantite oswa kanè bank yo pandan dram 12 janvye a kontinye fè tranzaksyon lakay yo gras ak yon pyès didantite pou yon tibout tan bank lan ba yo. L ap pwofite tou pou mande otorite Leta yo pran mezi prese prese pou pèmèt moun sa yo rejwenn papye yo kòmsadwa, yon fason pou yo pa bloke, kèlkilanswa kote yo bezwen fè yon tranzaksyon.Kòm òganizasyon k ap travay nan fè pwomosyon ak defans dwa moun, GARR kwè, nan moman gen gwo brase lide k ap fèt anndan kou deyò peyi a, sou kijan nap bati yon pi bon Ayiti, san mete pèsonn sou kote, Leta aysisyen dwe pwofite okazyon sa a pou mete kanpe yon sistèm Eta sivil kòrèk kote dwa tout pitit tè Dayiti, fanm kou gason, respekte kèlkilanswa kote yo ye e nan nenpòt ki kondisyon yo ta fèt.

No Comments

Post a Comment