Alienum phaedrum torquatos nec eu, vis detraxit periculis ex, nihil expetendis in mei. Mei an pericula euripidis, hinc partem.

Blog

GARR / Kontni nan Kreyol  / Tit  / Aktyalite  / Moun deplase yo  / Ã’ganizasyon yo kritike demach gouvènman an epi fè pwopozisyon pou yon nouvo Plan

Ã’ganizasyon yo kritike demach gouvènman an epi fè pwopozisyon pou yon nouvo Plan

Se nan mitan gwo kesyon, kritik ak mank satisfaksyon bò kote plizyè òganizasyon, rankont gouvènman ayisyen an ak sosyete sivil la sou plan rekonstriksyon peyi a, fini nan apremidi 19 mas 2010 la, nan otèl Karibe, Petyonvil.Bi rankont sa a ki te kòmanse vè 10 zè nan maten, se te pou prezante lide ak plan gouvènman an prepare pou peyi a, epi ranmase dizon plizyè sektè nan sosyete sivil la sou demach sa a. Se Premye minis Jean Max Bellerive ki te konvoke rankont la. Dokiman yo te distribye bay òganizasyon yo e ki ekri nan lang franse rele « Plan d’Action pour le Relèvement et le Développement National » (Plan daksyon pou relèvman ak Devlopman nasyonal). Yon premye prezantasyon deja fèt nan Santo Domingo e nan dat 31 mas, gouvènman an gen pou soumèt Plan definitif la devan bayèdefon kominote entènasyonal la nan Biwo Nasyonzini nan Nouyòk. Patisipan-ant nan rankont 19 mas la nan Petyonvil, te kritike otorite yo dèske, se nan menm moman an, reprezantan ministè plan te remèt yo dokiman an, ki gen yon valè 35 paj alòske gwoup yo te dwe al travay sou li lapoula. Gen 5 sijè gouvènman an te mande sosyete sivil la pou li bay pozisyon l sou yo, se : Suivi ak kontwol Plan yo (Plan estratejik ak Evalyasyon bezwen apre dezas/PDNA), Kontra sosyal pou rebati Ayiti, Desantralizasyon ak òganizasyon teritwa a, Sèvis Sosyal (Lojman, Sante, Edikasyon, Travay). 5e sijè a se te Devlopman ekonomik.Dapre refleksyon ki soti nan youn nan gwoup travay yo, gouvènman Preval/Bellerive la pa manifeste toutbon vre yon volonte pou chache patisipasyon sitwayen/sitwayèn yo nan gwo desizyon sa a ki konsène tout peyi a. Yo di yo pa konprann demach otorite yo ki pa jennen prezante Plan pou Ayiti sa a bay bayè de fon etranje nan Santo Domingo anvan menm li te konsilte pèp ayisyen, ni kolonn viktim ki lage nan kan yo pou bay dizon yo sou plan sa a.Gwoup 5 la konstate, aloske gouvènman an mande yo pou reflechi sou devlopman ekonomik peyi a, li pa di ki direksyon li vle bay ekonomi an apre tranbleman tè a. Pèsonn pa konnen ki politik gouvènman Preval-Bellerive la parapò ak peyizan k ap pwodui lamanjay, machann k ap transfome epi vann pwodui, atizan yo, ti antreprenè ki pèdi tout biznis yo, ak lòt ankò. Ki politik ladwann li vle adopte ? Eske se toujou menm baryè lib la oubyen eske pwodiktè nasyonal yo ap jwenn pwoteksyon ak akonpayman Leta ?Daprè rapòtè ak rapòtèz lòt 4 gwoup yo, nan dokiman gouvènman an prezante ba yo a, gen yon bon pati nan popilasyon an ki pa parèt okenn kote. Dapre yo, metòd gouvènman an chwazi pou prepare plan sa a pa divòse ak pratik mete sou kote yon bann moun k ap pote peyi Dayiti sou do yo. « Yon dokiman ki fèt nan kondisyon sa a, pa p pote okenn devlopman pou peyi a ki bezwen jodi a pou kat la rebat. Tout plan ki fèt san nou ap echwe. Nou vle patisipe nan fè plan an ak nan aplike l ; nou pa vle yo fè l pou nou, ni san nou», dapre reprezantan òganizasyon nan sosyete sivil la ki te nan rankont 19 mas la.Yon lòt pa, gwoup travay yo te konstate pa gen okenn kote nan Plan an, gouvènman an prevwa yon politik espesyal pou andikape yo. Non plis tou, pa gen yon demach pou ede popilasyon an nan sa ki konsène sante mantal, kidonk ekilib nan lespri li. « Anvan 12 janvye, gouvènman an pa t montre li enterese nan sante mantal popilasyon an ; men apre 12 janvye kote plis pase 250 mil Ayisyen-Ayisyèn mouri kraze, li pa posib pou gouvènman an vag sou yon akonpayman sikolojik pou ede sila yo ki pa mouri jwenn tout ekilib nan lespri yo », dapre òganizasyon yo. Nan moman deba yo, militant fanm Chlorinde Zéphyr te kritike absans Premye minis Bellerive ki te envite sosyete sivil la nan gwo reyinyon sa a men ki pa te mete pye. « Se pa yon zafè papye k ap regle, se yon zafè dispozisyon pou konstwi yon nouvo Ayiti. Li pa posib pou sou plis pase 200, 000 kadav yo, se yon dokiman konsa n al pote nan Nouyok 31 mas ». Militant la lanse yon pinga kont koripsyon plan bouyi vide sa yo kapab kontinye ankouraje nan peyi a. Li poze kesyon sa yo : « Malgre tout èd lajan ak materyèl Kominote Entènasyonal la voye an Ayiti, depi plis pase 2 mwa, ki jan fè gen moun toujou ki pa ka jwenn yon prela pou yo dòmi ? Ki jan fè gen fanm ayisyèn k ap sibi kadejak pou yo jwenn yon ti plas anba yon tant pou lapli pa mouye yo, oswa pou yo benefisye yon kat pou lafen pa tiye yo ?». Nan non plizyè milye moun ki viktim nan tranbleman tè a, militant Chlorinde Zéphyr mande « Pou Plan an refèt ».Dapre patisipan-ant yo, dokiman gouvènman an prezante a pa chache kòz fondalnatal ki fè peyi a rive la. Li kontante l lonje dwèt sou dega yo. Li enpòtan pou gouvènman an di nan dokiman an, men ki sa ki lakòz pwoblèm yo, kote l prale, ki wout l ap pran, epi pou li chache patisipasyon ak konsantman popilasyon an. « Nou dwe make yon koupe fache nèt ak vye pratik ak sistèm rabi lontan yo ki pa bay rezilta ». Se pozisyon òganizasyon yo ki di ankò, « se nouvo pratik ki chita sou diyite moun, respè chak sitwayen-sitwayèn ak patisipasyon ki ka ban nou rezilta n ap chache a nan kèlkilanswa plan n ap bati pou mete kanpe yon Ayiti tou nèf ». Reprezantan Ministè Plan, Michel Content, ki te fèmen rankont gouvènman an ak sosyete sivil la nan apremidi 19 mas 2010 la, te fè sonje dokiman an pa fini, se yon kòmansman li ye ; e li pwomèt pou transmèt tout pwopozisyon ak pozisyon òganizasyon sosyete sivil la bay chèf gouvènman an.

No Comments

Post a Comment