
Bon jan kay pou moun rete se yon nesesite
Pòtoprens, le 31 me 2012
Premye Minis Laurent Salvador Lamothe
Mesye Premye Minis,
Nou menm ki soti nan divès kan nan depatman Lwès la, nou mete ansanm ak Fòs Refleksyon ak Aksyon pou Koze Kay (FRAKKA), pou ekri w lèt sa a, kòm chèf gouvènman ki la pou aplike e fè aplike lalwa. Sou baz sa a, Mesye Premye Minis, nou vin atire atansyon w sou plizyè ka vyolasyon k ap fèt kont moun k ap viv nan kan yo. Yon fason pou pran bon jan dispozisyon pou fini ak zak vyolasyon dwa deplase entèn yo jan lalwa nasyonal ak Akò entènasyonal Ayiti siyen mande pou sa fèt.
Se chak jou deplase yo ap viktim degèpisman gwo ponyèt nan plizyè kan ki nan zòn kapital la.
Nan mwa me 2012 la, yon lòt fwa ankò nou wè kouman lameri Dèlma ak mèt teren prive yo ap fè ekspilsyon fòse, presyon, represyon ak arestasyon kont viktim k ap viv nan kan yo. Alòske, lalwa entènasyonal ak nasyonal yo trase demach tout moun ak enstitisyon dwe swiv pou mete moun deyò sou espas piblik ak prive yo okipe. Nou konstate lameri Dèlma, ak pwopriyetè teren prive nan Dèlma : Kolonèl Antoine Atourice, Silvestre (alyas Chout) jeran Anthony Khawly ; nan Kafou menm, Pastè Joël Jeune ak Pastè Edy François, pase tout lwa sa yo anba pye nan fason yo vle mete viktim yo deyò sou teren kote yo monte tant yo apre katastwòf 12 janvye a. Tout moun sa yo kè pòpòz detan egzaksyon sa yo ap fèt anba je Leta.
Konsa, nou menm komite kan ak FRAKKA, nou vinpwoteste devan w kont zak ekspilsyon fòse, represyon, menas ak arestasyon k ap fèt kont moun k ap viv anba tant yo. Nan sans sa a, men kèk ka nou vin atire atansyon w sou yo, pami anpil lòt ankò:
– Depi plizyè mwa, Silvès (alyas Chout) ki di li se jeran Anthony Khawly ak yon trantèn ajan Lameri Dèlma ap menase moun k ap viv nan kan Megamat Mòmon nan Dèlma 30. Yo te anonse y ap debake nenpòt jou a 3è-4è nan maten pou vin mete moun yo deyò sou teren y ap viv la. Se konsa, lendi 14 me a yo debake vin tire sou moun k ap viv nan kan an. Erezman popilasyon an fè rezistans, bandi yo fè bak. Men, yo menase pou yo retounen vin mete dife nan kan an, tankou yo te tante fè sa deja. N ap raple, 23 ak 25 me 2011 majistra Wilson Jeudi akonpaye ajan lameri ak lapolis te debake nan kan sou plas kafou ayewopò ak plas Dèlma 5, yo dechire tant, kraze tout sa viktim yo te rete kòm byen. Yon lane apre, majistra a kontinye ak menm metòd gwo ponyèt makout yo kont yon seri lòt kan nan komin Dèlma a.
– Chak jou, Fanmi ansyen kolonèl Antoine Atourice ap menase moun k ap viv nan kan Vilaj Palafwa nan Dèlma 31 a. Yon jou, madan kolonèl la te deside fèmen baryè teren kote moun yo ap viv nan kan an pandan tout yon jounen. Pèsonn moun pa t kapab soti andedan kan an. Sa vle di, timoun pa t ka ale lekòl. Sa a se yon zak sekestrasyon lalwa pini. Nou kwè ansyen kolonèl la konnen demach lalwa trase pou mete moun deyò sou yon teren prive ak sanksyon lalwa egzije kont yon moun ki fè zak sekestrasyon an.
– Youn nan ka ki pi grav, se pastè Joël Jeune ki fè kan Gras Vilaj la tounen yon vrè kan konsantrasyon, yon lanfè nan fè zak presyon, represyon ak arestasyon kont deplase entèn yo. Mesye Premye Minis, nou pwofite fè w konnen, lapolis, lajistis, lameri nan kafou, tout mete yo nan sèvis pastè Jorel Jeune pandan y ap vyole tout dwa viktim 12 janvye yo genyen pou yo viv tankou moun.
– Nan jou ki te vandredi 25 me 2012 la, lapolis anvayi kan Lanmè Frape, nan zòn Titanyen, yo arete 11 moun, 10 gason ak yon fi ki t ap viv nan kan sa a, Poutan kan sa twouve l sou tè Leta te deklare ditilite piblik alòske yon sitwayen yo rele Jacques Valentin, ki te ansyen direktè douan Pòtoprens lan di tè sa se pou li.
– Nan Monrepo 38 kafou, pastè Edy François debake samdi 26 me pase a, san okenn desizyon lajistis, li kraze tout tant ki te gen nan kan an.
– Gen plizyè lòt kan tankou: Palèdela Dèlma 33, Adoken Dèlma 33, kan KAMÈP Dèlma 24; k ap sibi anpil menas ekspilsyon fòse.
– Nan komansman mwa me 2012 la, lameri Dèlma degèpi yon santèn fanmi ki t ap viv nan kan Mozayik nan Dèlma 30. Alòske se yon ventèn fanmi lameri rive bay anviwon 5 mil goud.
– Mesye Premye Minis, sou baz dokiman politik jeneral ou te prezante devan Palman an kote ou pwomèt gouvènman w lan ap fè sitiyasyon deplase nan kan yo yon priyorite.
Nou menm komite kan ak FRAKKA ki pran pozisyon sa a, nou mande:
– Pou gouvènman w ap dirije a pran yon pozisyon piblik kont ekspilsyon gwo ponyèt viktim 12 janvye yo ap sibi anba tant
– Pou lameri Dèlma sispann ekspilsyon fòse ak tout menas l ap fè kont moun nan kan yo. Epi pou responsab meri a swiv demach legal lalwa trase pou mete moun deyò sou teren prive;
– Pou tout mèt tè aplike sa lalwa di sou kesyon degèpisman; espesyalman sa ki fikse nan Kòd sivil peyi Dayiti ki toujou an vigè
– Pou òganizasyon dwa moun nasyonal ak entènasyonal yo pote kole ak moun k ap viv nan kan Gras Vilaj yo, pou lajistis jije pastè Joël pou tout zak li fè kont viktim yo;
– Pou gouvènman an defini yon plan lojman sosyal, pou konstwi bon jan kay bay moun k ap viv anba tant yo, bon jan kay ki respekte diyite yo kòm moun, jan atik 22 konstitisyon 1987 la mande sa.
Viktim 12 janvye yo, se sitwayen-sitwayèn yo ye tou, Leta pa dwe lage yo nan twou.
Bon jan kay pou moun rete se te toujou yon dwa, kounye a se yon nesesite. !
Resevwa, Premye Minis, salitasyon nou.
Pou otantifikasyon
Sanon Reyneld
FRAKKA
Jean Jn Robert
Kan Mòman
No Comments