Alienum phaedrum torquatos nec eu, vis detraxit periculis ex, nihil expetendis in mei. Mei an pericula euripidis, hinc partem.

Blog

GARR / Kontni nan Kreyol  / Tit  / Aktyalite  / Moun deplase yo  / Ki sa gouvènman ayisyen an ap prepare pou fanmi ki deplase apre tranblemann tè a ?

Ki sa gouvènman ayisyen an ap prepare pou fanmi ki deplase apre tranblemann tè a ?

Nan yon dokiman sou Estrateji pou yon abri ki pi asire, gouvènman ayisyen detaye tout sa li planifye pou 1 milyon 300 mil moun li evalye, ki kite kay yo apre tranblemann tè 12 janvye a. Pou kounye la, moun sa yo ap viv nan kan ki tabli nan Potoprens, Gresye, Leyogàn, Jakmèl, Tigwav ak Grangwav. Estrateji gouvènman an, se pou kreye pi bon kondisyon ak plis sekirite pou moun sa yo pandan sezon lapli a fin rive. Se sa ki ekri nan dokiman an.Premye objektif gouvènman an, pou tousuit, se rive bay tout fanmi ki nan nesesite nan kan yo, 2 prela oswa yon tant anvan premye me 2010. Anmenmtan l ap fè distribisyon sa yo, otorite yo ap tanmen resansman moun ki deplase yo, ki va gen pou yo di ki kote yo te ye anvan katastwof la e nan ki eta kay yo te abite a ye, jounen jodi a. Sou baz estrateji abri pi asire a, gouvènman an mete popilasyon ki deplase, ki anba tant oswa tou pre lakay yo nan lari, devan 5 posibilite.-Moun ki deplase yo ka retounen viv nan kay yo, apre yon espesyalis fin sonde kay la e deklare li san danje.-Moun ki deplase yo ka retounen vin abite sou teren kote kay yo te ye a, apre yo fin leve tout debri ki ka reprezante yon danje.-Deplase yo ka al rete lakay yon fanmi.-Deplase yo ka rete pou yon ti bout tan nan zòn ansyen kay yo, men nan yon espas òganize e ki gen tout sèvis debaz yo. – Deplase ki pa gen kay solid, ni teren, ni fanmi, ni espas nan zòn lakay yo pou abrite yo, Leta pral reloje yo nan yon seri anplasman li prevwa e gouvènman an deja idantifye.Premye minis la deja bay dizon l pou yo itilize 5 teren kote yo pral monte kan pwovizwa, dapre sa ki ekri nan dokiman estrateji a. Kominote entènasyonal la ap potekole pou prepare kan sa yo, swa nan mete teren yo anivo, swa nan enstale sèviz debaz tankou laswenyaj, edikasyon, asenisman kidonk netwayaj, twalèt, drenaj. Kan òganize sa yo dwe founi yon lojman pi asire bay anviwon 100 mil moun.Apa mezi deplasman sa yo, gouvènman an gen lide kite yon seri fanmi rete nan kèk kan. Se kote ki gen posiblite pou amelyore kondisyon kan sa yo yon fason pou moun yo ka kontinye viv la pandan sezon lapli a. Nan sans sa a, gouvènman an ak kominote entènasyonal la di y ap travay pou reyòganize kan sa yo pou moun yo pa viktim inondasyon e pou yo ka jwenn sèvis debaz.Eske gouvènman an prevwa ede moun ki fè ladesant lakay yon fanmi? Dokiman estrateji a di, gouvènman ayisyen ap ranfòse sèvis debaz ki pou rive jwenn moun sa yo, tankou Edikasyon, Swen sante, Dlo, Lapwopte, menmjan l ap bay èd nan zafè manje ak fè jaden. Se yon fason pou soutni alafwa deplase yo ak tout fanmi ki akeyi yo a. Kit se nan kan òganize ou pa, kit se lakay yo y ap viv, kit se yon fanmi ki akeyi yo, deplase ki pi fèb yo ap resevwa yon èd, selon bezwen yo, se sa gouvènman an deklare.Gouvènman an anonse tou, limenm nan tèt kole ak kominote entènasyonal la ap travay ak òganizayon lokal toupatou, pou ede deplase yo byen konprann posiblite yo ba yo. Men, kèlkilanswa, se deplase yo k ap fè chwa yo, yomenm sou 5 posiblite sa yo otorite yo mete devan yo. Kidonk, tounen lakay yo, apre yon espesyalis fin evalye kay yo e deklare li bon pou rete, tounen al viv sou teren lakay yo, lè kay yo fin demoli; oubyen ankò al rete lakay yon fanmi k ap akeyi yo ; oubyen al rete sou yon espas nan zòn lakay yo e lè sa a Leta ap mete sèvis pou yo; e pou fini, tann Leta mete yo nan kan l ap prepare pou sa.Pou fini, dapre sa ki ekri nan dokiman sou estrateji pou yon abri ki pi asire a, posiblite gouvènman an ofri popilasyon an la, se pa yon solisyon definitif pou reponn ak egzijans moun ki gen kay yo ki kraze nan tranblemann tè a. Se pito yon posiblite li prezante, pou amelyore kondisyon moun yo pou yo ka abrite yo nan sezon lapli a. Apati samdi 10 janvye 2010, gouvènman an prevwa yon operasyon deplasman nan Kan Petyonvil Klèb ki nan Delma 48. Y ap deplase 800 moun chak jou, pandan 12 jou ak konkou MINISTA. Se sa yon reprezantan kominote entènasyonal la te anonse, nan yon rankont ki te fèt 6 avril nan Pòtoprens nan yon gwoup travay Ki rele KLESTÈ PWOTEKSYON (Cluster Protection).

No Comments

Post a Comment