Kesyon lojman pou moun ki deplase yo dwe tounen gwo priyorite peyi a
12 janvye 2011, sa fè deja yon lane depi gwo tranbleman tè ki te frape Ayiti a te touye anpil moun, kraze anpil kay, sa ki lakòz anpil ayisyen/ayisyèn vin ap viv nan lari. Li pa nòmal pou yon lane apre, peyi a pa lofri moun sa yo okenn posiblite pou yo soti anba moso plastik, anba tant chire kote y ap viv, depi lè sa a anndan kan yo, pil sou pil. Nan memwa tout moun ki te peri nan trajedi 12 janvye 2010 la, nan non tout sila yo ki soti estwopye, ki pèdi tout sa yo te posede, GARR lanse yon apèl bay moun ki gen mayèt peyi a nan men yo, ak sila yo ki di yo vle ede Ayiti, pou yo fè kesyon lojman pou deplase yo tounen premye priyorite, paske se yon dwa fondamantal tout moun genyen pou yo jwenn yon kote desan pou rete.GARR ap fè solidarite ak moun nan tout kan ki anba menas yo, k ap sibi presyon pou yo kite kan sa yo pou pita 12 janvye a, alòske yo pa konnen ki kote yo prale. Li lanse yon rèl bay gouvènman an, pou prese prese, li negosye ak pwopyetè teren yo pou yo pa mete moun yo deyò, detan limenm l ap chache yon kote ki diy pou reloje deplase yo. GARR ap atire atansyon tout moun sou fason yon seri kan alèkile ap debòde ak moun paske gen lòt ki fèmen. Sa reprezante yon gwo danje pou maladi gaye ak pou vyolans simaye. Li mande gouvènman an mete an aplikasyon plizyè estrateji li te anonse nan mwa avril 2010 pou koumanse solisyone pwoblèm lojman an, tankou bay moun ki kapab kredi pou yo remonte kay yo, bay teren pou plante kay, ede moun yo monte kowoperativ lojman, ede yo debleye espas ki ankonbre yo epi ba yo materyo ak akonpayman teknik pou yo monte yon ti kay. GARR ap pwofite sikonstans la pou denonse kondisyon lavi deplase yo ki ap vin chak jou pi difisil nan kan yo. Malgre gen ti jefò ki fèt sou kesyon lapwòptay apre epidemi kolera a fin deklanche, kesyon asenisman an toujou rete yon tèt chaje. Gen kan kote twalèt yo pa netwaye regilyèman oswa fòs ki te fouye yo pa deboure. Menm lè yo mete poubèl kèk kote, sèvis ki reskonsab la pa vin retire yo regilyèman. Deplase yo soufri grangou, yo pa gen travay. Pa gen pwogram espesyal pou gwoup ki ekstrènman vilnerab yo e ki pa kapab al chache lavi poukont yo tankou timoun yo, granmoun yo, andikape yo. Fanmi yo gaye nan plizyè kan oswa anba plizyè tant e gen nan yo ki pèdi kontwòl timoun yo. Sitiyasyon pwomiskuite, blakawout nan kan yo ogmante ensekirite ak vyolans, espeysalman sou fanm ak tifi. Yo resanse anpil ka vyòl nan kan yo epi kantite fanm ki tonbe ansent ogmante anpil, dapre tout enfòmasyon k ap sikile. Nan kondisyon sa a, chay la vin pi lou sou do fanm yo ki te déjà gen twòp reskonsablite sou do yo nan sosyete a pou chache manje pou fanmi yo, okipe kay, ledikasyon, swen malad eksetera. Ni Leta santral, ni komin yo pa antre jesyon kan yo anndan plan travay yo ; yo pa chanje anyen nan metòd jesyon yo te gen lontan pou ta pran an kont nouvo reyalite sa a. Alòske gen sèten kan ki gen plis moun k ap viv ladan yo pase nan yon komin, lapolis pa prezan ni okenn lòt sèvis Leta.Yon lane apre tranbleman tè a, anpil moun ap viv sou chòk toujou. Kriz kolera a e sitou kriz politik la lage yo nan plis dezolasyon paske yo pa wè okenn chanjman. Sila yo ki te koumanse reprann fòs gen tandans pèdi lespwa.Nan okazyon premye anivèsè tranbleman tè , GARR lanse yon rèl bay tout aktè politik yo pou fè jefò dyalòg, chache konsansis pou ede peyi a soti nan kriz kote li plonje a, epi bay pèp la bon siyal k ap ede l reprann konfyans nan peyi a. Nan non sila yo ki pati kite nou, noumenm ki reskape, ki rete vivan, nou gen devwa pou n pran yon lòt chimen pou n pa kite peyi a mouri.
No Comments