Plis pase yon santèn fanmi nan kan Dèlma 33 anba gwo menas degèpisman
Madi 10 me 2011, se ak gwo sezisman 150 fanmi ki loje nan kan Palèdela, Delma 33, konstate pwopriyetè teren an, te fèmen baryè, kadenase yo anndan kan an kote sa ki anndan ret anndan, sa ki deyò ret deyò. «Se yon fason pou pwopriyetè a, ba moun degoutans pou yo ka bay teren an». Se sa GARR aprann bò kote fanmi k ap viv nan kan an e ki di yo deja sibi divès kalte presyon ak menas. Yon ti tan apre popilasyon an te fòse louvri baryè a pou moun te ka pase, seksyon kominikasyon GARR te rankontre ak yon blese ki di, gen plizyè moun, byen bonè nan maten, ki pran chòk lè yo t ap fè tantativ pou janbe mi pou soti al regle aktivite yo ak lòt nesesite yo te genyen. Deplase yo fè konnen, depi lendi 9 me, nan aswè, moun nan kan yo pa te jwenn twalèt pou yo sèvi paske pwopriyetè a te bloke twalèt yo. Nan vizit li te fè, 10 me 2011 la, GARR konstate gen twalèt ki fèmen ak kle epi byen kloure kote pèsòn nan deplase yo pa gen dwa louvri pòt yo. Bò kote pa l, pwopriyetè Palèdela, Sainfort Bathol, pa te two entèrese fè deklarasyon. Li te pito mete GARR an kontak avèk avoka l, Mèt Brusly Tiréma. « Gen yon kontra 25 mil dola ameriken (yon milyon goud, NDLR) pwopriyetè a te siyen ak Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal pou 6 mwa; kontra a bout nan mwa desanm 2010». Se deklarasyon Mèt Tiréma ki fè konnen yo deja bay Leta ayisyen plizyè dèle pou li pwolonje kontra sa a, men Ministè Lenteryè pa reskpekte dèle yo. Gen demach lajistis ki deja tanmen kont Leta ayisyen. Avoka pwopriyetè a deklare : «Mwen pral siyifye bay Ministè Lenteryè ak Kolektivite Teritoryal osijè desizyon pou egzekite degèpisman sa a sou 8 jou ». Nan kontak GARR te fè bò kote Ministe Enteryè ak Kolektivite Teritoryal, nan apremidi 10 me 2011 la, yon sous otorize fè konnen, «Ministè a siyen yon kontra ak pwopriyetè Palèdela, pou yon milyon goud pou dedomajman, nou pa dwe pwopriyetè a anyen ankò». Antretan,150 fanmi ki nan kan Delma 33 a ozabwa. «Nou lage pou kont nou, otorite Leta yo bandonnen nou». Se pawòl plizyè deplase ki di, yon lòt pa, y ap viv nan gwo privasyon, menm òganizasyon imanitè yo pa founi dlo potab ba yo ankò, ni kèk lòt atik yo te konn resevwa. N ap fè sonje, dapre Konstitisyon peyi Dayiti, Leta garanti dwa pwopriyete men an menm tan tou, Konstitisyon an mande otorite Leta yo pou kreye kondisyon pou garanti dwa lojman popilasyon an. Lè gen konfli nan dwa yo se wòl Leta pou li entèvni kòmsadwa. Anplis tou, kòm manm Ã’ganizasyon Nasyonzini, Leta ayisyen konsène nan gwo prensip entènasyonal ki rele prensip direktè yo e ki gen arevwa ak dwa moun deplase yo. Dapre prensip sa yo, otorite yo gen pou yo chita ak fanmi deplase yo pou planifye tout nouvo deplasman yo gen pou fè. Nan sans sa, GARR mande otorite Leta yo bay dosye deplase Delma 33 yo tout enpòtans li pandan l ap ankouraje yo voye je, fikse règ jwèt la, epi entèvni ak sans responsablite nan tout lòt dosye kote menas degèpisman pandye sou tèt yon bann sitwayen/sitwayèn ki apre 16 mwa kontinye ap pote gwo mak tranblemann tè 12 janvye a ki te jete yo nan lari ak dlo nan je.
No Comments