Alienum phaedrum torquatos nec eu, vis detraxit periculis ex, nihil expetendis in mei. Mei an pericula euripidis, hinc partem.

Blog

GARR / Kontni nan Kreyol  / Tit  / Aktyalite  / Moun deplase yo  / An n leve kanpe pou Leta garanti dwa pou nou jwenn bon jan kay pou nou rete !

An n leve kanpe pou Leta garanti dwa pou nou jwenn bon jan kay pou nou rete !

Plis pase yon lane apre tranbleman tè 12 janvye 2010 la, anpil moun toujou ap viv anba tant, anba kay fele, san yo poko konnen pou ki lè yo la. Yo viktim anba presyon, represyon pou yo kite kan yo san yo pa konnen ki kote pou yo ale. Gen kote, pou fòse moun yo soti, mèt teren yo sèvi ak gwoup ame, presyon lapolis, jijdepè, oswa fè vyolans sou fanm ak tifi.Nan dènye tan sa yo, yo menase mete dife nan tant pou fòse moun yo deplase. Dapre yon rapò OIM fè soti nan mwa mas 2011, gen anviwon 200 kan konsa kote plis pase 150,000 moun ap viv, ki anba menas espilsyon fòse.Yon lòt pa, malgre gwo dezas ki pase a, move pratik nan zafè konstriksyon kontinye pi rèd. Pou soti anba tant, gen fanmi ki t ap viv nan kan ki retounen kareman anba kay fele yo; gen lòt ki rekoumanse konstwi menm jan an ak tout risk sa reprezante. Men anpil pa gen mwayen ni pou rebati, ni pou fè reparasyon, ni pou lwe kay.Apre tranbleman tè a, zafè lwaye kay ki te deja chè, vin pi rèd, sitou ak kantite ONG entènasyonal ak etranje ki vin tabli nan peyi a. Konsa moun ki anba tant yo, menm si yo ta vle soti, yo pa ka peye lwaye kay.Malgre jan pwoblèm lojman an vin malouk, Leta pa montre volonte pou rezoud pwoblèm sa a globalman. Alòske sezon siklòn nan ap pwoche, moun ki anba tant yo gen anpil kè sote. Leta pran pati pou dwa pwopriyete prive, men li pa fè anyen pou garanti dwa lojman an ki se yon dwa fondamantal tout moun genyen.Nou menm òganizasyon k ap òganize kòlòk sou pwoblèm kay la, nou denonse ak tout fòs nou menas k ap fèt nan jou sa yo sou moun nan yon pakèt kan pou fòse yo kite espas la, san yo pa gen okenn kote pou yo ale. Nou envite moun sa yo òganize yo, mobilize yo, pou fè tande vwa yo ak pou reklame nan men Leta dwa pou yo jwenn bon jan kay pou yo rete.Jan pwoblèm kay la poze nan peyi Dayiti, se yon gwo vyolasyon dwa moun, espesyalman dwa ekonomik, sosyal ak kiltirèl yo. Se yon gwo vyolasyon atik 22 Konstitisyon 1987 ki di “ Leta rekonèt tout moun gen dwa pou yo jwenn bon jan kay pou yo rete”. Si goumen pou gen dwa lapawòl, dwa reyinyon, dwa asosiyasyon enpòtan pou moun viv byen, goumen pou tout moun rive jwenn bon kay pou yo rete, se yon lòt gwo nesesite nan batay respè dwa moun nan tou. Nou konsidere ann Ayiti, zafè kay la, se yon dèt Leta genyen anvè pi fò moun k ap viv nan sosyete a. Leta reskonsab lanmò yon pakèt moun ki pèdi lavi yo nan trajedi 12 janvye 2010 la dèske li pa t pran reskonsablite l nan mete bon jan pwogram lojman sou pye pou garanti moun gen kay ki an sekirite pou yo rete, nan amenaje tèritwa a pou konnen ki kote pou moun plante, ki kote pou yo fè kay, wout eksetera ; nan mete kontwòl sou fason konstriksyon ap fèt nan peyi a. Fasa tout pwoblèm sa yo ki poze nan zafè kay, sosyete ayisyèn nan pa ka rete bra kwaze. Nou dwe batay pou mete kanpe yon plan altènativ k ap pèmèt nou konstwi peyi a sou yon lòt baz, kote dwa lojman an garanti pou tout moun.Se pou tout rezon sa yo ki fè, FRAKKA (Fòs Refleksyon ak Aksyon sou Koze Kay) òganize kòlòk sa a a nan Pòtoprens, 19, 20 ak 21 me, men nan men ak plizyè lòt òganizasyon k ap goumen kont ekspilyon fòse, ak pou moun jwenn bon jan kay pou yo rete. Brase lide sa a ap fèt ak moun ki te viktim tranbleman tè a nan kapital la ak an pwovens, ak moun ki sansib pou sitiyasyon moun ki deplase yo, ak zanmi lòt peyi ki solidè ak kòz pèp ayisyen an. Kòlòk sa a dwe ede nou jwenn bon jan estrateji pou batay pou dwa lojman an tounen yon reyalite nan peyi Dayiti. Nan kolòk sa a, nou vle : • Analize divès aspè ki genyen nan fason pwoblèm lojman an poze jounen jodi a nan peyi Dayiti ak nan lemond ;• Fè yon analiz kritik sou sa yo rele « Plan Rekonstriksyon pou Ayiti a », sa plan sa a prevwa pou pwoblèm lojman an ;• Reflechi sou rapò ki genyen ant pwoblèm lojman ak vyolasyon dwa moun, espesyalman dwa fanm yo;• Ranmase esperyans ak temwayaj sou kijan moun nan kan yo ap viv pwoblèm lojman an jounen jodi a;• Ranmase eksperyans, gany ak pwopozisyon òganizasyon etranje ak ayisyen yo fè nan batay pou jwenn bon jan kay ak tè pou bati kay ;• Defini gran lide ki dwe gide yon pledwaye pou Leta mete kanpe yon plan nasyonal lojman pou tout peyi a (nan lavil ak nan milye riral) ;• Defini estrateji ak aksyon pou fòse dirijan yo prepare plan sa a epi garanti moun ki pi pòv yo jwenn bon jan kay pou yo rete.
« An n leve kanpe pou Leta garanti dwa pou nou jwenn bon jan kay pou nou rete ! »
Non òganizasyon ki pote kole pou reyalize kòlòk la:FRAKKA, Batay Ouvriye(B.O), Komite Relèvman Divivye(KRD), POHDH, PAPDA, GARR, CHANDEL, AVS, GREAAL, OFEDA, FIDES, SOFA, Bri Kouri
Pou Kolektif la,Sanon Reyneld,FRAKKA

No Comments

Post a Comment