
Yon leson tranblemann tè 12 janvye a : « Se responsablite nou pou nou fè dirijan yo pran responsablite yo oubyen pou chèche konstwi bon dirijan ki ka fè Ayiti pa rete nan men yon ti ponyen moun k ap souse l. »
MESAJ KOLEKTIF ÒGANIZASYON POU DEFANS DWA LOJMAN DEVAN LOKAL SOFA. Nan non tout fanm ki tonbe jou 12 janvye 2010 la, nou menm òganizasyon fanm ki reyini la a, n ap akeyi mach sa a pou nou di nou pa bliye. Nou pa bliye batay fanm sa yo t ap mennen pou genyen yon peyi kote fanm kapab viv nan diyite. Nou pa bliye batay fanm yo ap mennen pou nou kapab rive jwenn bon jan kay pou nou viv, nou pa bliye kòman fanm peyi d Ayiti, pi fò nan yo se yo ki rele, se yo ki reponn.
Nou pa bliye batay fanm yo t ap mennen pou kapab genyen yon Ayiti kote genyen desantralizasyon ak dekonsantrasyon pou mo amenajman tèritwa a kapab vin yon reyalite paske si tèritwa a te amenaje, se pa kantite moun sa yo ki t ap mouri anndan peyi a. Kidonk, jodi a ki fè 2 lane komemorasyon depi tè sa a te tranble, kote anpil anpil moun te tonbe, kote fanm yo te tonbe, kote jèn yo te tonbe, se yon moman pou n di fòk nou gen dirijan serye pou dirije peyi a. Yon seri dirijan ki pa pral mare sosis yo nan sans enterè pòch yo sou do pèp la paske depi anpil lane nou wè se sa k ap fèt anndan peyi a, fòk nou di ase ! Nou di twòp, se twòp !
Nou pa kapab ap mennen yon peyi nan eta sa a. Nou pa kapab kontinye kote yon peyi, apre tout moun sa yo fin mouri, pa gen yon leson ki pran. Kidonk, jodi a se yon moman pou n reflechi pandan n ap salye memwa tout moun sa yo ki te pèdi lavi yo pou nou di nou pa p bliye.
Fòk nou pran reskonsablite nou kòm pèp paske nou wè li klè apre 2 lane sa yo, anpil lajan bay nan peyi a oubyen nou tande pale de plizyè milya dola, men nou wè nan ki sitiyasyon pèp la ap viv, nan ki sitiyasyon fanm yo ap viv . Nou pa kapab bliye. Nan memwa fanm sa yo ki tonbe, li lè li tan pou nou ranmase karaktè nou. Bout tè sa a, depi 400 lane n ap viv ladann, tè sa a se pou nou li ye. Nou pa kapab kontinye ap genyen yon seri dirijan k ap fè bout tè sa a tounen espas kote yo menm y ap anrichi tèt yo. Tè sa a, se pou nou li ye, nou dwe pwoteje l. Nou dwe fè l bèl pou n kapab viv ladan l an tout sekirite. Lè n ap pale de sekirite, nou di sekirite pou n kapab genyen bon jan kay pou pèp la, pou fanm yo rete.
Nan memwa tout fanm sa yo, yon lòt fwa ankò, n ap di, nan memwa Anne Marie Coriolan , Magalie Marcelin , Myriam Merlet ak tout fanm ki tonbe nan moman tranblemann tè 12 janvye 2010 la, yon seri medam ki t ap goumen pou genyen yon lòt Ayiti, nou vle yon Ayiti kote yo respekte moun, yon ayiti kote yo respekte fanm, kote dwa fanm sispann pase anba pye. Yon Ayiti kote yo wè moun anvan yo wè pòch yo, anvan yo wè lajan, anvan yo wè enterè grenn moun, grenn minis, grenn palmantè, se yon Ayiti konsa nou bezwen.
12 janvye 2012 la dwe ban nou yon okazyon pou n kapab kontinye batay pou nou pa genyen yon lòt 12 janvye konsa anndan peyi a, e sa se reskonsablite chak moun. Se reskonsablite nou pou nou fè dirijan yo pran responsablite yo oubyen pou n kapab chèche konstwi bon jan dirijan nan peyi a ki kapab fè Ayiti, tè Desalin nan, tè Katrin Flon sa a pa rete nan men yon ti ponyen moun, nan men yon ti klik ki ap souse l depi digdantan. Li enpòtan pou nou di tou 12 janvye pase, li pa kapab sèvi pou moun fè eleksyon, pou moun fè pwomès elektoral.
Jodi a, nou menm fanm yo k ap komemore memwa lit nou, lit zansèt nou yo, fanm kou gason te deja mennen, se poutèt sa nou anbake nan batay pou nou fòse dirijan yo pran reskonsablite yo. Plizyè milya dola ap gaspiye anndan peyi a pandan moun anba tant yo kontinye ap viv nan sitiyasyon mizerab. Nou kwè pèp la pa ka rete sou pwomès elektoral kote fanm yo kontinye ap sibi tout kalte vyolans anba tant yo, kote anpil moun konsidere deplase yo pou bandi. Nou pa vle yo touye moun k ap viv anba tant yo ak fòm diskriminasyon sa yo. Nou menm fanm, nou vle pou yo onore memwa moun ki tonbe jou 12 janvye 2010 yo san demagoji, se sa k fè nou apiye mach Kolektif òganizasyon k ap batay pou tout moun, tout fanm jwenn kay anndan peyi a paske pwoblèm lojman an se yon pwoblèm estriktirèl li ye e se sa ki fè gen de repons estriktirèl ki pou bay avè l pou l ka rezoud anndan peyi a. Otorite yo pa kapab ap bay moun anba tant yo kèk pyas pou yo deplase san yo pa konnen sa yo pral fè apre. Viv nan bon jan kay se pa yon favè men se yon dwa nou tout genyen.
Nou menm nan SOFA, nou mande tout òganizasyon sosyal yo pou yo rasanble fòs yo pou bay yon repons klè ak fason y ap trete moun anba tant yo kote se reyaksyonè k ap mache sou yo pou mete yo deyò avèk imilyasyon. Fòk otorite yo sispann fè pwopagand politik ak kesyon deplase yo .
– VIV LIT PÈP LA !
-VIV LIT FANM NAN !
Mesaj sa se youn nan plizyè mesaj ki te delivre pandan yon mach Kolektif Òganizasyon pou Defans Dwa Lojman te reyalize nan Pòtoprens 12 janvye 2012 pou onore memwa viktim tranblemann tè a ki te touye plis pase 300 mil Ayisyen/Ayisyèn epi blese plizyè santèn milye lòt. Men òganizasyon ki fòme Kolektif la : GARR, FRAKKA, PAPDA, POHDH, BATAY OUVRIYE, SJR-Ayiti, DOP.
No Comments