Kay ak manje: 2 pi gwo bezwen plizyè deplase entèn nan Laskawobas
Plizyè santèn timoun, fanm ak gason te kite Pòtoprens al viv nan divès lokalite nan Laskawobas aprè tranblemann tè 12 janvye 2010 la. Los Pinos, Platanal ak Dekovil, se non 3 sant ki rasanble prèske 300 moun yon ekip GARR te vizite 5 me 2010 la. Deplase entèn sa yo ap viv nan move sitiyasyon epi yo gen anpil bezwen. Jwenn yon bon kay pou yo rete ak manje chak jou, se 2 pi gwo revandikasyon deplase yo.Nan Los Pinos, yon lokalite nan premye Seksyon Kominal Wanpa (Laskawobas), gen 45 moun, 26 timoun, 13 fanm ak 6 gason, ki kontinye ap viv nan yon kay nan kondisyon ki difisil anpil: san swen sante, san dlo potab. Yo manke rad epi y ap dòmi a tè nan yon kay kote yo ka mete yo deyò nenpòt kilè.Toujou nan Seksyon Kominal Wanpa, nan yon lokalite ki rele Platanal (anviwon 10 Kilomèt vil Laskawobas), 82 deplase entèn ap viv nan yon legliz. Majorite nan moun sa yo te konn vin nan misyon nan Platanal deja. Yo dòmi sou yon prela yo ouvè atè nan legliz la. Lokal legliz la gen anpil fant e nan nuit chaje kourandè ki frape timoun yo ki konn tonbe malad. Dèyè do baraj Pelig la, nan lokalite Dekovil, nan premye seksyon kominal Tifon (Laskawobas), gen 146 moun, 31 fanm, 32 gason ak 83 timoun ki vini apre tranblemann tè a. Anpil nan moun sa yo te kite zòn nan depi lontan epi te vann tout byen yo, gen lòt ki vini premye fwa. Lè yo te fenk vini yo te jwenn opòtinite pou yo te loje ansanm nan yon lakou. 2 mwa apre, yo te mete yo deyò kote sa. Kounye la, yo dispèse nan divès lakou nan zòn nan kote y ap viv anba tant.Kit se nan Los Pinos, PLatanal ak Dekovil, anpil nan deplase entèn yo pèdi kay ak tout sa yo te genyen nan Pòtoprens. Anplis tou, yo pè retounen nan Kapital la paske yo di tè a kontinye ap tranble. «M pa konn fè jaden, men m ka fè ajan sekirite ak anpil lòt bagay; si m jwenn yon ti travay bò isit la, m pa p fè yon pa kita, yon pa nago », se deklarasyon Jocelin St Fleur, yon alatèt gwoup deplase nan Los Pinos ki poko pare pou tounen viv nan Pòtoprens.Nan zafè lamanjay la menm, nan tou lè 3 sant yo, deplase yo gen pwoblèm manje. Anpil nan yo viv grasa ti èd yo jwenn nan men kèk òganizasyon oswa nan men kèk bon pwochen nan lokalite sa yo. Nan sa ki konsènen dlo potab, se ak gwo difikilte deplase yo jwenn bon dlo pou yo bwè sitou nan lokalite Los Pinos ak Platanal kote paran yo fè konnen gen anpil timoun ki gen dyare.Nan tou lè 3 sant yo, deplase yo plenyen dèske yo pa gen mwayen nan men yo pou voye timoun yo lekòl.Nan Platanal, gen fanm deplase ki deklare yo pa gen mwayen nan men yo pou okipe pitit yo ni reponn ak bezwen espesyal yo genyen tankou lè yo gen règ yo. Nan Dekovil kote kantite timoun yo depase kantite fanm ak gason, gen nan timoun sa yo paran yo pati kite yo nan men lòt moun nan zòn nan.N ap raple otorite lokal nan komin fwontalye yo resanse plizyè milye fanmi deplase ki soti Pòtoprens apre 12 janvye 2010, ladan yo 400 fanmi nan Laskawobas ak 2000 nan Beladè pou zòn Ba Plato Santral.
No Comments