Alienum phaedrum torquatos nec eu, vis detraxit periculis ex, nihil expetendis in mei. Mei an pericula euripidis, hinc partem.

Blog

GARR / Kontni nan Kreyol  / Tit  / Aktyalite  / Migran  / Sitiyasyon peyi Dayiti gen gwo konsekans sou Ayisyen k ap viv aletranje

Sitiyasyon peyi Dayiti gen gwo konsekans sou Ayisyen k ap viv aletranje

Nan okazyon 18 desanm, ki se Jounen Entènasyonal Migran yo, sa vle di jounen moun ki pa p viv nan peyi lakay yo, GARR vle atire atansyon tout moun sou kijan sitiyasyon malouk nan peyi Dayiti gen gwo konsekans sou ayisyen toupatou nan lemond. Dènye evenman politik yo ak epidemi kolera a ki deklanche nan peyi a nan mitan mwa oktòb la vin ogmante diskriminasyon ak prejije sou ayisyen plizyè kote, espesyalman an Repiblik Dominikèn.Nan peyi sa a, gen sendika chofè otobis ki deklare karebare yo pa p pote Ayisyen nan machin yo, kit yo gen papye legal, ki yo pa gen papye. Jounen 9 desanm 2010, se ak jès bosal, militè dominiken, nan tèt kole ak Ministè Sante Piblik deloje plizyè dizèn komèsant ayisyen ak tout machandiz yo, nan divès mache nan pwovens Elyaspina, dapre sa laprès dominikèn rapòte. Gen ayisyen k ap travay nan otèl yo menase revoke si yo gen malè vwayaje Ayiti. Konsa, sou pretèks konbat kolera, plizyè ayisyen wè dwa yo an Repiblik Dominkèn vyole tankou libète sikilasyon, libète fè komès ak dwa travay.Yon lòt pa, temwayaj GARR ranmase nan men ayisyen k ap viv nan divès peyi etranje montre nou kijan moun sa yo ap soufri lè y ap gade nan televizyon imaj ki soti Ayiti, lè y ap li nan jounal move nouvèl sou peyi a. Plizyè nan yo deklare yo wont nan lari, nan travay yo pou prezante tèt yo kòm ayisyen, paske moun ap mande yo poukisa toutan gen boulvès ap chirepit konsa an Ayiti. Nou ranmase temwayaj granmoun ayisyen ki te pati kite peyi a e ki te swete vin fè dènye jou yo lakay yo, men ki santi yo pa kapab, paske yo pè sitiyasyon an. N ap fè remake pou mwa desanm nan la a, anpil ayisyen ki te fè pwojè pou vin pase fèt ak fanmi yo, koumanse anile rezèvasyon avyon yo te genyen.Nou pa ka bliye nonplis gwo konsekans tranblemann 12 janvye 2010 la te genyen sou diaspora ki reprezante preske yon tyè nan popilasyon ayisyèn nan. Nan moman tranblemann tè a, gen Ayisyen/Ayisyen ki te vin pase vakans ak fanmi yo ki pèdi lavi yo ansanm ak plizyè lòt moun ki mouri anba dekonb. N ap pwofite sikonstans la pou n salye memwa yo. Gen anpil tou ki te pèdi paran ak zanmi ki te chè pou yo, e ki soufri anpil menm jan ak tout rès pèp ayisyen an. Nou pa p bliye gwo pèt ekonomik anpil dyaspora sibi nan tranbleman tè a, paske anpil nan kay ki kraze yo, se ak lajan moun sa yo redi fè aletranje nan gwo difikilte, yo te rive konstwi yo.Anplis de sa, apre tranbleman tè a, se nan dyaspora a, anpil moun t al pran refij, swa pou yon ti bout tan, swa pou yon bon bout tan. Ayisyen/ayisyèn nan Etazini, nan Kanada, an Repiblik Dominikèn ak lòt kote ankò, akeyi anpil moun ki te blese oswa ki te anba emosyon. Anpil nan refijye sa