
Leson tranblemann tè 12 janvye a : « Nou pa dwe bati menm jan pou tout espas piblik, tankou Inivèsite k ap resevwa moun, pa tounen simityè. »
Mesaj Kolektif sou Dwa Lojman devan Inivèsite Pòtoprens. Onè respè pou tout pitit peyi a ki t ap etidye nan Inivèsite Pòtoprens e ki trepase la ak liv nan men, ak yon pakèt rèv nan kè yo, pou tèt yo, pou fanmi yo epi nou sèten gen ladan yo ki te gen rèv pou peyi a kote yo te fèt la, AYITI.
Men, elas ! Rèv sa a kraze an miyèt moso. Tout moun sa yo ki te chè pou nou, yo pa la ankò, men yo pase pou yo fòse nou reflechi dekwa pou sa k pase la a pa repase ankò. Nan sans sa a, gen gwo nesesite pou espas piblik yo tankou lekòl, legliz, tout kote k ap resevwa anpil moun dwe bati dapre yon seri prensip ; gwo save yo konn rele sa prensip parasismik, ki vle di yon batiman ki pare pou fè fas kare ak katastwòf tankou tranblemann tè. Epi tou, Leta dwe fè Jeni eskolè a fonksyone, ki vle di pou l kontwole kijan konstriksyon lekòl yo ap fèt, sipèvize yo pou wè si yo respekte tout prensip yo.
Espas piblik kote anpil moun ap frekante, mande tou, pou gen yon Plan, ki vle di yon Plan sekou ak evakyasyon, kidonk yon plan ki detaye ki jan nou dwe pote sekou, kijan nou dwe mete moun yo deyò nan espas la pou sove lavi yo. Plan sa a dwe alapòte pou tout moun okouran ki jès ki dwe fèt nan moman gwo danje sa yo.
Kidonk, gwo leson tranblemann tè a kite pou nou, sèke nou pa dwe bati menm jan, nou fèt pou gen yon Plan Sekou ak Evalyasyon yon mannyè pou tout espas piblik k ap resevwa moun tankou yon Inivèsite pa tounen simityè.
Mesaj sa se youn nan plizyè mesaj ki te delivre pandan yon mach Kolektif Òganizasyon pou Defans Dwa Lojman te reyalize nan Pòtoprens 12 janvye 2012 pou onore memwa viktim tranblemann tè a ki te touye plis pase 300 mil Ayisyen/Ayisyèn epi blese plizyè santèn milye lòt. Men òganizasyon ki fòme Kolektif la : GARR, FRAKKA, PAPDA, POHDH, BATAY OUVRIYE, SJR-Ayiti, DOP
No Comments