Alienum phaedrum torquatos nec eu, vis detraxit periculis ex, nihil expetendis in mei. Mei an pericula euripidis, hinc partem.

Blog

GARR / Kontni nan Kreyol  / Tit  / Aktyalite  / Dwa Moun  / Fanm yo gen yon gwo wòl pou yo jwe nan rekonstriksyon peyi Dayiti

Fanm yo gen yon gwo wòl pou yo jwe nan rekonstriksyon peyi Dayiti

Nan tout gwo sitiyasyon konfli, sitiyasyon lamizè, katastwòf natirèl, lè desidè yo pa leve ti dwèt pou rezoud yon seri pwoblèm, se medam yo ki toujou jwenn yon estrateji pou fè fanmi yo, katye yo, kominote yo mache. Se yo menm fanm ayisyèn, apre tranbleman tè 12 janvye a ki te chache manje tribò babò pou pitit yo epi ede moun ki pa kapab sou katye yo jwenn laswenyay ak lamanjay.Li enpòtan e li lè pou gen yon rekonesans sou patisipasyon ak sou lidèchip medam yo. Sitou lè nou konsidere rezolisyon 1325 Nasyonzini an bay medam yo yon gwo wòl nan devlopman peyi yo kidonk nan rekonstriksyon peyi Dayiti. Lè nou gade wòl fondalnatal yon fanm jwe andedan yon fwaye, li fasil pou konprann pa ka gen rekonstriksyon san yo menm. Se yo ki okipe kay nan bay manje al fè lapwòptay, ki konnen sa ki manke pou fè kay la fonksyone. Se yo ki okipe timoun yo epi ki konnen kisa yo chak bezwen. Kidonk se yo ki vrè moun ki ap dirije kay la. Menm jan an tou, san sans responsablite familyal sa a, san eksperyans jere kay ak fanmi sa a, tout rekonstriksyon se yon rèv. Kidonk, li enpòtan pou yo rantre fanm yo nan tout mach eskalye ki genyen nan zafè rekonstriksyon an.Pou sa, leta dwe anonse ki mezi ki pral pran pou medam yo gen aksè a kay, jwenn travay nan demach rekonstriksyon an; epi tou jwenn fòmasyon ki pou rann yo pi daplon sou mache a epi gen posiblite pou jwenn bon travay ki valorize konesans ak eksperyans yo. Leta a dwe klè tou sou tit pwopriyete yo nan ka moun ki marye, ki plase oswa ki ap viv poukont yo. Rekonstriksyon peyi Dayiti dwe yon okazyon, pou fini ak sistèm ekslizyon divès sektè nan peyi a tankou fanm ap sibi depi 200 lane.N ap fè sonje nan okazyon Jounen 8 mas 2011 la, gen plizyè seyans refleksyon k ap fèt sou sitiyasyon fanm yo nan peyi Dayiti apre 12 janvye tankou nan Kan Kid ak lòt zòn sou fwontyè a kote GARR travay tankou nan Fonbaya, Fonvèret (Fwontyè Lwès) ak Savanèt (sou Fwontyè Plato Santral).

No Comments

Post a Comment