Klèb timoun nan fèmen ak lespri yo tou louvri sou dwa yo tankou dwa pou y al lekòl
Se nan gwo ekla ri, bat bravo, chante, danse, timoun Kan Kid ak ozanviwon selebre Jounen Nasyonal Timoun nan, nan lokal GARR, Kriswa, 13 jen 2010. Jounen sa a te make tou finisman aktivite Klèb Timoun responsab GARR yo te mete sou pye apre tranbleman tè 12 Janvye a, yon fason pou ede timoun sa yo kenbe ekilib yo apre gwo chòk katastwof la te trennen dèyè l. Nan tout sa yo te aprann sou dwa timoun, gen youn yo pa bliye, se dwa edikasyon. »{Ledikasyon se yon dwa fondalnatal pou devlopman tout timoun} », se sou pawol sa pwogram nan te dewoule nan lakou GARR ki te fleri ak desen ak lot travay plis pase 200 timoun Klèb la te reyalize. Pandan tout jounen an, timoun yo te gen okazyon montre ladrès yo nan pyès teyat, pwezi, chante kote yo di, yo reve yon peyi kote dwa timoun respekte. Gen 2 gwoup ki te jwe pyès kote yo pale sou dwa edikasyon timoun andikape yo pa dwe mete sou kote.Bò kote pa l, Kodonatè pwogram Klèb timoun nan, Chavannes Charles mande tout sitwayen/sitwayèn ak oganizasyon konsekan “{pou yo pote kole pou egzije responsab Leta yo tabli yon lekol kalite, ki alapote tout timoun}â€.Jounen an, se te okazyon tou pou 2 timoun Gaetan Stevenson ak Felicia Vilmenay di tout sa yo te santi apre tranblemann tè a. Yo deklare : “{Apre tranblemann tè a, nou te pè anpil, nou te an tristès, men lè nou vin nan klèb la kote yo pale avèk nou, yo di nou kisa yon tranblemann tè ye, sa pou nou fè, sa yo rele dwa timoun, epi nou jwe, nou fè nouvo zanmi, nou santi nou byen} ».Bò kote pa l, yon paran timoun nan Klèb la di: « {Apre tranblemann tè a, nou pa t konnen ki sa pou nou te fè ak timoun yo. Lè Klèb la vin monte, nou santi se yon gwo soulajman pou nou, ak tout aktivite li ofri yo, klèb la ranpli yon bon pati nan wol espesyalis yo rele sikolog yo konn fè, e kote nou pa ta gen lajan pou n peye}».Youn nan monitè Klèb la, Fred Sylvain, ankouraje timoun yo pou kontinye mete an pratik epi pataje 7 valè yo te aprann e ki konsène dwa timoun ak devwa yo nan sosyete a. Pami 7 valè sa yo, nou jwenn : « Respè, Kolaborasyon ak responsablite »Nan selebrasyon Jounen Nasyonal Timoun nan nan lokal GARR, nou te remake prezans reprezantan divès enstitisyon nasyonal ak entènasyonal, ansanm ak yon delegasyon manm inivèsite Pòtoriko ki te reyalize divès atelye travay ak timoun Klèb yo kèk jou anvan sa.Nan finisman jounen an, kodonatris GARR la, Colette Lespinasse, anonse gen lot aktivite enstititisyon an anvizaje ak deplase yo nan kan KID anvan lontan.N ap fè sonje Klèb Timoun Kan Kid ak ozanviwon te louvri 19 fevriye 2010 ak kolaborasyon yon ekip monitè-monitris ki montre anpil devouman pou timoun yo tankou Fred Sylvain ak Murielle Dutreuil. Se oganizasyon Christian Aid ak biwo ACT/Alliance ki te finanse aktivite Klèb la.
No Comments