Ann lite pou fè respekte diyite moun anba tant yo nan memwa zansèt esklav yo
Nan okazyon 23 out la, ki se Jounen Entènasyonal pou sonje Komès vann nèg ak batay ki te fèt pou sa kaba, Gwoup pou apiye Rapatriye ak Refijye yo (GARR), yon lòt fwa ankò, vle make dat sa a. Pou ane sa a, li chwazi reflechi sou diyite moun paske jounen jodi a, popilasyon ayisyèn nan ap viv nan yon seri kondisyon ki pase diyite moun anba pye jan sa te konn fèt nan tan lesklavaj.Nan epòk kolon yo, mèt bitasyon yo pa te konsidere zansèt nou yo kòm moun e kondisyon yo te mete yo viv te sanble ak kondisyon bèt. Jounen jodi a, pa gen fwèt men fason anpil Ayisyen ap viv, ap dòmi, ap manje, fason fanm ak timoun ap dòmi leve pa respekte diyite moun. Menm jan kolon te meprize esklav yo, moun ki gen mayèt peyi a nan men yo, pa vire je gade deplase ki anba tant yo, ki depase yon milyon moun. Yo pa enterese konnen ki jan deplase yo manje, ni ki jan yo dòmi, kijan yo voye pitit yo lekòl, eksetera. Responsab Leta yo kwaze bra yo pandan moun deplase yo ozabwa devan menas degèpisman y ap sibi nan men pwopriyetè teren kote yon seri kan monte nan kapital la. Nan dènye tan sa yo, se plis koze eleksyon k ap pale kote kandida pral mande menm moun ki anba tant, prela ak dra chire yo soti al vote pou yo san yo pa esplike ki plan yo genyen pou chanje sò yo. Nap fè sonje, dat 23 out la, se yon dat kote zansèt nou yo nan koloni Sendomeng, te leve kanpe pou defann diyite yo. Yo te fè kolon yo ak tout kominote entènasyonal nan moman sa a konnen, yo se moun, yo vle viv tankou moun.Se depi lane 2005, GARR koumanse selebre jounen 23 out la, li konsidere kòm Jounen Nasyonal Dwa Moun peyi Dayiti. Ane sa a, nan okazyon 23 out la, GARR deside òganize yon seyans refleksyon pou gade pwoblèm diyite moun ki make sitiyasyon deplase entèn yo. Refleksyon yo gen pou chita tou sou sa ki ta dwe fèt pou diyite moun, ki se yon kesyon dwa moun respekte nan peyi a.Men sa ki prevwa nan kad seyans refleksyon sa a : konferans, deba, temwayaj, ekspozisyon foto sou kan yo.
No Comments