Yon pasaje fransè pran defans yon Ayisyen polisye fransè te menote abò yon avyon pou depòte
Frank ALEXANDRE, yon sitwayen fransè, ekri yon lèt kote li bay temwayaj sa li te fè 17 mas 2010 abò yon avyon konpayi CORSAIR nan ayewopò Orli (peyi Lafrans) kote li te kanpe ankwa pou yo pa depòte yon Ayisyen nan peyi D Ayiti.Li di kèk minit apre li fin monte avyon an, li tande yon rèl nan ban dèyè a. Se yon Ayisyen ki t ap rele anmwe pandan polisye fransè an sivil ak inifòm t ap menote l men dèyè do, mare 2 pye l. Gen youn nan polisye yo ki leve janm goch li mete sou 2 janm Ayisyen an ki rele Charly pandan li t ap sèvi ak men l pou kenbe tèt li.Yon lòt polisye t ap ede kolèg li kenbe Charly pou li pa fè mouvman. Pandanstan, Charly t ap rele pou l di li pa vle tounen Ayiti. li pèdi tout sa li te genyen, kay li, fanmi l. Li pito al nan prizon an Frans pase l tounen Ayiti paske se lanmò k ap tann li, dapre sa ALEXANDRE rapòte. Li pousuiv pou l di : « la pou la, mwen leve kanpe kont sitiyasyon sa lè m konnen sa pèp sa sot viktim e mwen konnen tou genyen yon kanpo ki pèmèt tout Ayisyen mande Azil sou teritwa fransè» Li mande polisye yo : èske li nòmal pou nou kenbe yon moun yon fason ki inakseptab, ki pa gen anyen pou wè ak valè moun, kote n ap imilye l konsa. Franck Alexandre chache epi li jwenn api divès lòt pasaje abò avyon an pou defann kòz Ayisyen an. Antretan, li rele chèn televizyon France 2 pou mete l okouran zak depòtasyon ki t ap fèt abò avyon an sou sitwayen Ayisyen an. Yon ti tan apre, kòmandan avyon ki te okouran li te rele laprès pran desizyon estasyone avyon an sou pis la epi yon machin vin chache eskwad polisye yo ki desann ansanm ak Charly yo pa depòte ankò jou sa. Men tout lèt pasaje fransè Franck Alexandre te ekri a
No Comments