Yon gwoup moun boule kay Ayisyen nan Santo Domingo
Plizyè dizèn fanmi ayisyen nan lari apre yon gwoup Dominiken mete dife nan kay yo, 22 me 2009, vè midi, nan katye Esperanza ki chita nan Santo Domingo, Repiblik Dominikèn.Dapre sa laprès rapòte, dife sa a se yon fòm revanj Dominiken yo ta pran apre yon tifi 15 lane ta fè konnen gen yon ouvriye ayisyen ki fè tantativ kadejak sou li.Menm moman an, plizyè Dominiken move kou kong te pati dèyè Ayisyen an pou touye l. Li kouri al kache nan yon premye kay ki poko fin bati e kote li t ap viv. Pandan foul la t ap pousuiv li, li janbe nan yon 2zyèm batis e se la, lapolis vin pran l.Apre lapolis kite zòn nan, gwoup dominiken yo rantre nan tou 2 kay kote Ayisyen an te pase a, yo mete dife ladan yo. Lè sa a, yon bann moun ki te abite nan kay sa yo, ladan yo timoun, fanm ansent, tonbe kouri pou chape anba flanm dife.Se pa pou lapremyè fwa, fanmi ayisyen nan Santo Domingo viktim anba men Dominiken ki boule kay yo.Pandan dezyèm manda prezidan Fernandez la, nan dat 21 janvye 2006, jou fèt Altagras, yon gwoup Dominiken te mete dife nan 30 (trant) kay ak komès ayisyen nan katye Fao, zòn Guerra, apre yo te fin akize yon Ayisyen nan lanmò yon militè dominiken. Kèk jou apre, yo dekouvri se yon ajan sekirite dominiken ki te touye militè a ki te sou e ki te vin frape vit machin li ak revòlvè l.{{{Pozisyon 2 dirijan sou zile a}}}Pandan mwa me 2009 la, prèske pa gen yon semenn ki pase san yo pa anrejistre gwo zak vyolans sou migran ayisyen nan Repiblik Dominikèn.12 me, 3 kiltivatè ayisyen ki te sot travay sou tè dominiken viktim sou fwontyè Restauracion/Ti Lori kote yo chak soti ak yon zòrèy koupe ak gwo blese nan kò yo. 2 me, yon foul moun mete men sou yon jenn ayisyen 20 lane, Carlo Mérilus, nan katye Buenos Aires, nan Santo Domingo. Yo matirize l anvan yo pran yon rach, koupe tèt li pandan plizyè moun, timoun kou granmoun nan foul la, ap ri epi pran foto sou selilè.Toule 2 dirijan sou zile a, prezidan René Preval ak Leonel Fernandez te di, zak sou Carlo Mérilus la, se yon zak apa, ki pa ka brinding bon jan rapò ki tabli nan mitan 2 peyi yo.Pandanstan, òganizasyon dwa moun ak lòt òganizasyon nan sosyete sivil peyi Dayiti mande responsab Leta ayisyen chanje mòd politik lesegrennen an pou plis moun pa viktim nan move kondisyon lòtbò fwontyè. Yo mande yon dyalòg san demagoji ni mawonaj sou dosye migrasyon an pou frennen lotè zak malonèt sa yo yon mannyè pou garanti pi bon rapò nan mitan 2 pèp yo sou baz jistis ak respè youn pou lòt.
No Comments