Alienum phaedrum torquatos nec eu, vis detraxit periculis ex, nihil expetendis in mei. Mei an pericula euripidis, hinc partem.

Blog

GARR / Kontni nan Kreyol  / Tit  / Aktyalite  / Moun deplase yo  / Yon kout je sou lavi chak jou deplase yo

Yon kout je sou lavi chak jou deplase yo

Gen plis pase yon milyon Ayisyen/Ayisyèn k ap viv anba tant ak prela depi katastwòf 12 janvye a. Nan sa ki konsène lavi chak jou deplase sa yo nan yon seri kan nan kapital la, tankou Lakou Seminè nan Vale Boudon ak Kan Taba Isa, ajan teren GARR yo fè plizyè konsta ki gen rapò ak dwa lojman, manje, ak dwa pou yon moun gen yon papye ki idantifye l.{{Nan Lakou Seminè ki nan Vale Boudon, zòn Petyonvil,}} deplase yo anba presyon pou yo kite teren sa a, ki se lakou yon legliz ki rele Legliz Dedye. Se la yon santèn fanmi te abrite yo apre 12 janvye. Responsab legliz yo di, yo bezwen teren an, aloske moun yo pa konnen ki bò pou yo ale. Nan yon rankont ekip ajan teren GARR te genyen ak yon pastè nan legliz la, nan mwa septanm 2010, li te di yo « pap mete pèsonn deyò men, kanmenm, fòk moun yo bay teren an ». Menm responsab la te deklare, direksyon legliz la gen entansyon fè demach bò kote otorite ak kèk ONG pou wè si yo ta jwenn kote pou reloje fanmi deplase sa yo.{{Nan Kan Taba Isa, nan Nò kapital la,}} deplase yo gen nesesite nan zafè tant, manje ak kat idantifikasyon nasyonal. Gen 9 fanmi nan Taba Isa ki bezwen yo chanje tant yo ki chire. Apre gwo toubouyon van ak lapli ki te kraze plis pase 360 tant, òganizasyon k ap jere kan an, te fè dilijans e yo te ranplase tant kraze yo lapoula. Men, gen 9 fanmi ki gen tant yo ki pa t kraze men ki fin chire nèt e ki mande ranplase. Nan rankont ajan teren GARR te genyen nan fen mwa septanm ak responsab òganizasyon k ap jere kan Taba Isa, yo fè konnen, yo « pa gen tant nan estòk yo ankò». Yon lòt pa, depi 4-5 mwa, pa gen okenn distribisyon manje ki fèt nan Taba Isa ni aktivite yo rele « lajan ak manje pou travay », kidonk « cash ak food for work », dapre sa deplase yo fè konnen. Sa lakòz anpil moun gen gwo difikilte pou yo manje. Nan sa ki konsènen papye pou idantifye yo, gen deplase nan Taba Isa ki bezwen Kat Idantifikasyon Nasyonal. Nan demach ekip ajan teren GARR te fè nan biwo ONI, nan mwa septanm nan, nan lide pou Biwo a tabli yon sèvis nan kan an pou fè kat pou deplase yo, Direksyon ONI, pwomèt l ap fè lenesesè.

No Comments

Post a Comment