
Fòk ou te rele Sonia Pierre
Fòk ou te rele Sonia Pierre
pou ou te posede kouraj sa a,
pou ou te gen detèminasyon sa a,
_
Fòk ou te rele Sonia Pierre,
pou ou kanpe an fas diskriminasyon,
anfas rayisans,
anfas lipokrizi,
anfas abi,
anfas rasis,
anfas vyolasyon dwa moun.
_
Fòk ou te rele Sonia Pierre,
pou ou defann konsa
ak tout nanm ou
premye dwa ki genyen an
ki se dwa
pou gen yon non
ak pou rekonèt ou
kòm pitit tè kote w fèt la.
_
Fòk ou te rele Sonia Pierre
pou ou te brave danje,
brave malè, brave menas ak entimidasyon,
brave tantativ touye,
brave boule kay,
brave fo aksidan machin,
brave pawòl piman bouk
nan radyo jounal ak televizyon
epi ou kanpe tèt drèt,
tèt frèt,
Tèt doubout.
Pou w tchenbe rèd, pa moli jiskaske kouray ou mennen w ale.
_
Tankou yon mapou,
ou tanbe,
erezman ou te simen bon grenn,
ou te plante anpil ti mapou.
_
Pa respè pou ou,
pou sa w fè,
pou sa w reprezante,
nou gen devwa ak obligasyon
pou kontinye batay
jiskaske kouray nou pote nou ale
menm jan avè w.
_
Wi, se kouray nou
ki pou jete n.
Se pa ni entimidasyon,
ni menas,
ni rasis,
ni vyolans,
ni vyolasyon dwa moun.
_
Ale anpè
Sè mwen,
N a wè anwo
Si anwo egziste,
Plas ou bò kot Bondye.
Patrick Camille
Responsable de programmes
GARR
No Comments