Alienum phaedrum torquatos nec eu, vis detraxit periculis ex, nihil expetendis in mei. Mei an pericula euripidis, hinc partem.

Blog

GARR / Kontni nan Kreyol  / Tit  / Aktyalite  / Moun deplase yo  / Pozisyon FRAKKA ak divès Komite kan deplase nan Komin Dèlma

Pozisyon FRAKKA ak divès Komite kan deplase nan Komin Dèlma

Nou menm nan divès kan nan zòn Dèlma ki mete ansanm ak FRAKKA pou bay konferans sa a, nou konstate depi plizyè semèn machin represyon ak ekspilsyon fòse kont moun nan kan yo pran yon vitès siperyè.

 

Pandan tan sa a, gouvènman an ap fè gagòt ak plis pase 20 milyon dola ameriken gouvènman kanada bay pou leve moun Chansmas yo. Y ap fè anpil pwopagann politik pou pwogram 16/6 la, ki se yon veritab demagoji. Kote gouvènman an ak OIM bay viktim yo 20 mil goud pou yo lwe kay. Ki kay yon moun ap jwenn ak 20 mil goud, alòske menm nan bidonvil yo pa gen ase kay pou malere rete apre katastwòf 12 janvye a. Ki donk, politik gouvènman an sou kesyon lojman an, ankouraje kreyasyon lòt bidonvil nan peyi a. Konsa tou, gouvènman an gen yon pwogram kay 400 pou san, kote yo kontwi yon seri kalòj ki pa koresponn a sa n ap mande kòm bonjan kay dapre atik 22 konstitisyon 1987 la.

 

Yon lòt fwa ankò nou wè kouman lameri Dèlma ak mèt teren prive yo ap fè ekpilsyon fòse, presyon, represyon ak arestasyon kont viktim k ap viv nan kan yo. Alòske, lalwa entènasyonal ak nasyonal yo trase demach tout moun ak enstitisyon dwe swiv pou mete moun deyò sou espas piblik ak prive yo okipe. Ekip bandi legal lameri Dèlma yo, pase tout lwa sa yo anba pye nan fason yo mete viktim yo deyò tankou chen.

 

Konsa, nou menm komite kan ak FRAKKA, nou pwoteste kont zak ekspilsyon fòse, represyon, menas ak arestasyon k ap fèt kont moun k ap viv anba tant yo. Nan sans sa a:

 

Nou denonse Silvès (alyas Chout) ki di li se jeran Antoni Kawoli ak ajan lameri Dèlma k ap menase moun k ap viv nan kan Megamat Mòmon nan Dèlma 30. Bandi yo te anonse y ap debake nenpòt jou a 3è-4è nan maten pou vin mete moun deyò. Se konsa, lendi 14 me a yo debake vin tire sou moun k ap viv nan kan an. Erezman popilasyon an fè rezistans, bandi yo fè bak. Men, yo menase pou yo retounen vin mete dife nan kan an, tankou yo te tante fè sa deja.  N ap raple, 23 ak 25 me 2011 majistra Wilson Jedi akonpaye ajan lameri ak lapolis te debake nan kan sou plas kafou ayewopò ak plas Dèlma 5, yo dechire tant, kraze tout sa viktim yo te rete kòm byen. Yon lane apre, majistra a kontinye ak menm metòd gwo ponyèt makout yo kont yon seri lòt kan nan komin Dèlma a.

Nou denonse tout menas Ansyen kolonèl Antwàn Atouris ki te deszide fèmen baryè teren kote moun yo ap viv nan kan Vilaj Palafwa Dèlma 31. Pou yon moun soti andedan kan an li te oblije monte mi. Sa vle di, timoun pa t ka ale lekòl. Sa a se yon zak sekestrasyon lalwa pini. Nou kwè ansyen kolonèl la konnen demach lalwa trase pou mete moun deyò sou yon teren prive ak sanksyon lalwa egzije kont yon moun ki fè zak sekestrasyon an.

        Nou pwofite denonse tout kalite menas k ap fèt kont plizyè lòt kan tankou: Palèdela Dèlma 33, Adoken Dèlma 33, kan KAMEP   Dèlma 24;

N ap kontinye denonse pastè Jorel Jeune, lapolis kafou, lajistis, lameri k ap travay pou pastè Jorèl nan fè entimadasyon, presyon, represyon ak arestasyon kont moun k ap viv nan kan Gras Vilaj Lamanten 52-54.  Nou denonse konpòtman otorite kafou yo ki toujou deklare yo se timoun pastè Jorel yo pa ka fè okenn aksyon kont li. Sa montre kesyon pouvwa nan peyi d Ayiti se zafè zanmi, fanmi ak nivo koripsyon ki genyen nan enstitisyon Leta yo.  Malerezman, nou konstate peyi a tounen yon ti boutik pou fanmi ak asosye yo dirije.

        Nou menm komite kan ak FRAKKA ki pran pozisyon sa a, nou mande:

Pou lameri Dèlma sispann ekspilsyon fòse ak tout menas l ap fè kont kan yo. Epi pou responsab meri a swiv demach legal lalwa trase pou mete moun deyò sou teren prive;

Pou tout mèt tè aplike sa lalwa di sou kesyon degèpisman;

Pou òganizasyon dwa moun nasyonal ak entènasyonal yo pote kole ak moun k ap viv nan kan Gras Vilaj yo, pou lajistis jije pastè Jorel pou tout zak li fè kont viktim yo;

Pou lajistis libere 5 moun yo te arete nan kan Gras Vilaj la;

Pou gouvènman an kanpe sou maskarad l ap fè anba Mòn Kabrit la, pou l defini yon plan lojman sosyal, pou konstwi bon jan kay bay moun k ap viv anba tant yo, bon jan kay ki respekte diyite yo kòm moun.

 

               Bon jan kay pou moun rete se te toujou yon dwa, kounye a se yon nesesite.

 

 

   Moun ki siyen pou :

  Kan Megamat Mòmon Dèlma 30                  Getan Gerson

 Kan Palafwa ak Kan Adoken

                                                                       Dorestan Ronald

FRAKKA                                                       Sanon Reyneld

 

 

 

No Comments

Post a Comment