Alienum phaedrum torquatos nec eu, vis detraxit periculis ex, nihil expetendis in mei. Mei an pericula euripidis, hinc partem.

Blog

GARR / Kontni nan Kreyol  / Tit  / Aktyalite  / Dwa Moun  / Yon kolektif òganizasyon nan Mouvman sosyal ayisyen an pwononse kont òdonans jij Carvès Jean
© Josue Michel, 2012

Yon kolektif òganizasyon nan Mouvman sosyal ayisyen an pwononse kont òdonans jij Carvès Jean

Nou menm nan Mouvman sosyal ayisyen an, nou endiye anpil aprè piblikasyon òdonans tèt chat, jij Carvès Jean te rann sou dosye ansyen diktatè, Jean Claude Duvalier a. Òdonans sa a se yon wont pou lajistis, se yon sabotay pou Eta de dwa ak Demokrasi yo di yo vle tabli nan peyi Dayiti a. Se yon souflèt pou viktim yo ak tout moun k ap batay kont enpinitè nan peyi Dayiti.

Lè n konsidere te genyen yon trantèn plent pou krim kont limanite tankou : Tòti, disparisyon, asasina, anprizonman, egzil fòse, elatriye ki pa gen preskripsyon.

Lè n konsidere rejim Duvalier yo te touye plis pase 30 mil moun, san konte sa l te voye ann egzil.

Lè n konsidere rejim Duvalier a te detounen plizyè santèn milyon dola ki te la pou fè wout, bati lèkol, lopital ak kay pou moun rete.

Nou pa ka konprann aprè tout krim sa yo, pou jij Carvès Jean deside blanchi Duvalier, sou entimidasyon pouvwa anplas la, paske Prezidan Martelly te deja voye yon mesaj klè bay jij la, lè prezidan an te envite Duvalier nan seremoni ofisyèl 12 janvye a epi deklare nan laprès etranje “Rekonsilyasyon pi enpòtan pou li pase jijman Jean Claude Duvalier a.”

Li klè pou tout moun ni pouvwa ekzekitif la ni pouvwa jidisyè a nan peyi Dayiti se dwa viktim Duvalier yo vyole, se enpinite a y ap bay jarèt.

Se pou tèt sa nou menm oganizasyon nan mouvman sosyal la tankou : Kolektif Mobilizasyon pou Dedomaje viktim kolera yo, POHDH, PAPDA, GARR, KOSIJID, Kan Pèp, BAI, deside tanmen yon seri mobilizasyon pou fòse lajistis jije diktatè Jean Claude Duvalier. Se nan sans sa a, nan okazyon 7 Fevirye 2012, ki fè 26 lane depi pèp Ayisyen te leve kanpe pou kouri deyè Duvalier, òganizasyon sa yo ap fè yon sitin madi 7 Fevriye 2012 , a 10è nan maten pou midi, devan ministè lajistis, kont enpinite nan peyi a.

Pou otantifikasyon :

Raymond DAVIUS

KOSIJID

Yves PIERRE-LOUIS

KOLEKTIF MOBILIZASYON POU DEDOMAJE VIKTIM KOLERA

No Comments

Post a Comment