Zanmi Lasante deside retire kò l nan Bèladè apre atoufè touye yon moun epi brile twa lòt nan pèsonèl li
Nan yon nòt pou laprès li fè sòti , Zanmi Lasante anonse li deside sispann travay nan Bèladè suit ak zak atoufè ki te mete dife nan rezidans ekip medikal li kote 3 moun te brile grav epi yon anplwaye l pèdi lavi l, nan lanwit mèkredi pou rive jedi 21 avril 2011 lan apre KEP a te fin pibliye rezilta eleksyon pou depite ak senatè . Ã’ganizasyon imanitè sa a k ap travay depi plis pase 7 lane nan peyi a, presize li gen plis pase senk mil (5000) anplwaye ayisyen e pi fò nan yo se moun nan lokalite kote Zanmi Lasante ap travay pou soutni Ministè Sante Piblik ak Popilasyon(MSPP). Zanmi Lasante fè remake li pa finanse kandida nan eleksyon ki sòt fèt yo oubyen ki konn fèt deja pandan li rekonèt dwa anplwaye yo genyen kòm sitwayen pou patisipe nan lavi politik peyi a. Fas ak sitiyasyon sa ki menase vi ekip pèsonèl li a, Zanmi Lasante di li fè yon kanpe sou sèvis li yo nan Bèladè. Zanmi Lasante kondane AK TOUT FOS LI zak atoufè sa yo ki pa gen okenn jistifikasyon.
Nou pibliye nòt sa a nan tout entegralite l: Zanmi Lasante (ZL) se yon òganizasyon imanitè k ap travay nan peyi a nan domèn Lasante, Ledikasyon ak Lagrikilti. Zanmi Lasante gen plis pase senk mil (5,000) anplwaye ayisyen, majorite nan yo se moun nan lokalite kote ZL ap travay pou soutni Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) nan zòn Tilori, Sèkalasous, Ench, Tomond, Kanj, Boukan kare, Laskawobas, Bèladè, Batis, Senmak, Tirivyè latibonit ak Vèrèt. Epi depi apre tranbleman 12 janvye a, Zanmi Lasante ap bay sèvis lasante nan 3 kan nan pòtoprens ki se Pak Jean Marie Vincent, Dadadou ak Karade. Lannwit mèkredi pou rive jedi 21 avril la, yon gwoup atoufè rantre nan lokal Ministè Lagrikilti (MARNDR) kote Zanmi Lasante anfèmen espas pou loje ekip medikal k ap travay nan lopital Bèladè a. Yo brile, maspinen, matirize, touye yon jèn teknisyen laboratwa k ap travay nan zòn nan depi pase sèt (7) lane. Yon enfimyè saj fanm brile, li pa mouri, men l ap soufri sou kabann lopital ansanm ak 2 pitit li yo ki gen twa (3) ak yon (1) lane. Yo detwi machin Zanmi Lasante itilize pou li bay malad sèvis sou pretèks yo fache pou dènye rezilta eleksyon yo. Zanmi Lasante kondane AK TOUT FOS LI zak atoufè sa yo ki pa gen okenn jistifikasyon.Apre rankont ak estaf medikal nan Bèladè ansanm ak reskonsab Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP), se avèk anpil dlo nan je, pandan maladi kolera a ap fè anpil ravaj nan zòn nan, pandan fanm ansent, timoun ak gran moun; yon ekip moun ki te viktim nan tranbleman tè a men ki te toujou lopital la, bezwen sèvis lasante, Zanmi Lasante oblije di reskonsab MSPP li pap kontinye travay nan lopital Beladè a ansanm ak Sant Kolera a (CTC). Lè n konsideran zak vyolans pèsonèl medikal yo a viktim kòm yon mepri pou lavi moun, lè n konsidere yon ponyen moun kenbe tout yon kominote an otaj, nou pa deside kontinye nan kondisyon sa yo epi mete lavi estaf medikal la an danje.Zanmi Lasante ap fè lopinyon piblik konnen antanke òganizasyon li pa finanse kandida nan eleksyon ki sòt fèt yo oubyen ki konn fèt deja pandan li rekonèt dwa anplwaye yo genyen kòm sitwayen pou patisipe nan lavi politik peyi a. Zanmi Lasante se yon òganizasyon ki kwè nan moun, ki kwè nan sèvis epi ki kwè nan ranfòsman enstitisyonèl. Sa vle di, sèl politik Zanmi Lasante fè ,se akonpaye MSPP nan bay swen, nan okipe malad. MSPP rekonèt nan konstitisyon Ayisyen an kòm otorite pou garanti swen lasante pou popilasyon an.
No Comments