
Yon leson tranblemann tè 12 janvye a : « Dwa sante tout Ayisyen ak Ayisyèn dwe garanti. »
Mesaj Kolektif Òganizasyon pou Defans dwa Lojman devan Lekòl Nasyonal Enfimyè. Kòm nou konnen ann Ayiti zafè lasante a pa yon priyorite pou Leta paske kantite lajan yo mete nan bidjè peyi a pou fòme pwofesyonèl nan domèn sante ak pou bay popilasyon an laswenyaj fèb anpil. Lè manke doktè ak enfimyè nan peyi a, pa gen ase lopital ak sant sante, se nou tout ki pèdi.
Jodi a nou, vle salye memwa tout etidyant enfimyè sa yo ki t ap pran fòmasyon nan Lekòl Nasyonal Enfimyè pou te vin itil peyi a. Malerezman tranblemann tè 12 janvye 2010 la detwi lavi yo. Sa ki fè n plis lapèn, pi fò nan yo se te etidyant dènye lane. Sa ki vin mete peyi a nan yon sitiyasyon difisil kote se bak li fè parapò ak pwofesyonèl sa yo ki ta pral ajoute sou kantite ki te genyen yo men ki pèdi lavi yo.
Nan yon moman kote peyi d Ayiti pa sispann fè fas ak divès epidemi tankou kolera ki deja touye plizye milye frè n ak sè n, jèn enfimyè sa yo t ap byen sèvi peyi a si yo pa t pèdi lavi lavi yo.
Nan non Kolektif Òganizasyon pou Defans dwa Lojman, nan non tout fanm militant k ap goumen pou chanje peyi a, m ap koube m byen ba pou m salye jèn medam enfimyè sa yo ki t ap fòme tèt yo pou vin sèvi peyi yo.
N ap pwofite pou n di otorite yo li lè li tan pou tout pitit peyi a jwenn swen lasante. Leta dwe pran tout dispozisyon pou fòme plis medsen ak enfimyè, bati plis lopital ak sant sante, yon fason pou fanm yo sispann mouri lè y ap akouche.
Viv lasante pou tout Ayisyen/Ayisyèn !
No Comments