Alienum phaedrum torquatos nec eu, vis detraxit periculis ex, nihil expetendis in mei. Mei an pericula euripidis, hinc partem.

Blog

GARR / Kontni nan Kreyol  / Tit  / Aktyalite  / Moun deplase yo  / Dwa Sekirite ak Dwa Lavi deplase yo an danje, otorite yo pa dwe kwaze bra yo !

Dwa Sekirite ak Dwa Lavi deplase yo an danje, otorite yo pa dwe kwaze bra yo !

Kolektif k ap defann dwa lojman konstate, kijan deplase nan divès kan nan kapital la, gen lavi yo ak byen yo k ap pase anba flanm dife sispèk. Kolektif la konstate otorite konsène yo kite moun sa yo san sekou epi fèmen bouch yo sou gwo malè sa yo k ap lage dèy ak dezespwa nan yon bann fanmi ki deja viktim katastwòf 12 janvye a. Men yon ranmase sou kek pami dives ka ki rive moun deplase yo soti koumansman fevriye pou rive 18 mas 2012 :

1. Dimanch 18 mas 2012 yon gwoup bandi debake epi mete dife nan kan Kozbami nan Site Solèy. 6 tant boule.

2. Nan lannwit vandredi 16 mas nan plas Mozole nan bab Palè nasyonal, dife pete nan kan an, anviwon 58 tant boule

3. Lendi 12 mas anviwon 100 tant boule rapyetè nan lakou lekòl Tousen Louvèti. Gen 5 moun ki mouri nan dife sa a (twa ladan yo mouri nan yon sèl fanmi, yon manman ak 2 pitit gason l, youn gen 12 lane, lòt la gen 10 lane )

4. Samdi 18 fevriye dife boule 2 tant nan kan Maya ki chita nan zòn Kriswa.

5. Mèkredi 8 fevriye, dife pran nan kan lekòl Repiblik Ajantin zòn Kafou Peyan, yon timoun 3 zan mouri kankannen, yon senkantèn tant boule, yon senkantèn lòt tant kraze pou anpeche dife a gaye.

Kolektif la gen tèt chaje devan endiferans ak silans otorite konsène nan Leta yo. Li konstate :

Pa gen okenn dilijans ki fèt pou pote viktim yo sekou nan detrès yo ;

Pa gen okenn volonte ki manifeste pou otorite yo ki plase pou sa, enfòme tout popilasyon an sou sa ki pase a ;

Pa gen okenn ankèt ki anonse sou dife sa yo ki sanble tèt koupe ak yon mannèv kriminèl pou fè moun anba tant yo degèpi pa pye pa tèt ;

Pa gen okenn dispozisyon ki pran bo kote Komisè gouvènman an ki toujou di l ap mete lòd. Li pa pase lòd bay jij depè a pou li fè konsta enpi kontribye nan chache men kriminèl ki ta lakoz dife sa yo, jan kòd enstriksyon kriminèl ayisyen an prevwa sa.

Pa gen okenn demach bò kote sèvis konsène yo pou monte kèk brigad lapolis pou mete plis sekirite ozanviwon kan yo, alòske deviz lapolis la, se pwoteje ak sèvi ;

Pa gen okenn anons bò kote Ministè Lajistis pou akonpaye deplase yo refè papye enpòtan yo tankou batistè, kat idantifikasyon nasyonal ki tounen sann anba gwo dife sa yo.

Pa gen okenn konsèy Pwoteksyon Sivil bay moun yo pou evite lòt dife ki pa kriminel, men ki ka rive pa aksidan, si jamè yo ta frape ankò.

Kisa silans sa a otorite nan Leta yo obsève devan sa k ap pase nan kan yo vle di ? Se pa jodi a bandi t ap anonse yo gen pou egzekite menas mete dife nan yon seri kan. N ap raple tou, nan lannwit 21 desanm 2011, yon gwoup bandi debake sou Plas Jeremi, yo chire tant, yo bat moun pou fòse yo kite zòn nan. Pou jis jounen jodi a, pifò viktim Plas Jeremi yo lage nan lari san sekou. Meri Pòtoprens lè sa, te lave men l pou di operasyon degèpisman sa a, li pa mele ladan. Alòske, nan yon seremoni ofisyèl 11 janvye 2012 prezidan peyi a site Plas Jeremi pami gòl li bay.

Kolektif pou Defans Dwa Lojman an ap raple yon lòt fwa ankò obligasyon Konstitisyon 87 la fè otorite yo pou garanti dwa lavi ak sekirite popilasyon an, san paspouki. Anplis tou, peyi Dayiti, kom manm Nasyonzini konsène ak Prensip Direktè sou moun deplase yo ki mande pou Leta fè tout jefò pou garanti dwa lavi ak sekirite tout viktim katastwòf. Konsa, tout otorite yo dwe pran responsablite yo, yo chak nan nivo pa yo.

Nan sans sa a, Kolektif la mande :

Pou Komisè gouvènman Pòtoprens lan mete aksyon piblik an mouvman pou kwape tout zak kriminèl mete dife nan tant viktim 12 janvye yo ;

Pou Lameri Pòtoprens pote sekou bay viktim yo k ap viv nan yon sitiyasyon ki angrave ;

Pou Lakwawouj Ayisyèn, Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm pote sekou bay fanm ansent avèk timoun piti ki lage nan lari san okenn pwoteksyon ;

Pou moun nan kan yo òganize yo pou defann tèt yo kont kriminèl ;

Pou tout lòt moun, gwoup, enstitisyon ak òganizasyon konsekan nasyonal ak entènasyonal fè solidarite avèk moun k ap viv anba tant yo, ki kontinye viktim.

Moun ki anba tant ak prela chire, se sitwayen ak sitwayèn yo ye tou tankou tout lòt Ayisyen/Ayisyèn.

Dwa Sekirite ak Dwa Lavi yo an danje, otorite yo pa dwe kwaze bra yo !

Pòtoprens, 23 mas 2012

Pou Kolektif la

Sanon Reyneld

Kolektif pou Defans Dwa Lojman regwoupe òganizasyon sa yo : FRAKKA, GARR, PAPDA, DOP, BATAY OUVRIYE, POHDH, SEVIS JEZUIT AYITI.

No Comments

Post a Comment