Leta ayisyen dwe louvri je l sou kondisyon lavi fanm rapatriye yo sou fwontyè a
Nan kad preparasyon selebrasyon 25 novanm, ki se Jounen Entènasyonal kont vyolans sou fanm, GARR vle atire atansyon opinyon piblik nasyonal ak entènasyonal la, espesyalman dirijan Leta yo sou move sitiyasyon k ap gangrennen lavi ak diyite fanm rapatriye sou fwontyè Ayiti ak Repiblik Dominikèn, espesyalman nan Plato Santral. Nan mitan mwa novanm 2008 la, yon gwoup 150 fanm ansyen ak nouvo rapatriye otorite dominikèn yo te lage sou fwontyè a, e k ap viv nan 3 lokalite komin Laskawobas Wanpa, Lawòy Kas ak Tifon, te louvri kè yo pou rakonte soufrans yo ranmase: lè y ap janbe fwontyè a, kalamite yo pase nan Repiblik Dominikèn pou sa ki te gen chans rive yo, epi tou difikilte yo pou viv lè yo retounen. 150 Fanm sa yo se an majorite yomenm ki chèf fanmi an, sa vle di ki responsab pitit yo san papa yo. Genyen nan mesye yo ki swa mouri nan peyi vwazen, swa nan vwayaj , osinon ki retounen kokobe sot nan tè panyòl 2 bra balan. Genyen tou ki kontinye viv lòtbò fwontyè men ki abandone medam yo ak timoun yo ki rete Ayiti.Medam rapatriye sa yo, se de fanm k ap goumen anpil pou kenbe lavi pitit yo ak rès fanmi yo ki sou kont yo. Pafwa yo prete ti kòb pou fè komès, e se ladann yo depanse chak jou. Genyen ki fè ti lesiv pou lòt moun, genyen ki vann jounen nan jaden oswa kay madanm, genyen tou se bon samariten k ap fè yo viv.Anpil nan medam rapatriye yo bay temwayaj sou sa yo te viv ni anvan yo te janbe fwontyè a, sa vle di sou sitiyasyon ki te pouse yo travèse, ni sou trajè a, sa yo pase nan vwayaj la, kantite lajan yo depanse pou peye boukonn, sitiyasyon yo te viv lakay vwazen, kondisyon rapatriman yo te fèt, epi tou sou kóman lavi kontinye pou yo 2 lane aprè yo retounen viv nan peyi yo.Nan kad yon sèl vwayaj, medam yo konn sibi sa yo rele vyòl kolektif la plizyè fwa, selon kapris boukonn nan ak moun li gen dizon ak yo nan rak la. Medam yo sibi vyòl la anba men boukonn k ap mennen yo a, anba men sólda militè ki arete yo a, ni lòt moun ayisyen tankou dominiken k ap travay nan zòn y ap travèse yo. Pafwa tou boukonn yo konn gen dizon a sèten moun, lè konsa, yo kite medam yo yon kote yo di yo pa bouje ni pa fè bri epi konsa yo sove, yo voye yon gwoup nèg vin vyole yo. Medam yo ak dlo nan je deklare yo pè rele anmwe mande sekou poutèt pou gwad dominiken pa vini pran yo, arete yo epi voye yo tounen lakay; yo blije rete nan sitiyasyon sa a pou sibi tout sa ki prezante sou chimen yo ak espwa ya kite yo vanse pi devan.Devan sitiyasyon tèt chaje sa a, GARR ap lanse yon rèl yon lòt fwa ankò bay responsab Leta yo nan divès branch. Li lè li tan pou Palman peyi d Ayiti bay peyi a yon lwa ki pini trafik ak trèt moun, ki kwape boukonn epi pwoteje viktim yo. Bò kote pa l, pouvwa ekzekitif la dwe enstale sèvis Leta toupatou anndan peyi a. N ap fè sonje Ayiti gen 4 depatman sou fwontyè a, men se yon sèl ki jwenn sèvis paspò, nan Pòtoprens, Depatman Lwès la. Yon sitiyasyon ki kite wout la byen laj pou boukonn layite nan lòt depatman yo epi pran lajan nan men moun pou yo janbe fwontyè. Li enpòtan tou pou enstans nan Leta a, tankou Ministè fanm tabli biwo nan tout depatman ki bay sou fwontyè yo nan lide pou fanm yo ka jwenn bon jan akonpayman. Bò kote pa l, Ministè Sante Piblik dwe konsidere fanm fwontyè yo anndan tout pwogram sante y ap monte espesyalman pwogram ki gen arevwa ak akouchman gratis, swen anvan akouchman, maladi sida ak lòt kalte maladi sèks. Pou fini, GARR ap ankouraje responsab primati a mande tout ministè yo ki gen pwogram sou fòmasyon ak èd nan aktivite ekonomik pou kouch defavorize nan peyi a, pou yo mete sou lis yo, fanm fwontyè yo ak popilasyon k ap viv nan zòn sa a Pouvwa Leta yo kòm bandonnen depi twò lontan. Kòm egzanp, ministè lajistis pa plase yon grenn jij nan Laskawobas osèvis popilasyon an.Nan okazyon Jounen Entènasyonal kont vyolans sou fanm, 25 novanm, GARR voye davans yon gwo salitasyon bay tout fanm ak gason k ap batay kont tout fòm vyolans sou fanm, anndan kay, nan lari, nan lekòl, nan biwo, nan komès, sou fwontyè ak tout 10 depatman peyi a, e li di yo : » Ankouraje ! « .
No Comments