Alienum phaedrum torquatos nec eu, vis detraxit periculis ex, nihil expetendis in mei. Mei an pericula euripidis, hinc partem.

Blog

GARR / Kontni nan Kreyol  / Tit  / Aktyalite  / Dwa Moun  / Yon leson tranblemann tè 12 janvye a : « Nou dwe fè yon veritab revolisyon nan sistèm edikasyon peyi nou e ansèyman siperyè a gen gwo reskonsabilite nan chanjman revolisyonè sa a »
© Francisca Stuardo, 2012

Yon leson tranblemann tè 12 janvye a : « Nou dwe fè yon veritab revolisyon nan sistèm edikasyon peyi nou e ansèyman siperyè a gen gwo reskonsabilite nan chanjman revolisyonè sa a »

Mesak Kolektif sou Dwa Lojman. Se ak anpil emosyon n ap kanpe jodi a devan FLA pou nou salye viktim tranblemann tè 12 janvye 2010 la. Nou pèdi anpil etidyan, nou pèdi anpil pwofesè, nou pèdi anpil achiv pedagojik ak rechèch . Sektè edikasyon an se youn ki soufri pi plis. Jou sa a, plis pase 3978 lekòl te kraze nan yon peyi kote pa t genyen ase lekòl pou resevwa timoun ak jèn k ap chache moso ledikasyon. Jis jounen jodi a anpil lekòl ak Fakilte ap travay nan move kondisyon anba abri pwovizwa ki pa pare lapli.

N ap salye tout moun, tout travayè ledikasyon ki bay tout vi yo ak yon moso lakrè nan men yo pou eseye transmèt konesans, valè ak lanmou pou peyi a (savoir-faire/savoir-être). Plizyè milye pwofesè peri jou sa a. N ap salye memwa Jan Anil Lwijis ki tonbe asasinen anba bal kèk lè anvan trajedi 4è53 nan apre midi a. N ap salye kouraj li nan akonpaye batay pèp la ak gwo kontribisyon li bay nan batay kont ideyoloji dominant lan. N ap salye Dwayen Pierre Vernet ki te pase tout vi li ap fè pwomosyon lang kreyò la ak rechèch pou ankouraje itilizasyon lang sa a nan enstitisyon peyi a. N ap salye Georges Anglade ki chanje ansèyman jeyografi nan peyi a. N ap salye anpil lòt travayè ledikasyon ak entèlektyèl ak atis ki tonbe jou sa a pandan yo t ap anseye, pandan yo t ap kreye, pandan yo t ap eseye panse Ayiti. Ayibobo pou yo. Yo pa dwe mouri pou granmèsi.

Nou menm òganizasyon ki nan kowalisyon an, n ap di kesyon ledikasyon an dwe yon pilye fondamantal nan konstriksyon peyi a.

Kijan nou ka onore memwa tout travayè ledikasyon ki tonbe yo ? Kijan nou ka aprann de eksperyans tranblemann tè a ?

Nou dwe fè yon veritab revolisyon nan systèm edilkasyon peyi nou.

Yon edikasyon ki makonnen ak istwa, ak kilti pèp la.

Yon edikasyon inivèsitè ki pèmèt tout pitit peyi a jwenn enstriksyon, fòmasyon ak tout zouti lakonesans ki ka pèmèt yo konstwi idantite endividyèl ak idantite kolektif la e ki ka pèmèt yo devlope tout kapasite yo genyen kòm moun.

Yon edikasyon de kalite ki makonnen ak evolisyon lasyans.

Yon edikasyon ki konekte ak pwoblèm peyi a e ki kontribye nan jwenn solisyon ak defi nasyon an genyen

Nou dwe entwodui yon demi jounen edikasyon anviwonmantal nan tout nivo ansèyman pou konekte elèv yo ak etidyan, ak reyalite fizik peyi a. Anmenm tan y ap aprann prepare tèt yo douvan tout kalite risk (tranblemann tè, siklòn, sounami, inondasyon, sechrès , elatriye,..) Lekòl ak Inivèsite yo dwe tounen yon fòs nan rekonstriksyon Kapital bwaze nan peyi a.

Nan kad sa a, ansèyman siperyè a gen gwo reskonsablite nan chanjman revolisyonè sa a. Nou konstate ediksyon pa yon priyorite pou Leta peyi a piske li jwenn sèlman 5% nan bidjè nasyonal la. Inivèsite Leta jwenn sèlman 0.7% nan bidjè Leta a. Sitiyasyon sa a pa ka kontinye. Demann lan ogmante, bidjè a rete menm nivo a. Fòk nou fè tout sa nou konnen pou ranfòse sistèm ansèyman siperyè atravè ranfòsman UEH la. Li enpòtan pou nou konstwi yon sistèm ansèyman piblik siperyè inifye ki chita sou yon vizyon nasyonal e ki jwi otonomi ak endepandans ki ka pèmèt li devlope lespri kritik, konesans ak kreyativite ki ka pèmèt nou transfòme reyalite peyi a.

Nan sans sa a, fòk inivèsite Limonad la entegre nan UEH la pandan n ap ranfòse desantralizasyon ansèyman siperyè a.

VIV YON REVOLISYON NAN ANSÈYMAN !

VIV YON INIVÈSITE GRAN MOUN KI OSÈVIS YON PWOJÈ NASYONAL

VIV UEH AK KONTRIBISYON LI KA POTE NAN REVOLISYON SISTÈM EDIKASYON NOU BEZWEN AN

Mesaj sa se youn nan plizyè mesaj ki te delivre pandan yon mach Kolektif Òganizasyon pou Defans Dwa Lojman te reyalize nan Pòtoprens 12 janvye 2012 pou onore memwa viktim tranblemann tè a ki te touye plis pase 300 mil Ayisyen/Ayisyèn epi blese plizyè santèn milye lòt. Men òganizasyon ki fòme Kolektif la : GARR, FRAKKA, PAPDA, POHDH, BATAY OUVRIYE, SJR-Ayiti, DOP

No Comments

Post a Comment