
Temwayaj yon jenn viktim trafik moun nan Malpas
Dezyèm fwa Guilberson te twouve l nan Potoprens, se ak kè sere. Vwayaj la mal pase. Kounye la a, li prèske pa ka pale : sou 21 moun ki te janbe fwontyè a ansanm avèk li, 14 avril 2012, se sèlman 2 vwayajè ki retounen. Li poko pran nouvèl lòt yo. Li poko konnen sak te pase avèk yon kouzen li ki te vwayaje ansanm avè l tou.
Guilberson, ki se yon kiltivatè, rakonte, nan dat 14 avril , lè gwoup la te rive Malpas, yo tout te monte abo kèk kannòt sou lak la pou yo travèse fwontyè a ankachèt. Jou samdi sa a, gwoup la te kontinye vwayaj la apye, jis nan madi 17 avril, lè 4 militè dominiken ki te sou 2 moto, te siprann yo.
Kouri al kache!, «Ens» ta di gwoup la kòm reyaksyon. Lè sa a, tout gwoup ayisyen yo te gaye kò yo men militè dominiken yo te mete men sou yo. Dapre temwayaj Guilberson, militè yo devalize ayisyen yo nètale.
Te gen yon sèl moun ki te eseye kouri, se kouzen li an, men militè dominiken, lè sa a, te tire sou li. Se pawol Guilberson ki di ankò, «Mwen sèlman te wè kouzen m nan atè a. Mwen pa konnen si li vivan toujou ou byen si li mouri». Toujou dapre temwayaj jenn peyizan 25 lane a, gen yon machin ki sanble yon anbilans ki te vini sou plas men gwoup la pa konnen ki destinasyon yo fè ak fanmi li an ; militè dominiken yo apre yo te fin pran tout afè yo, te fè gwoup la gaye.
No Comments