yo ki pa gen rezidans, kidonk ki pa gen papye pou travay e ki pa benefisye okenn sipò nan peyi kote yo ale a, tankou mezi yo rele TPS la Ozetazini bay, vin lage sou kont fanmi yo ki nan dyaspora, e ki souvan pa gen gwo mwayen. Akote sitiyasyon an Ayiti a ki gen gwo konsekans sou Ayisyen/Ayisyen aletranje, moun sa yo gen pwoblèm pa yo tou. Paregzanp, nan zòn Karayib la, espesyalman nan Zil Tik ak Kayikòs, migran ayisyen yo santi yo bandonnen, paske pa gen okenn reprezantan Leta ayisyen sou plas pou ba yo sèvis yo bezwen, tankou paregzanp pou fè yon paspò. Yo sibi abi, arestasyon ak anprizonman nan move kondisyon san pèsonn pa defann yo.Kanta sila yo k ap viv nan teritwa franse yo, espesyalman nan Giyàn franse, se gwo difikilte pou yo jwenn papye pou yo ka fonksyone oswa pou yo voye chache fanmi yo. Bèl pwomès gouvènman franse a te fè apre tranblemann tè a, pou l ede fanmi yo reyini pa kenbe. Okontrè,, yo konplike pi plis zafè jwenn papye ak viza a. Sitiyasyon an te tèlman rèd pou migran ayisyen nan tèritwa franse yo, sa te blije yon regwoupman asyosyasyon franse ak ayisyen ki rele Kolektif Ayiti Frans, lanse yon rèl anmwe nan zòrèy otorite Lafrans ak Ayiti yo.Nan moman lemond antye ap selebre 20 lane depyi Nasyonzini te adopte Konvansyon Entènasyonal pou pwoteje Dwa tout Migran nan lemond ansanm ak fanmi yo, GARR lanse yon rèl bay tout aktè nan peyi Dayiti pou yo fè jefò pou ede Ayiti lofri yon lòt imaj bay lemond, sa ki va ede sila yo ki aletranje santi yo plis fyè de peyi kote yo soti a. GARR ap pwofite de okazyon an pou mande :- Etan done wòl dyaspora a ap jwe nan lavi peyi a, se pou yo bal posibilite pou l patisipe plis nan rekonstriksyon peyi a. Gen yon bann resous Ayiti ki twouve yo aletranje pou kounye a. Si jefò fèt pou sèvi ak yo mete sou sa nou genyen déjà anndan peyi a, nou ka koumanse rezoud pwoblèm nou yo.- N ap remande ankò pou yo mete, nan kominote kote ki gen anpil ayisyen tankou nan tèritwa franse yo, an Repiblik Dominikèn, nan Zil Tik eksera, konsila dyanm k ap fonksyone pou bay ayisyen sèvis yo bezwen, espespyalman sèvis dokiman etasivil.- Lè va gen yon gouvènman ak yon palman k ap fonksyone kòmsadwa, GARR mande pou yo ratifye Konvansyon Entenasyonal pou Pwoteksyon Dwa tout Travayè Migran ak Fanmi yo. Li pa posib pou Leta ayisyen, ki gen plis pase 3 milyon moun aletranje e k ap pote gwo konkou bay peyi a, poko janm ratifye yon konvansyon sa a, 20 lane depi Nasyonzini te adopte l. – Pou fini, nan okazyon 18 desanm nan, ki se Jounen Entènasyonal tout Migran ak Migrant, GARR vle raple tout moun, espesyalman dirijan yo ke pèp ayisyen an, jounen jodi a, se pa sèlman 10 milyon moun k ap viv anndan peyi a. Se tou lòt 3 milyon ki ap viv aletranje yo, e ki te blije kite peyi a pou divès rezon. Kidonk, nou dwe byen reflechi sou aksyon n ap mennen anndan peyi a, paske chak zak nou poze gen gwo konsekans sou lavi, ekonmi, imaj ayisyen ak ayisyèn k ap viv aletranje yo. (Photo Google)

No Comments

Post a Comment