Alienum phaedrum torquatos nec eu, vis detraxit periculis ex, nihil expetendis in mei. Mei an pericula euripidis, hinc partem.

Blog

GARR / Kontni nan Kreyol  / Tit  / Aktyalite  / Dwa Moun  / Maladi kolera rekoumanse frape popilsayon sou fwontyè Plato Santral

Maladi kolera rekoumanse frape popilsayon sou fwontyè Plato Santral

Popilasyon k ap viv nan divès lokalite sou fwontyè a, nan Wo ak nan Ba Plato Santral ap fè fas, yon lòt fwa ankò, ak epidemi kolera a ki deja tiye plizyè moun epi mete plizyè dizèn lòt sou kabann lopital depi koumansman mwa avril la. Dapre enfòmasyon GARR resevwa nan men Komite Dwa Moun ki tabli sou fwontyè a, kolera ap fè dega nan seksyon kominal ki nan komin Tomasik, Savanèt ak Laskawobas. Nan Bòkbanik, yon lokalite nan seksyon Losyann (Tomasik), 3 moun gen tan pèdi lavi yo e plizyè dizèn lòt ap pran laswenyaj nan sant tretman kolera (CTC) ki nan vil Tomasik.Nan Dalegran, yon lokalite nan seksyon Matelgad (Tomasik), yo detekte 21 ka kolera nan espas yon semenn. Moun ki enfekte yo ap pran laswenyaj nan CTC ki nan vil la. Nan komin Savanèt (Ba Plato), gen 2 moun ki mouri e plis pase 40 lòt deja trape maladi a. Pifò ladan yo soti nan Raspadou, Dovilya ak Gabourèt, yon seri lokalite nan seksyon Layay. Sant CTC a ranpli tankou ze e responsab yo di yo bezwen èd prese prese pou sove malad yo k ap ogmante chak jou pi plis.Nan Dekovil, yon lokalite nan seksyon Tifon sou komin Laskawobas, gen 71 moun ki enfekte. Moun sa yo ap resevwa laswenyaj nan CTC Mibalè.N ap fè sonje, kolera te deja frape komin sa yo ki nan Wo ak nan Ba Plato Santral e gen aksyon ki te fèt ki te pote soulajman. Men maladi a reparèt ankò ak fòs nan zòn sa yo kote pa gen system dlo potab. Se nan rivyè ak nan ma moun yo pran dlo pou bwè e yo pa gen mwayen pou trete dlo yo. Mete sou sa, pifò kay yo pa gen latrin e moun yo ap viv nan move kondisyon lijyèn. Pandan GARR ap lanse yon rèl sou sitiyasyon divès lokalite nan Wo ak nan Ba Plato Santral fas ak epidemi kolera a, l ap mande Responsab yo pou seyans sansibilizasyon kont maladi a fèt plis nan yon seri zòn kote radyo pa rive epi ki byen lwen sant vil yo. Li ta ijan tou pou yo mete adispozyon moun yo mwayen pou yo ka trete dlo y ap bwè.

No Comments

Post a Comment